Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jezi vivan!

Jezi vivan!

Chapit 128

Jezi vivan!

LÈ MEDAM yo jwenn kavo Jezi a vid, Mari, moun Magdala, kouri al di Pyè ak Jan sa. Men, sanble lòt medam yo rete bò kavo a. Tousuit, gen yon zanj ki parèt e li di yo yo mèt antre.

Lè medam yo antre, yo wè yon lòt zanj. Youn nan zanj yo di: “Nou pa bezwen pè, paske mwen konnen se Jezi yo te kloure sou poto a n ap chèche. Li pa isit la, paske li leve sot nan lanmò, jan l te di a. Vin wè kote yo te depoze l la. Epi, fè vit al di disip li yo li leve sot nan lanmò.” Donk, medam sa yo kouri ale tou. Yo te pè, men yo te kontan anpil.

Pandan tan sa a, Mari jwenn Pyè ak Jan, li di yo: “Yo retire Seyè a nan kavo a, e nou pa konn kote yo mete l.” Menm lè a, de apot yo kouri y ale. Jan kouri pi vit, sandout paske l pi jèn, e li rive bò kavo a anvan. Pandan tan sa a, medam yo gentan ale, se sa k fè pa gen pèsonn la. Jan panche pou l byen gad anndan kavo a, e li wè twal ki te vlope kò Jezi a, men li ret deyò.

Lè Pyè rive, li antre anndan an san ezite. Li wè twal yo te vlope kò Jezi a depoze yon kote, e li wè twal yo te vlope tèt Jezi a tou. Li vlope yon kote apa. Kounye a, Jan antre nan kavo a tou, e lè sa a li kwè sa Mari te di a. Men, ni Pyè ni Jan pa rive konprann Jezi leve, menm lè li te toujou di yo li gen pou l leve. Yo toule de yon jan bwouye, yo retounen lakay yo. Men, Mari, ki te retounen nan kavo a, rete la.

Pandan tan sa a, lòt medam yo ap prese pou y al di disip yo Jezi resisite, jan zanj yo te ba yo lòd fè sa. Pandan y ap kouri byen vit, Jezi rankontre avèk yo, li di: “Bonjou!” Medam yo lage kò yo nan pye l, e yo rann li omaj. Apre sa, Jezi di: “Nou pa bezwen pè! Al pot nouvèl la bay frè m yo pou yo ka al Galile. Se la y ap wè m.”

Yon ti tan anvan sa, lè tranblemanntè a te fèt epi zanj yo te parèt la, sòlda ki t ap fè pòs yo te sezi, yo te vin tankou moun ki mouri. Kou yo reprann yo, y al nan vil la tousuit, e yo rakonte prèt an chèf yo sa k te rive a. Apre prèt an chèf yo fin pale ak “ansyen” pami Juif yo, yo pran desizyon pou yo eseye kache sa k rive a, konsa yo bay sòlda yo kòb pou yo pa pale. Yo ba yo lòd, yo di yo: “Men sa pou nou di: ‘Pandan nou t ap dòmi, disip li yo vini nan nuit lan, yo vòlè kò a.’”

Piske pinisyon sòlda women yo ka resevwa poutèt y ap dòmi sou pòs yo se lanmò, men pwomès prèt yo fè: “Si pawòl sa a rive nan zòrèy gouvènè a, [sètadi si y al di nou t ap dòmi,] n a konvenk li pou l pa ban nou pwoblèm.” Etandone yo te bay sòlda yo yon bon ti kòb pou yo pa pale, yo fè sa yo te ba yo lòd pou yo fè a. Sa vin lakòz manti ki fè kwè yo vòlè kò Jezi a vin gaye nèt nan mitan Juif yo.

Mari, moun Magdala, ret pa deyò kavo a. Tristès anvayi l. L ap mande tèt li ki kote Jezi dwe ye. Li panche pou l gade anndan kavo a, li wè de zanj abiye an blan ki parèt ankò. Youn chita kote tèt Jezi te ye a e lòt la kote pye l te ye a. Yo di Mari: “Madanm, poukisa w ap kriye?”

Mari reponn: “Yo retire Seyè m nan, e mwen pa konnen kote yo mete l.” Apre sa, li vire e li wè yon moun ki poze l menm kesyon an. Moun nan di: “Madanm, poukisa w ap kriye?” Epi li mande l: “Kiyès w ap chèche?”

Mari panse se moun ki konn pran swen jaden kote kavo a ye a k ap pale avè l, li di moun nan: “Mesye, si se ou ki retire l, di m ki kote w mete l, m a al pran l.”

Moun nan di: “Mari!” E menm kote a, Mari wè se Jezi, paske se konsa li abitye pale avè l. Mari di: “Rabouni!” ​(sa vle di “Anseyan!”). Li tèlman kontan, li pap! li kenbe l. Men, Jezi di: “Sispann kenbe m. Paske, mwen poko monte kot Papa m. Men, al kot frè m yo, di yo: ‘M ap monte kot Papa m, ki Papa nou tou, kot Bondye m, ki Bondye nou tou.’”

Mari kouri al kote apot yo ak lòt disip yo rasanble a. Anplis de sa lòt medam yo deja di, li fè yo konnen li menm tou li wè Jezi ki resisite. Epoutan, mesye sa yo ki pa t kwè sa premye medam yo te di yo, sanble pa kwè Mari nonplis. Matye 28:3-15; Mak 16:5-8; Lik 24:4-12; Jan 20:2-18.

▪ Apre Mari, moun Magdala, fin jwenn kavo a vid, ki sa l fè, e ki sa k rive pandan lòt medam yo la?

▪ Ki jan Pyè ak Jan reyaji lè yo wè kavo a vid?

▪ Kiyès lòt medam yo rankontre sou wout lè yo pral fè disip yo konnen Jezi resisite?

▪ Ki sa k te rive sòlda ki t ap fè pòs yo, e ki jan prèt yo te reyaji devan sa sòlda yo te vin di yo?

▪ Ki sa k rive lè Mari, moun Magdala, ret poukont li bò kavo a, e ki jan disip yo reyaji devan sa medam yo vin di yo?