Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

L al chèche sa ki pèdi a

L al chèche sa ki pèdi a

Chapit 85

L al chèche sa ki pèdi a

JEZI vrèman ap chèche jwenn moun ki dispoze sèvi Bondye avèk imilite yo. Se poutèt sa li chèche pale ak tout moun konsènan Wayòm nan, san wete moun tout moun konnen k ap pratike peche. Kounye a, moun sa yo pwoche bò kote l pou yo koute l.

Lè Farizyen yo ak espè nan Lalwa yo wè sa, yo kritike Jezi poutèt l ap frekante moun yo konsidere ki pa diy. Y ap di anba anba: “Mesye sa a byen akeyi yon bann moun k ap pratike peche e l ap manje avèk yo.” Yo menm yo pa t ap janm rabese tèt yo pou yo fè yon bagay konsa! Farizyen yo ak espè nan Lalwa yo trete moun ki nan pèp la tankou pousyè anba pye yo. Anfèt, lè y ap pale de moun sa yo, yo sèvi ak mo ebre ‛am ha’arèts la, ki vle di “moun ki nan mas pèp la”, pou montre jan yo meprize moun sa yo.

Yon lòt bò, Jezi trete tout moun ak diyite, ak bonte e avèk konpasyon. Se sa k fè anpil nan moun ki ba sa yo, san wete moun yo byen konnen k ap pratike sa ki mal, chofe pou yo koute l. Men, ki sa nou dwe panse de Farizyen yo k ap kritike Jezi pou efò l ap fè pou l ede moun yo konsidere kòm moun ki pa diy yo?

Jezi sèvi ak yon egzanp pou l reponn moun k ap kritike l yo. Li ale nan menm sans ak Farizyen yo, kòmkwa yo jis e yo an sekirite bò kote Bondye, tandiske ‛am ha’arets yo ki meprizab se moun ki pèdi wout yo. Koute sa Jezi di:

“Mesye, kiyès pami nou, si l gen san mouton, epi li pèdi youn ladan yo, ki pap kite katreven diznèf lòt yo dèyè nan dezè a pou l al chèche sa k pèdi a jiskaske li jwenn li? E lè l jwenn li, l ap mete l sou zepòl li e kè l ap kontan. Lè l rive lakay li, l ap rele zanmi l ak vwazen l, l ap di yo: ‘Vin rejwi avè m, paske mwen jwenn mouton m nan ki te pèdi a.’”

Men konklizyon Jezi tire apre sa nan istwa li rakonte a: “M ap di nou sa: Ap gen plis kè kontan nan syèl la pou yon sèl pechè ki repanti pase pou katreven diznèf moun ki jis ki pa bezwen repanti.”

Farizyen yo panse yo jis e yo pa bezwen repanti. Lè kèk nan yo te kritike Jezi dezan anvan sa poutèt li te manje ak pèseptè ak moun k ap pratike peche, li te di yo: “Mwen pa vin rele moun ki jis, men mwen vin rele moun k ap pratike peche.” Farizyen yo, ki panse yo jis e ki pa rive wè yo bezwen repanti, pa fè gen kè kontan nan syèl la. Men, moun k ap pratike peche, ki repanti toutbon yo fè gen kè kontan nan syèl la.

Pou Jezi montre pi byen toujou gen gwo kè kontan lè moun ki konn pratike peche e ki pèdi yo retounen, li bay yon lòt egzanp. Li di: “Ki fi, si l gen dis drak, epi li pèdi youn ladan yo, ki pap limen yon lanp, e ki pap bale kay li pou l chèche drak la byen chèche jiskaske li jwenn li? Lè l jwenn li, l ap rele zanmi l ak vwazin li, l ap di yo: ‘Rejwi avè m, paske mwen jwenn drak mwen te pèdi a.’”

Apre sa, Jezi tire menm konklizyon an, li di: “Donk, m ap di nou sa: zanj Bondye yo kontan anpil lè gen yon pechè ki repanti.”

Sousi plen lanmou zanj Bondye yo genyen pou pechè ki te pèdi e ki retounen yo se yon bagay estrawòdinè! Sitou pou ‛am ha’arèts sa yo yo konsidere ki ba e ki meprizab, piske y ap jwenn posiblite pou yo fè pati Wayòm Bondye a ki nan syèl la. Lè sa a, y ap nan yon pozisyon ki pi wo pase pozisyon zanj yo. Men, zanj yo pa fè jalouzi ni yo pa vekse. Okontrè, yo rekonèt avèk imilite pechè sa yo reyisi fè fas ak yon seri sitiyasyon nan lavi yo ki prepare yo pou yo sèvi antanke wa e prèt ki gen konpasyon e ki gen mizèrikòd. Lik 15:1-10; Matye 9:13; 1 Korentyen 6:2, 3; Revelasyon 20:6.

▪ Poukisa Jezi frekante moun tout moun konnen k ap pratike peche, e ki sa Farizyen yo di pou kritike l?

▪ Ki jan Farizyen yo konsidere moun ki nan pèp la?

▪ Ki egzanp Jezi bay, e ki sa nou ka aprann nan egzanp sa yo?

▪ Poukisa lefètke zanj yo gen kè kontan se yon bagay estrawòdinè?