Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kokenn lafwa yon ofisye genyen

Kokenn lafwa yon ofisye genyen

Chapit 36

Kokenn lafwa yon ofisye genyen

LÈ Jezi bay Sèmon sou montay la, li gentan prèske fin fè mwatye nan aktivite l. Sa vle di li rete apeprè ennan nèf mwa sèlman pou l fini ak travay li gen pou l fè sou tè a.

Kounye a, Jezi antre Kapènawòm, yon vil kote l konn òganize aktivite l. Kèk ansyen pami Juif yo vin kot Jezi pou yo mande l yon bagay. Moun ki voye yo a se yon ofisye nan lame women an, yon moun ki pa fè pati nasyon juif la.

Ofisye a gen yon sèvitè li renmen anpil ki prèske mouri anba yon maladi grav, e li ta renmen Jezi geri sèvitè l la. Juif yo sipliye Jezi ak tout kè yo pou l ede ofisye a. Yo di l: “Misye merite pou w fè sa pou li. Paske, li renmen nasyon nou an, e se li menm ki bati sinagòg la pou nou.”

San ezite, Jezi ale ak mesye yo. Men, lè yo prèske rive, ofisye a voye kèk zanmi l vin di Jezi: “Mesye, ou pa bezwen deranje w, paske mwen pa diy pou w antre lakay mwen. Se poutèt sa, mwen pa t panse m diy pou se mwen ki vin kote w.”

Pou yon ofisye ki gen abitid bay moun lòd, pawòl sa yo vrèman demontre imilite! Men, sanble tou li pa t vle Jezi gen pwoblèm, paske l vin sonje gen yon koutim ki entèdi yon Juif pran kontak ak moun ki pa Juif. Menm Pyè te di annapre: “Nou konnen trè byen yon Juif pa gen dwa frekante yon moun lòt nasyon, ni l pa gen dwa pale avè l.”

Petèt ofisye a pa ta renmen Jezi gen pwoblèm poutèt li vyole koutim sa a, se sa k fè li voye kèk zanmi l al mande Jezi: “Annik di yon pawòl, e sèvitè m nan ap geri. Paske, mwen menm tou, mwen anba otorite lòt moun, e mwen gen sòlda souzòd mwen. Lè mwen di youn: ‘Ale!’, li ale. Lè mwen di yon lòt: ‘Vin isit!’, li vini. Lè mwen di esklav mwen: ‘Fè sa!’, li fè l.”

Ebyen, lè Jezi tande sa, li sezi. Li di: “M ap di nou laverite: Mwen pa jwenn pèsonn ann Izrayèl ki gen yon gwo lafwa konsa.” Apre Jezi fin geri sèvitè ofisye a, li pwofite okazyon an pou l fè konnen jan moun ki pa Juif ki gen lafwa yo ap jwenn benediksyon Juif ki pa gen lafwa yo rejte yo.

Apre sa, Jezi di: “Anpil moun ap soti nan zòn lès ak nan zòn lwès, y ap vin chita sou tab ansanm ak Abraram ak Izarak ak Jakòb nan wayòm syèl la, tandiske yo pral jete pitit wayòm yo nan fènwa ki gen deyò a. Se la yo pral kriye e yo pral manje dan.”

“Pitit wayòm yo” Jezi di ‘yo pral jete nan fènwa ki gen deyò a’ se Juif natif natal yo, se yo menm an premye ki jwenn opòtinite pou yo dirije avèk Kris e yo pa aksepte. Abraram, Izarak ak Jakòb reprezante dispozisyon Bondye pran anrapò ak Wayòm li an. Konsa, Jezi fè konnen ki jan moun lòt nasyon ap gen posiblite pou yo chita sou tab nan syèl la, sètadi “nan wayòm syèl la”. Lik 7:1-10; Matye 8:5-13; Travay 10:28.

▪ Poukisa Juif yo sipliye Jezi pou yon ofisye ki moun lòt nasyon?

▪ Ki rezon ki gendwa fè ofisye a pa envite Jezi antre lakay li?

▪ Ki sa dènye pawòl Jezi di yo vle di?