Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

L al Jerizalèm an kachèt

L al Jerizalèm an kachèt

Chapit 65

L al Jerizalèm an kachèt

NOU ann otòn ane 32 epòk nou an, fèt Tabènak yo toupre rive. Jezi plis konsantre aktivite l yo nan Galile depi fèt Pak ane 31 epòk nou an, lè Juif yo te eseye touye l la. Sanble, depi lè sa a, sèl lè Jezi al Jerizalèm se lè l pral asiste twa fèt Juif yo te konn fete chak ane yo.

Kounye a, frè Jezi yo ba l konsèy, yo di l: “Kite isit la pou w al Jide.” Jerizalèm se prensipal vil nan Jide e se sant aktivite relijye pou tout peyi a. Men rezònman frè l yo fè: “Pèsonn pap fè anyen an kachèt si l ap chèche fè moun konnen l.”

Byenke Jak, Simon, Jozèf ak Jida pa kwè gran frè yo, Jezi, se Mesi a vre, yo ta renmen Jezi montre tout moun ki nan fèt la pouvwa li genyen pou l fè mirak. Men, Jezi byen konnen danje sa ka reprezante pou li. Li di: “Monn nan pa gen okenn rezon pou l rayi nou, men li rayi m, paske mwen bay temwayaj sou li, mwen fè konnen sa l ap fè yo pa bon.” Se sa k fè Jezi di frè l yo: “Nou mèt monte nan fèt la. Mwen menm mwen poko ap monte.”

Fèt Tabènak yo se yon fèt ki dire sèt jou. Tout aktivite ki gen rapò ak fèt la fini sou uityèm jou a. Se fèt sa a ki mete fen nan travay latè pou ane a, se yon moman ki bay anpil kè kontan e kote moun yo ap di Bondye mèsi. Plizyè jou apre frè Jezi yo deplase pou y al asiste fèt la ansanm ak pifò moun ki fè vwayaj la, Jezi ak disip li yo al nan fèt la an kachèt, yo pa kite moun wè yo. Yo pase nan wout ki travèse Samari a olye yo fè wout ki toupre rivyè Jouden an, kote pifò moun pase.

Piske Jezi ak moun ki avè l yo ap bezwen fè yon ti rete nan yon bouk ki nan Samari, li voye kèk mesaje devan pou y al fè preparasyon. Men, moun yo pa vle fè anyen pou Jezi lè yo aprann se Jerizalèm li prale. Kòm Jak ak Jan santi yo endiye, yo di: “Seyè, èske w vle nou mande pou dife sot nan syèl la tonbe sou yo pou detwi yo?” Jezi pale byen sevè ak yo poutèt yo di yon bagay konsa, apre sa, y al nan yon lòt bouk.

Pandan yo nan wout la, gen yon espè nan Lalwa ki di Jezi: “Anseyan, m ap suiv ou kèlkeswa kote w ale.”

Jezi reponn: “Rena yo gen twou yo, e zwazo nan syèl la gen kote pou yo jouke, men Pitit lòm nan li menm pa gen kote pou l poze tèt li.” Jezi fè espè nan Lalwa a konnen l ap jwenn difikilte si l vin disip Li. E pawòl Jezi yo sanble montre espè nan Lalwa a twò fyè pou l aksepte mennen yon vi konsa.

Jezi di yon lòt mesye: “Suiv mwen.”

Mesye a reponn: “Kite m al antere papa m anvan.”

Apre sa, Jezi di l: “Kite mò yo antere mò yo, men ou menm, al pwoklame wayòm Bondye a.” Sanble, papa mesye a potko menm mouri, paske si l te mouri li t ap difisil pou l ta la ap koute Jezi. Sanble, mesye a ap mande pou Jezi ba l tan pou l tann papa l mouri. Li pa pare pou l mete Wayòm Bondye a an premye nan lavi l.

Pandan yo sou wout pou y al Jerizalèm, gen yon lòt mesye ki di Jezi: “M ap suiv ou Seyè, men anvan sa, kite m al di moun lakay mwen orevwa.”

Jezi reponn, li di: “Pa gen yon moun ki mete men l nan yon chari e ki gad dèyè ki fèt pou wayòm Bondye a.” Moun k ap vin disip Jezi yo dwe fikse je yo sou travay Wayòm nan. Menm jan yon siyon ka vin kwochi si moun k ap laboure a pa kontinye gade dwat devan l, se konsa tou yon moun ki gade dèyè nan sistèm sa a ki la depi lontan an ka kite wout ki mennen nan lavi ki pap janm fini an byen fasil. Jan 7:2-10; Lik 9:51-62; Matye 8:19-22.

▪ Ki jan frè Jezi yo rele, e ki jan yo konsidere Jezi?

▪ Poukisa Samariten yo aji di konsa a, e ki sa Jak ak Jan vle fè?

▪ Site twa konvèsasyon Jezi fè sou wout la, e ki jan li ensiste sou nesesite pou yon moun fè sakrifis pou l sèvi Bondye?