Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

L al manje lakay yon Farizyen

L al manje lakay yon Farizyen

Chapit 76

L al manje lakay yon Farizyen

APRE Jezi fin reponn moun k ap kritike l yo ki gen dout konsènan kote li jwenn pouvwa pou l geri yon mesye ki pa t ka pale, gen yon Farizyen ki envite l vin manje lakay li. Anvan Farizyen yo manje, yo toujou fè tout yon seremoni pou yo lave men yo rive jis nan koud. Yo fè sa anvan e apre yo fin manje, e yo menm fè sa ant chak pla. Byenke tradisyon sa a pa vyole lwa Bondye fè ekri a, l al pi lwen pase sa Bondye mande pou yon moun fè pou l pirifye tèt li.

Farizyen ki envite Jezi lakay li a sezi poutèt Jezi pa respekte tradisyon sa a. Byenke sanble li pa di anyen, Jezi remake sa e li di: “Nou menm Farizyen, nou pwòpte deyò koup la ak do asyèt la, men, sèl sa nou gen nan kè nou se tanta ak mechanste. Bann moun derezonab! Sila a ki fè deyò a se li ki fè anndan an tou, pa vre?”

Konsa, Jezi devwale ipokrizi Farizyen yo ki fè tout yon seremoni lè y ap lave men yo, men yo pa lave kè yo pou yo retire mechanste ki ladan l. Men konsèy li ba yo: “Se pou n fè charite ak bagay nou gen nan kè nou, e konsa tout lòt bagay yo ap vin pwòp pou nou.” Se yon kè ki gen lanmou ki ta dwe pouse yo bay, men se pa paske yo ta renmen fè moun wè yo jis, alòske yo pa jis vre.

Apre sa, Jezi di: “Malè pou nou, Farizyen, paske n ap bay yon dizyèm nan mant, nan ri ak nan tout lòt legim yo, men nou pase sou jistis ak lanmou pou Bondye! Nou te dwe fè bagay sa yo san nou pa bliye lòt bagay yo.” Lwa Bondye bay Izrayelit yo mande pou yo peye ladim, sa vle di yon dizyèm nan sa yo rekòlte nan jaden yo. Mant ak ri se ti plant oswa epis yo met nan manje pou bay gou. Farizyen yo toujou veye pou yo peye yon dizyèm menm nan epis sa yo ki pa gen anpil valè, men Jezi kondane yo paske yo meprize lwa ki pi enpòtan an ki mande pou yo demontre lanmou, pratike bonte epi mache yon fason ki modès.

Jezi kondane yo plis toujou, li di: “Malè pou nou, Farizyen, paske nou renmen plas devan nan sinagòg yo e nou renmen lè y ap salye nou sou plas piblik yo! Malè pou nou, paske nou tankou tonm sa yo moun pa menm remake, konsa moun mache sou yo san yo pa konnen!” Farizyen yo pa parèt pa pwòp. Relijyon yo a se yon relijyon fè wè, men li pa bay sa yon moun ye pa anndan an okenn valè. Se yon relijyon ki chita sou ipokrizi.

Gen youn nan moun ki konn Lwa Bondye a byen ki tande kondanasyon Jezi fè a, li di: “Anseyan, lè w di bagay sa yo, ou manke nou dega tou.”

Selon Jezi, espè nan Lalwa sa yo koupab tou, li di: “Malè pou nou tou, nou menm ki konn Lalwa byen, paske nou chaje moun yo ak chay ki difisil pou yo pote, men nou menm, nou pa touche chay la menm ak yon dwèt nou! Malè pou nou, paske nou bati tonm pou pwofèt yo, tandiske se zansèt nou yo ki te touye yo!”

Chay Jezi pale de li a se tradisyon moun yo transmèt nan bouch, men mesye sa yo ki konn lalwa pa dispoze leve menm yon ti lwa pou soulaje pèp la. Jezi fè konnen yo menm dakò ak moun ki touye pwofèt yo. E men ki avètisman li ba yo: “‘Se jenerasyon sa a k ap peye pou san tout pwofèt ki te koule depi lè monn nan te fonde, kòmanse sou san Abèl rive sou san Zekarya yo te touye ant lotèl la ak tanp lan.’ Wi, m ap di nou sa, se jenerasyon sa a k ap peye pou yo.”

Monn ki konpoze ak moun ki gen posiblite sove yo te kòmanse lè Adan ak Èv te fè pitit. Kidonk, Abèl te viv “lè monn nan te fonde”. Apre yo te fin fè touye Zekarya yon fason sovaj, gen yon lame ki te soti nan peyi Siri ki te ravaje Jida. Men, Jezi anonse jenerasyon pa l la pral sibi yon ravaj ki pi rèd lontan, paske li fè plis mechanste. Ravaj sa a fèt anviwon 38 an apre, nan ane 70 epòk nou an.

Jezi kontinye kondane yo, li di: “Malè pou nou, nou menm ki konn Lalwa byen, paske nou retire kle k ap ouvri pòt konesans lan. Nou menm nou pa antre, e moun k ap antre yo, nou anpeche yo antre!” Se responsablite espè nan Lalwa yo pou yo esplike pèp la Pawòl Bondye a e pou yo fè yo konprann sans li. Men yo pa fè sa, e yo menm anpeche pèp la jwenn posiblite pou yo konprann.

Farizyen yo ak espè nan Lalwa yo move anpil poutèt Jezi devwale yo. Lè Jezi sot nan kay la, yo kòmanse opoze avè l ak raj, e yo benyen l ak kesyon. Y ap chèche wè si l a di yon bagay pou yo ka fè arete l. Lik 11:37-54; Detewonòm 14:22; Mika 6:8; 2 Kwonik 24:20-25.

▪ Poukisa Jezi kondane Farizyen yo ak espè nan Lalwa yo?

▪ Ki chay mesye ki konn lalwa yo mete sou do pèp la?

▪ Ki lè “monn nan te fonde”?