Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kiyès ki papa yo?

Kiyès ki papa yo?

Chapit 69

Kiyès ki papa yo?

PANDAN fèt la, diskisyon Jezi genyen ak chèf relijye juif yo vin pi chofe toujou. Jezi di yo: “Mwen konnen nou se desandan Abraram. Men, n ap chèche touye m, paske nou pa aksepte pawòl mwen. Mwen di bagay mwen te wè lè m te avèk Papa m. E nou menm, nou fè sa nou tande papa nou di.”

Byenke Jezi pa di kiyès ki papa yo, li fè yo konnen aklè li pa gen menm papa ak yo. Kòm chèf relijye juif yo pa konnen kiyès Jezi gen nan lespri l, yo reponn: “Se Abraram ki papa nou.” Pou yo menm, yo gen menm lafwa ak Abraram ki te zanmi Bondye.

Sepandan, Jezi ba yo yon repons ki fè yo sezi. Li di yo: “Si nou se pitit Abraram, fè travay Abraram.” An reyalite, yon vrè pitit ap imite papa l. Jezi di yo: “Gade kounye a, se touye n ap chèche touye m, mwen menm ki di nou verite mwen te tande nan bouch Bondye. Abraram pa t fè sa.” Apre sa, Jezi di yo: “Se travay papa nou n ap fè.”

Malgre sa, yo toujou pa konprann de kiyès Jezi ap pale. Yo pèsiste di yo se pitit lejitim Abraram, yo di: “Nou pa t fèt nan fònikasyon.” E piske yo pretann yo se vrè adoratè Bondye menm jan ak Abraram, yo di: “Yon sèl Papa nou genyen, se Bondye.”

Men, èske se Bondye ki papa yo vre? Jezi reponn yo: “Si se Bondye ki te Papa nou, nou t ap renmen m, paske se Bondye ki voye m e ki fè m la a. Epitou, se pa mwen menm poukont mwen ki te deside vini, men se Sila a ki te voye m nan ki te deside sa. Ki sa k fè nou pa konnen sa m ap di a?”

Jezi eseye fè chèf relijye sa yo konprann sa k ap rive yo poutèt yo rejte l. Men kounye a, li di yo kareman: “Nou soti nan papa nou, Dyab la, e nou vle fè volonte l.” Ki kalite papa Dyab la ye? Jezi fè konnen li se yon asasen e li di yo: “Li se yon mantè e li se papa manti.” Alafen, Jezi di yo: “Moun ki soti nan Bondye koute pawòl Bondye. Sa k fè nou menm nou pa koute, se paske nou pa soti nan Bondye.”

Juif yo an kòlè poutèt Jezi kondane yo, yo reponn: “Èske nou pa gen rezon di: Ou se yon Samariten e ou gen yon demon sou ou?” Etandone Samariten yo se yon pèp Juif yo pa renmen, yo konn sèvi ak mo “Samariten” an pou yo montre mepri pou yon moun oswa pou yo blame l.

Jezi pa okipe pawòl meprizan yo di l pou yo joure l lè yo di l li se yon Samariten an, li reponn yo: “Mwen pa gen demon sou mwen, men m ap onore Papa m, e nou menm n ap dezonore m.” Jezi kontinye pale, li fè yon pwomès ki fè yo sezi, li di: “Si yon moun obeyi pawòl mwen, li pa gendwa janm mouri.” An reyalite, Jezi pa vle di tout moun ki suiv li pap janm mouri vre. Okontrè, li vle di moun sa yo pap janm detwi nètale, oswa yo pap sibi “dezyèm lanmò a” kote moun pap resisite.

Sepandan, Juif yo pa kapte sans pawòl Jezi a. Se sa k fè yo di: “Kounye a, nou sèten ou gen yon demon sou ou. Abraram mouri, pwofèt yo mouri tou, epi ou menm, ou di: ‘Si yon moun obeyi pawòl mwen, li pa gendwa janm mouri.’ Èske w pi enpòtan pase Abraram, papa nou, ki mouri? Epitou, pwofèt yo mouri. Ki moun ou panse w ye la a?”

Pandan tout konvèsasyon an, li klè Jezi ap eseye fè mesye yo konprann li se Mesi Bondye te pwomèt la. Sepandan, Jezi pa bay yon repons dirèk pou kesyon yo poze l pou yo konnen kiyès li ye a, men li di: “Si m ap glorifye tèt mwen, glwa m nan pa anyen. Se Papa m k ap glorifye m, li menm nou di ki se Bondye nou an, epoutan nou pa konnen l. Men mwen menm, mwen konnen l. E si m ta di mwen pa konnen l, mwen t ap vin yon mantè menm jan avèk nou.”

Apre sa, Jezi retounen pale de Abraram ki te fidèl. Li di: “Abraram, papa nou, te rejwi anpil poutèt li te gen espwa l ap wè jou m nan, e li te wè l e li te rejwi.” Wi, lafwa Abraram te genyen te pèmèt li wè davans lè Mesi Bondye te pwomèt la t ap vini. Juif yo, ki pa t vle kwè, reponn: “Ou poko menm gen senkant an, epi w te gentan wè Abraram?”

Jezi reponn: “Anverite m ap di nou sa: Anvan Abraram te egziste, mwen te la.” Natirèlman, Jezi ap pale de lavi li nan syèl la antanke yon espri pisan anvan l te vin sou tè a.

Juif yo an kòlè anpil poutèt Jezi fè konnen li te egziste anvan Abraram. Se sa k fè yo pran wòch pou yo voye dèyè l. Men, Jezi kache e li soti nan tanp lan sennesòf. Jan 8:37-59; Revelasyon 3:14; 21:8.

▪ Ki jan Jezi montre li pa gen menm papa ak ènmi l yo?

▪ Ki sa Juif yo vle di lè yo rele Jezi Samariten?

▪ Nan ki sans Jezi di moun ki suiv li yo pap janm mouri?