Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kiyès moun Jezi ye menm?

Kiyès moun Jezi ye menm?

Chapit 59

Kiyès moun Jezi ye menm?

LÈ BATO ki mennen Jezi ak disip li yo rive Betsayida, moun yo mennen yon mesye avèg ba li e yo sipliye l pou l manyen mesye a pou l ka geri. Jezi pran men mesye a, li mennen l deyò bouk la, li krache nan je l, apre sa li mande l: “Èske w wè yon bagay?”

Mesye a reponn: “Mwen wè moun, paske sa m wè yo sanble ak pyebwa, men y ap mache.” Jezi mete men l sou je mesye a, li geri l e li vin wè byen klè. Lè sa a, li voye mesye a al lakay li e li di l pou l pa antre nan vil la.

Kounye a, Jezi ak disip li yo deplase pou y al nan tout bouk ki nan zòn Sezare Filip yo, nan dènye pwent tèritwa ki nan nò Palestin. Sezare Filip se yon vil ki bèl anpil, li 350 mèt pi wo pase lanmè a. Pou yon moun monte nan zòn sa a, li bezwen vwayaje anviwon 50 kilomèt. Vwayaj la ka pran de jou.

Pandan yo sou wout, Jezi al yon kote poukont li pou l priye. Gen anviwon nèf oswa dis mwa sèlman ki rete anvan l mouri, e li enkyete pou disip li yo. Gen anpil ladan yo ki deja sispann suiv li. Gen lòt sanble ki yon jan bwouye e ki pa konn sa pou yo fè paske li te retire kò l lè moun yo t ap chèche fè l vin wa e paske li pa t dakò bay yon siy ki sot nan syèl la pou l pwouve otorite l kòm wa lè ènmi l yo te mande l fè sa. Ki moun apot Jezi yo kwè li ye? Lè disip yo vin jwenn li kote l ap priye a, li mande yo: “Kiyès foul moun yo di mwen ye?”

Yo reponn li: “Gen moun ki di ou se Jan ki te konn batize moun nan, gen lòt ki di ou se Eliya, gen lòt ankò ki di ou se Jeremi oubyen youn nan pwofèt yo.” Vrèmanvre, moun yo panse Jezi se youn nan mesye sa yo ki leve sot nan lanmò!

Jezi mande yo: “Men, e nou menm, kiyès nou di mwen ye?”

Pyè reponn tousuit, li di: “Ou se Kris la, Pitit Bondye vivan an.”

Jezi montre li dakò ak repons Pyè bay la, li di: “M ap di w sa: Ou se Pyè, e se sou mas wòch sa a m ap bati kongregasyon m nan, e pòt adès pap gen pouvwa sou li.” La a, Jezi fè konnen toudabò l ap bati yon kongregasyon e menm lanmò pap ka kenbe moun ki ladan l yo kòm prizonye apre yo fin mennen yon vi fidèl sou tè a. Apre sa, li di Pyè: “M ap ba w kle wayòm syèl la.”

Konsa, Jezi montre Pyè ap gen pou l resevwa privilèj espesyal. Se pa anlè tèt apot yo Jezi met Pyè, ni se pa sou li fondasyon kongregasyon an chita. Se Jezi ki Mas Wòch li pral bati kongregasyon l lan sou li a. Men, l ap gen pou l bay Pyè twa kle l ap ka itilize nan yon sans pou l ouvri opòtinite pou plizyè gwoup moun antre nan Wayòm syèl la.

Pyè t apral sèvi ak premye kle a nan jou Pannkòt ane 33 epòk nou an pou l montre Juif ki repanti yo sa yo dwe fè pou yo sove. Li t apral sèvi ak dezyèm nan yon ti tan apre sa pou l ouvri opòtinite pou Samariten ki gen lafwa yo antre nan Wayòm Bondye a. Apre sa, nan ane 36 epòk nou an, li t apral sèvi ak twazyèm kle a pou l ouvri menm opòtinite a pou moun ki pa Juif, sètadi ki pa sikonsi, sa gen ladan l Kònèy ak zanmi l yo.

Jezi kontinye konvèsasyon an ak apot li yo. Se yon desepsyon pou yo lè l fè yo konnen l ap gen pou l soufri e l ap gen pou l mouri talè konsa nan Jerizalèm. Pyè pa konprann Jezi ap resisite pou l al viv nan syèl la, se sa k fè li pran Jezi apa, li di l: “Pa di bagay konsa non Seyè. Sa pa gendwa janm rive w.” Men, Jezi vire do bay Pyè, li di l: “Pase dèyè m, Satan! Ou se yon obstak pou mwen, paske se pa panse Bondye ou gen nan tèt ou, men se panse lèzòm.”

Sanble, apa apot yo, gen lòt moun ki ansanm ak Jezi. E kounye a li rele yo vin jwenn li e li esplike se pa yon bagay k ap fasil pou yon moun vin disip li. Li di: “Si yon moun vle vin suiv mwen, se pou l nye tèt li, se pou l pran poto soufrans li, e se pou l suiv mwen nètale. Paske, nenpòt moun ki vle sove nanm li ap pèdi l. Men, nenpòt moun ki pèdi nanm li poutèt mwen e poutèt bon nouvèl la ap sove nanm li.”

Vrèmanvre, pou disip Jezi yo montre yo diy pou yo resevwa favè li, yo dwe gen kouraj e yo dwe dispoze fè sakrifis. Men sa l di: “Paske, nenpòt moun ki wont vin disip mwen e ki wont pawòl mwen yo nan jenerasyon sa a ki pa fidèl anvè Bondye e k ap pratike peche, mwen menm Pitit lòm nan, m ap wont aksepte moun sa a tou lè m rive nan glwa Papa m avèk zanj ki sen yo.” Mak 8:22-38; Matye 16:13-28; Lik 9:18-27.

▪ Poukisa Jezi enkyete pou disip li yo?

▪ Kiyès moun yo di Jezi ye?

▪ Ki kle yo bay Pyè, e ki sa l dwe fè avèk yo?

▪ Ki reprimann Pyè resevwa, e poukisa?