Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jezi voye 70 disip

Jezi voye 70 disip

Chapit 72

Jezi voye 70 disip

NOU ann otòn ane 32 epòk nou an, e sa fè egzakteman twazan depi Jezi batize. Pa gen twò lontan depi li menm ak disip li yo te asiste fèt Tabènak yo nan Jerizalèm, e sanble yo nan zòn nan toujou. Anfèt, Jezi pase prèske tout sis mwa ki rete nan aktivite l yo swa nan Jide swa pa lòtbò rivyè Jouden nan Pere. Tèritwa sa a bezwen pou yo preche l tou.

Se vre, apre fèt Pak ane 30 epòk nou an, Jezi te pase anviwon uit mwa ap preche nan Jide. Men, apre Juif yo te eseye touye l nan zòn sa a nan fèt Pak ane 31 epòk nou an, li te pase ennan edmi ap anseye prèske nan Galile sèlman. Pandan tan sa a, li te vin gen yon gwo òganizasyon ki gen moun li byen fòme pou preche, yon bagay li pa t gen anvan. Se poutèt sa kounye a, li lanse yon dènye gwo kanpay predikasyon nan Jide.

Jezi chwazi 70 disip e li voye yo de pa de pou l kòmanse kanpay sa a. Kidonk, gen antou 35 gwoup k al preche Wayòm nan nan tèritwa sa a. Y al devan nan chak vil ak chak kote Jezi ap gen pou l pase ansanm ak apot li yo.

Jezi pa voye 70 disip yo al nan sinagòg yo, li di yo pito pou y al lakay moun yo. Men esplikasyon li ba yo: ‘Depi nou antre nan yon kay, men premye sa pou nou di: “Nou swete kay sa a lapè!” Si gen moun nan kay la ki renmen lapè, lapè nou swete a ap rete sou li.’ Ki mesaj yo gen pou yo bay? Jezi di: “Pa sispann di yo: ‘Wayòm Bondye a vin toupre nou.’” Anrapò ak aktivite 70 disip yo, men kòmantè yon moun fè: “Menm jan ak Mèt yo, tout kote yo te pase, yo te preche kay an kay.” — Matthew Henry’s Commentary.

Enstriksyon Jezi bay 70 disip yo sanble ak sa li te bay 12 apot yo lè l te voye yo al fè yon kanpay predikasyon nan Galile, sa gen anviwon ennan. Nonsèlman li avèti 70 disip yo konsènan opozisyon y ap jwenn, pandan l ap prepare yo pou yo bay moun yo rankontre nan kay yo mesaj la, men li ba yo pouvwa pou yo geri moun malad. Konsa, lè Jezi vini yon ti tan apre, anpil moun ap anvi rankontre Mèt sa a ki gen disip ki rive fè bagay estrawòdinè sa yo.

Travay predikasyon 70 disip yo fè a ak sa Jezi fè annapre pou l kore travay sa a dire yon tan ki plizoumwen kout. Yon ti tan apre, 35 gwoup disip ki t al preche mesaj Wayòm nan kòmanse retounen vin jwenn Jezi. Se ak kè kontan yo di: “Seyè, lè nou sèvi ak non w, menm demon yo soumèt devan nou.” Asireman, yon bèl rapò konsa sou travay yo sot fè a fè Jezi plezi anpil, se poutèt sa li di: “Mwen wè Satan ki deja tonbe sot nan syèl la tankou yon zèklè. Gade! Mwen ban nou pouvwa pou nou mache sou koulèv ak eskòpyon.”

Jezi konnen y ap chase Satan ak demon l yo nan syèl la apre Wayòm Bondye a fin tabli nan tan lafen an. Men kounye a, lefètke kèk moun reyisi chase demon ki envizib, sa bay plis asirans evènman sa a ap fèt vre. Se sa k fè, pimpe yo gen pou pimpe Satan sot nan syèl la, se yon bagay k ap fèt kanmenm. Se poutèt sa se nan sans senbolik nou dwe konprann 70 disip yo resevwa pouvwa pou yo mache sou koulèv ak eskòpyon. Epoutan, Jezi di: “Pa rejwi poutèt espri yo soumèt devan nou. Rejwi pito paske non nou ekri nan syèl la.”

Jezi kontan anpil e li bay Papa l louwanj devan tout moun poutèt Li itilize sèvitè L sa yo ki enb yon fason ki pisan konsa. Li vire bò kot disip li yo, li di yo: “Byennere moun je yo ap gade bagay n ap gade yo. Paske, m ap di nou sa: Gen anpil pwofèt ak anpil wa ki te anvi wè bagay n ap gade yo, men yo pa t wè yo. Yo te anvi tande bagay n ap tande yo, men yo pa t tande yo.” Lik 10:1-24; Matye 10:1-42; Revelasyon 12:7-12.

▪ Ki kote Jezi te preche pandan twa premye ane li te pase nan travay predikasyon an, e ki tèritwa li preche nan sis dènye mwa li rete yo?

▪ Ki kote Jezi voye 70 disip yo pou yo jwenn moun?

▪ Poukisa Jezi di li wè Satan ki deja tonbe sot nan syèl la?

▪ Nan ki sans 70 disip yo gen pouvwa pou yo mache sou koulèv ak eskòpyon?