Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kris antre Jerizalèm tankou moun ki pot laviktwa

Kris antre Jerizalèm tankou moun ki pot laviktwa

Chapit 102

Kris antre Jerizalèm tankou moun ki pot laviktwa

NAN demen maten, sètadi dimanch 9 Nizan, Jezi kite Betani ansanm ak disip li yo, li pran direksyon mòn Oliv pou l al Jerizalèm. Nan yon ti tan, yo rive toupre Betfaje, yon lokalite ki sou mòn Oliv. Jezi bay de nan disip li yo enstriksyon. Li di yo:

“Al nan bouk k ap gade nou la a. Kou nou rive, n ap jwenn yon manman bourik ki mare e ki gen yon ti bourik avè l. Demare yo, mennen yo ban mwen. Si yon moun di nou yon bagay, di l: ‘Seyè a bezwen yo.’ Lè sa a, l ap voye yo tousuit.”

Byenke okòmansman disip yo pa t rive konprann enstriksyon sa yo gen rapò ak reyalizasyon pwofesi ki nan Bib la, annapre yo vin konprann sa. Pwofèt Zekarya te predi Wa Bondye pwomèt la t ap monte sou yon bourik pou l antre Jerizalèm, wi “sou yon bourik ki fin grandi, pitit yon manman bourik”. Menm jan an tou, se sou pitit yon manman bourik Salomon te monte lè l t apral bay vide luil sou tèt li pou l vin wa.

Lè disip yo antre Betfaje e yo pran ti bourik la ak manman l, gen kèk nan moun ki te kanpe la yo ki di: “Sa n ap fè la a?” Men, lè yo di se pou Seyè a y ap pran bèt yo, mesye yo kite disip yo mennen yo bay Jezi. Disip yo depoze rad yo sou do manman bourik la ak sou do pitit li a, men Jezi monte sou ti bourik la.

Toutpandan Jezi pral Jerizalèm, foul moun yo ap vin pi plis. Pifò nan moun yo ouvè rad yo atè sou wout la pandan gen lòt ki t ap koupe branch bwa pou yo gaye sou wout la. Yo t ap di byen fò: “Benediksyon pou Sila a ki vini antanke Wa nan non Jewova! Lapè nan syèl la, e glwa pou Sila a ki nan zòn ki pi wo yo!”

Gen kèk Farizyen ki nan foul la ki vekse poutèt moun yo ap di bagay sa yo epi y al plenyen bay Jezi, yo di: “Anseyan, fè disip ou yo pe non!” Men, Jezi reponn: “M ap di nou sa: Si yo pa pale, se wòch yo ki va pran pale byen fò.”

Pandan Jezi ap pwoche toupre Jerizalèm, li gade vil la e li kòmanse kriye pou li, li di: “Wi, si ou menm, jodi a, ou te konprann bagay ki t ap fè w jwenn lapè yo..., men kounye a, yo kache. Ou pa ka wè yo.” Lefètke Jerizalèm chwazi dezobeyi, li dwe peye pou sa, jan Jezi anonse sa. Men sa l di:

“Ènmi w yo [Women yo ki souzòd jeneral Titis] va fè yon lantouray byen wo avèk gòl pwenti toutotou w, yo va ansèkle w, y ap kwense w toupatou, y ap lage w atè ansanm ak pitit ou yo ki nan mitan w yo, e pa gen yon wòch nan ou k ap ret sou yon lòt wòch.” Destriksyon sa a Jezi anonse a, destriksyon Jerizalèm, rive 37 an annapre, nan ane 70 epòk nou an.

Kèk semèn anvan sa, anpil moun nan foul la te wè Jezi resisite Laza. E moun sa yo kontinye rakonte lòt moun mirak sa a. Se sa k fè, lè Jezi antre Jerizalèm, tout vil la chofe. Moun yo vle konnen “ki moun sa a”. Epi foul moun yo pa sispann di: “Se Jezi, pwofèt ki te gen pou vini an, moun Nazarèt ki nan Galile a!” Lè Farizyen yo wè sa k ap pase a, yo tonbe plenyen lè yo rann yo kont yo pa rive fè anyen. Se poutèt sa yo di: “Lemonnantye suiv li.”

Jezi ale nan tanp lan pou l anseye moun yo, jan l abitye fè lè l ap vizite Jerizalèm. Pandan l nan tanp lan, gen avèg ak moun ki enfim nan pye ki vin jwenn li, e li geri yo. Lè prèt an chèf yo ak espè nan Lalwa yo wè bèl bagay Jezi ap fè yo e lè yo tande tigason yo k ap di byen fò nan tanp lan: “N ap priye w, sove Pitit David la!”, yo vin fache. Yo di: “Ou tande sa y ap di?”

Jezi di yo: “Wi. Nou pa t janm li pawòl ki di: ‘Se nan bouch timoun piti ak tibebe ki nan tete ou fè louwanj soti pou ou’?”

Jezi kontinye anseye, e pandan l anndan tanp lan li gade toutotou l. Tan an pase byen vit e li fin ta. Se poutèt sa li ale ansanm ak 12 apot yo, e li retounen Betani ki nan yon distans anviwon twa kilomèt. Se la li pase nuit dimanch lan, sandout lakay zanmi l lan, Laza. Matye 21:1-11, 14-17; Mak 11:1-11; Lik 19:29-44; Jan 12:12-19; Zekarya 9:9.

▪ Ki lè Jezi antre Jerizalèm tankou Wa e ki jan l fè sa?

▪ Ki enpòtans sa genyen lefètke foul moun yo bay Jezi louwanj?

▪ Ki jan Jezi santi l lè l gade Jerizalèm, e ki pwofesi li bay?

▪ Ki sa k rive lè Jezi al nan tanp lan?