Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Lòt mirak Jezi fè Kapènawòm

Lòt mirak Jezi fè Kapènawòm

Chapit 23

Lòt mirak Jezi fè Kapènawòm

JOU saba apre Jezi fin envite kat premye disip li yo, Pyè, Andre, Jak ak Jan, vin suiv li, yo tout ale nan yon sinagòg ki nan Kapènawòm. Lè yo rive, Jezi kòmanse anseye moun yo, yo ret bouch ouvè devan fason l anseye, paske li pa anseye yo tankou espè nan Lalwa yo, men li anseye yo avèk otorite.

Jou saba sa a, gen yon mesye ki gen demon sou li ki la. Apre yon ti moman, mesye a di byen fò: “Ki rapò nou gen avè w, Jezi, moun Nazarèt? Èske w vini pou w detwi nou? Mwen konnen trè byen kiyès ou ye, se ou menm ki Sen an, se ou menm Bondye voye a.”

Anfèt, demon ki sou mesye a se youn nan zanj Satan yo li ye. Jezi pase demon an lòd, li di l: “Pe bouch ou. Sot sou mesye a!”

Lè sa a, demon an fè mesye a tonbe kriz, li rele ak tout fòs li. Men, li sot sou mesye a san l pa fè l anyen. Tout moun sezi, yo di: “Ki koze sa a? [...] Li pase menm movèzespri lòd avèk otorite, e yo obeyi l.” Nouvèl la gaye nan tout zòn nan.

Apre sa, Jezi ak disip li yo kite sinagòg la, y al lakay Simon ki rele Pyè tou. Nan kay la, gen bèlmè Pyè ki malad anpil, li gen yon gwo lafyèv sou li. Yo sipliye Jezi, yo di l: ‘Tanpri, fè yon bagay pou li.’ Konsa, Jezi al bò kote l, li pran men l e li fè l leve. Menm lè a, li geri e li kòmanse prepare manje pou yo!

Nan pita, lè solèy fin kouche, moun tout kote kòmanse mennen moun pa yo ki malad lakay Pyè. Nan yon ti moman, tout vil la vin rasanble devan pòt kay la! Jezi geri tout moun ki malad yo, kèlkeswa maladi yo genyen. Li menm libere moun ki gen demon sou yo. Lè demon li chase yo ap soti sou moun yo, yo di byen fò: “Ou se Pitit Bondye a.” Men, Jezi pase yo lòd, li pa kite yo pale, paske yo konnen li se Kris la. Mak 1:21-34; Lik 4:31-41; Matye 8:14-17.

▪ Ki sa k rive nan sinagòg la nan jou saba apre Jezi te envite kat nan disip li yo pou yo suiv li?

▪ Ki kote Jezi ale lè l kite sinagòg la, e ki mirak li fè lè l rive la?

▪ Ki sa k rive menm jou swa sa a?