Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Lè Pitit lòm nan parèt aklè

Lè Pitit lòm nan parèt aklè

Chapit 93

Lè Pitit lòm nan parèt aklè

PANDAN Jezi toujou nan nò (swa nan Samari swa nan Galile), Farizyen yo poze l kesyon sou fason Wayòm nan ap vini. Yo kwè l ap vini avèk estravagans ak gwo seremoni, men Jezi di: “Wayòm Bondye a pap vini yon fason pou tout moun wè l, ni moun pap di: ‘Men l isit la!’ oswa: ‘Men l la a!’ Paske, gade! wayòm Bondye a nan mitan nou la a.”

Jezi sèvi ak yon ekspresyon ki vle di “nan mitan nou la a”. Pafwa, pou yo tradui ekspresyon sa a, yo konn itilize ekspresyon “anndan nou”. Se poutèt sa gen kèk moun ki panse Wayòm Bondye a se nan kè sèvitè Bondye yo li ye. Sepandan, li klè Wayòm Bondye a pa nan kè Farizyen enkredil sa yo Jezi ap pale avèk yo a. Epoutan, Wayòm nan nan mitan yo, piske Jezi Kris, Wa Bondye chwazi pou dirije Wayòm Li an, pami yo la a.

Genlè se apre Farizyen yo fin ale Jezi kontinye pale ak disip li yo konsènan fason Wayòm nan ap vini. Li sitou panse ak prezans li alavni antanke Wa nan Wayòm nan lè l di: “Moun pral di nou: ‘Men l isit la!’ oswa: ‘Men l la a!’ Pa soti al gade, pa kouri dèyè [fo mesi sa yo]. Paske, menm jan lè yon zèklè flache, li klere sot nan yon pati nan syèl la rive nan yon lòt, se konsa Pitit lòm nan ap ye.” Konsa, Jezi montre menm jan moun ki ret byen lwen ka wè zèklè ki flache, se konsa prèv ki montre prezans li antanke Wa nan Wayòm nan ap parèt byen klè pou tout moun ki ta renmen wè prèv sa yo.

Apre sa, Jezi fè konparezon ak sa k te pase nan tan lontan pou montre ki jan moun yo ap konpòte yo diran prezans li. Men ki jan li esplike sa: “Anplis de sa, menm jan sa te ye nan epòk Noye a, se konsa tou sa ap ye nan jou Pitit lòm nan [...]. Se menm bagay la tou ki te rive nan epòk Lòt la: moun yo t ap manje, yo t ap bwè, yo t ap achte, yo t ap vann, yo t ap plante, yo t ap bati. Men, jou Lòt te kite Sodòm, dife ak souf sot nan syèl la tonbe sou yo tankou lapli, e yo detwi yo tout. Se konsa sa ap ye jou Pitit lòm nan gen pou l parèt aklè a.”

Jezi pa vle di moun nan epòk Noye a ak moun nan epòk Lòt la te detwi senpleman paske yo t ap mennen aktivite nòmal, tankou manje, bwè, achte, vann, plante ak bati. Noye ak Lòt ak fanmi yo te konn fè bagay sa yo tou. Men, lòt moun yo te konn mennen aktivite sa yo chak jou san yo pa t enterese fè volonte Bondye, e se pou rezon sa a yo te detwi. Se pou menm rezon sa a tou, moun yo ap detwi lè Kris ap parèt aklè pandan gwo tribilasyon ki pral frape sistèm sa a.

Pou Jezi atire atansyon sou enpòtans sa genyen pou moun reyaji byen vit devan prèv k ap montre prezans li antanke Wa nan Wayòm nan, men sa l di: “Jou sa a, se pou moun ki sou tèt kay la pa desann anndan kay la pou l al pran afè l. Menm jan an tou, se pou moun ki nan jaden pa retounen vin pran bagay li gen dèyè. Sonje madan Lòt.”

Lè prèv prezans Kris parèt, moun yo pa ta dwe kite atachman yo gen pou bagay materyèl yo posede anpeche yo aji vit. Pandan madan Lòt ap kite Sodòm, sanble li te vire gade, paske l te regrèt bagay li kite dèyè yo, e li te tounen yon estati sèl.

Jezi kontinye pale sou sitiyasyon ki t ap egziste pandan prezans li. Men sa l di disip li yo: “Nan nuit sa a, de moun ap nan yon kabann, y ap pran youn, y ap kite lòt la. Ap gen de fi k ap moulen nan menm moulen an, y ap pran youn, y ap kite lòt la.”

Lè yo di y ap pran an se tankou lè Noye te antre ak fanmi l nan lach la e ak lè zanj yo te pran Lòt ak fanmi l pou fè yo kite vil Sodòm. Sa vle di moun nan ap jwenn delivrans. Yon lòt bò, lè yo di y ap kite a, sa vle di moun nan ap detwi.

Nan moman sa a, disip yo di: “Seyè, ki kote sa ap fèt?”

Jezi reponn: “Kote kò a ye, se la èg yo ap rasanble tou.” Moun y ap “pran” pou yo ka chape yo tankou èg ki wè lwen paske y al rasanble kote “kò a” ye a. Kò a gen rapò ak vrè Kris la antanke Wa nan Wayòm nan pandan prezans li ki envizib e li gen rapò ak festen espirityèl Jewova ofri a. Lik 17:20-37; Jenèz 19:26.

▪ Nan ki sans Wayòm nan te nan mitan Farizyen yo?

▪ Nan ki sans prezans Kris la tankou zèklè?

▪ Poukisa gen moun k ap detwi akoz aksyon yo pandan prezans Kris la?

▪ Nan ki sans y ap pran yon moun oswa y ap kite l?