Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki sa k sal yon moun?

Ki sa k sal yon moun?

Chapit 56

Ki sa k sal yon moun?

MOUN yo vin opoze ak Jezi pi rèd toujou. Nonsèlman anpil nan disip li yo kite l, men tou gen Juif nan Jide k ap chèche touye l, menm jan yo te chèche touye l lè l te Jerizalèm nan fèt Pak ane 31 epòk nou an.

Kounye a, se fèt Pak ane 32 epòk nou an. Sanble, ann amoni ak egzijans Bondye fè pou Juif yo asiste fèt la, Jezi monte Jerizalèm nan fèt Pak la. Sepandan, li fè sa an kachèt paske lavi l an danje. Apre sa, li retounen Galile.

Petèt, se Kapènawòm Jezi ye lè kèk Farizyen ak kèk espè nan Lalwa sot Jerizalèm vin kote l. Y ap chèche mwayen pou yo akize l kòmkwa li vyole lwa relijyon yo a, yo mande l: “Poukisa disip ou yo pase tradisyon moun nan tan lontan yo anba pye? Pa egzanp, yo pa lave men yo lè yo pral manje.” Se pa yon bagay Bondye egzije, epoutan Farizyen yo konsidere se yon fot grav si yon moun pa suiv tradisyon sa a, e youn nan bagay tradisyon sa a mande, se pou yon moun lave men l rive jis nan koud.

Olye Jezi reponn Farizyen yo ak espè nan Lalwa yo sou akizasyon yo fè a, li fè yo konnen yo vyole Lwa Bondye a, epi yo aji ak mechanste e yo byen konn sa y ap fè a. Li di: “Poukisa tou nou menm nou pase kòmandman Bondye anba pye poutèt tradisyon nou genyen? Pa egzanp, Bondye di: ‘Onore papa w ak manman w’. E li di: ‘Yon moun ki joure papa l oswa manman l, se pou yo touye l.’ Men nou menm, nou di: ‘Yon moun ki di papa l oswa manman l: “Tout sa m genyen mwen ta ka ede w avèk yo, mwen vwe yo bay Bondye kòm kado”, moun sa a pa gen pou l onore papa l ditou.’”

Annefè, Farizyen yo fè konnen si yon moun vwe lajan l, byen l, oubyen nenpòt lòt bagay bay Bondye kòm kado, se pou tanp lan bagay sa yo ye e yo pa ka sèvi pou fè lòt bagay. Epoutan, an reyalite, kado ki vwe a rete nan men moun ki vwe l la. Se poutèt sa, lè yon pitit annik deklare lajan l oswa byen l “kòbàn”, ki vle di li vwe yo bay Bondye oswa bay tanp lan kòm kado, se yon fason pou l retire tèt li anba responsablite li genyen pou l ede paran l ki granmoun ki kapab nan yon sitiyasyon ki difisil anpil.

Jezi endiye poutèt Farizyen yo tòde Lwa Bondye a avèk mechanste, e li gen rezon pou sa. Se sa k fè li di yo: “Nou fè pawòl Bondye a vin san valè akoz tradisyon nou genyen. Bann ipokrit! Sa Izayi te pwofetize sou nou an byen tonbe. Li te di: ‘Se nan bouch pèp sa a onore m, men kè yo byen lwen m. Se pou granmesi yo kontinye ap adore m, paske se kòmandman lèzòm y ap anseye kòm doktrin.’”

Petèt, foul la fè bak pou pèmèt Farizyen yo poze Jezi kesyon. Kounye a, lè Farizyen yo pa ka reponn anyen pou pawòl kondanasyon Jezi di yo a, Jezi rele foul la, li di yo: “Nou tout, tande m, epi pran sans sa m pral di a: Pa gen anyen ki antre anndan yon moun ki ka sal li. Men, se bagay ki sot anndan yon moun ki sal moun nan.”

Apre sa, lè Jezi ak disip li yo antre anndan kay, yo mande l: “Èske w konnen Farizyen yo estomake lè yo tande sa w di a?”

Jezi reponn: “Tout plant Papa m ki nan syèl la pa t plante, l ap derasinen yo. Kite yo. Se yon bann gid je pete. Si yon avèg ap mennen yon lòt avèg, yo toule de ap tonbe nan twou.”

Sanble Jezi sezi lè Pyè pale nan non disip yo pou l mande l esplikasyon konsènan sa ki sal yon moun. Jezi reponn: “Èske nou menm tou nou san konprann toujou? Èske nou pa konnen tout sa ki antre nan bouch yon moun, yo pase nan vant li epi apre sa, se nan twalèt y al tonbe? Men, sa ki sot nan bouch yon moun se nan kè l yo soti, e se bagay sa yo ki sal moun nan. Pa egzanp, bagay tankou move rezònman, zak asasinay, adiltè, fònikasyon, vòl, fo temwayaj, vye pawòl, se nan kè a yo soti. Se bagay sa yo ki sal yon moun. Men, si yon moun manje san l pa lave men l, sa pap sal li.”

Lè Jezi di sa a, se pa ankouraje li vle ankouraje moun yo fè malpwòp. Se pa di l di yon moun pa bezwen lave men l anvan l prepare manje oubyen anvan l manje. Men, se kondane l ap kondane ipokrizi chèf relijye yo k ap eseye pase sou lwa jis Bondye yo lè yo ensiste pou moun suiv tradisyon ki pa baze sou Ekriti yo. Wi, se aksyon yon moun fè avèk mechanste ki sal li, e Jezi montre se nan kè moun bagay sa yo soti. Jan 7:1; Detewonòm 16:16; Matye 15:1-20; Mak 7:1-23; Egzòd 20:12; 21:17; Izayi 29:13.

▪ Ki opozisyon Jezi jwenn kounye a?

▪ Ki akizasyon Farizyen yo fè, men selon Jezi ki jan Farizyen yo byen konn sa y ap fè lè yo vyole Lwa Bondye a?

▪ Ki sa Jezi di ki sal yon moun?