Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

L al vizite tanp lan ankò

L al vizite tanp lan ankò

Chapit 103

L al vizite tanp lan ankò

JEZI ak disip li yo fèk pase twazyèm nuit yo nan Betani depi lè yo sot Jeriko. Kounye a, nan lendi maten 10 Nizan, kou l jou, yo deja nan wout pou y al Jerizalèm. Jezi grangou. Se sa k fè lè l wè yon pye fig frans ki gen fèy, l al ladan l pou l wè si l gen kèk fig.

Pye fig frans lan pouse fèy anvan lè, etandone sezon fig se jis an jen, e kounye a nou sèlman nan fen mwa mas. Men, sanble Jezi panse etandone pye fig la gentan gen fèy li ka gentan gen fig tou. Men, sa l te atann nan se pa sa l jwenn. Fèy yo fè pye fig la twonpe moun. Apre sa, Jezi lage malediksyon sou pye fig la, li di: “Pèsonn pa gendwa janm manje fwi ki soti nan ou ankò.” Nan demen maten, disip yo wè rezilta pawòl Jezi a ak sa l vle di.

Jezi ak disip li yo kontinye wout yo, e nan yon ti moman yo rive Jerizalèm. Li antre nan tanp lan li te enspekte lavèy nan aprèmidi. Men jodi a, Jezi aji menm jan li te fè sa sa gen twazan, lè l te vin nan fèt Pak ane 30 epòk nou an. Li mete moun k ap vann nan tanp lan ak moun k ap achte ladan l yo deyò, li chavire tab kanbis yo e li chavire ban moun k ap vann pijon yo. Li pa kite okenn moun ki gen yon bagay nan men l fè chemen dekoupe nan lakou tanp lan.

Li kondane kanbis yo ak moun k ap vann bèt nan tanp lan, li di: “Èske sa pa ekri: ‘Y ap rele kay mwen an yon kay priyè pou tout nasyon’? Men nou menm, nou fè l tounen yon gwòt vòlè.” Yo se vòlè, paske yo mande moun ki oblije achte nan men yo yon pri egzajere pou bèt yo bezwen pou yo fè sakrifis. Se sa k fè Jezi konsidere aktivite komès sa yo kòm yon mwayen pou yo dechèpiye moun oswa pou yo vòlè yo.

Lè prèt an chèf yo, espè nan Lalwa yo ak chèf yo ki t ap dirije pèp la tande sa Jezi fè a, yon lòt fwa ankò, yo chèche yon mwayen pou yo fè touye l. Konsa, yo pwouve yo pap korije. Sepandan, yo pa konn ki jan pou yo elimine Jezi, etandone tout pèp la te ret la anba bouch li ap koute l.

Apa Juif yo, gen moun lòt nasyon ki vin nan fèt Pak la tou. Moun sa yo se moun ki konvèti nan relijyon Juif yo. Kounye a, kèk Grèk sanble ki konvèti nan relijyon Juif yo pwoche kot Filip e yo mande pou yo wè Jezi. Filip al kot Andre, petèt pou l mande l si l wè li t ap bon pou moun yo rankontre Jezi. Sanble Jezi nan tanp lan toujou kote Grèk yo kapab wè avè l.

Jezi konnen se sèlman kèk jou li rete pou l viv, se sa k fè li bay yon bèl egzanp konsènan sitiyasyon l. Li di: “Lè a rive pou Pitit lòm nan jwenn glwa. Anverite m ap di nou sa: Si yon grenn ble pa tonbe nan tè a e li pa mouri, li rete yon sèl grenn. Men, si li mouri, lè sa a, l ap pwodui anpil fwi.”

Yon grenn ble pa gen anpil valè. Men, ki sa k ap pase si yo mete l nan tè epi li “mouri” e grenn nan vin pa egziste ankò? Lè sa a, l ap jèmen e rive yon lè l ap pouse, l ap vin yon pye ble k ap bay anpil grenn ble. Menm jan an tou, se sèl Jezi ki pafè sou tè a. Men, si l mouri fidèl devan Bondye, grasa li, moun ki fidèl ki dispoze fè sakrifis menm jan avè l yo ap jwenn lavi ki pap janm fini an. Se sa k fè Jezi di: “Yon moun ki atache ak nanm li ap detwi l, men yon moun ki rayi nanm li nan monn sa a ap prezève l pou lavi ki pap janm fini an.”

Li klè Jezi pap pale de tèt li sèlman, paske li di apre sa: “Si yon moun vle sèvi m, se pou l suiv mwen, e kote mwen ye, se la sèvitè m nan ap ye tou. Si yon moun vle sèvi m, Papa a ap onore l.” Ala yon bèl rekonpans moun ki suiv Jezi e ki sèvi l yo ap jwenn! Rekonpans lan se onore Papa a ap onore yo pou yo dirije nan Wayòm nan avèk Kris.

Pandan Jezi ap panse ak gwo soufrans ak lanmò terib k ap tann li, men sa l di: “Kounye a, nanm mwen boulvèse. Ki sa pou m di? Papa, sove m anba sitiyasyon sa a.” Si l te ka annik evite sa k ap tann li an! Men, sa pa posib, paske l di: “Se pou m andire sitiyasyon sa a mwen vini.” Jezi dakò ak tout dispozisyon Bondye pran, san wete lanmò li kòm sakrifis. Matye 21:12, 13, 18, 19; Mak 11:12-18; Lik 19:45-48; Jan 12:20-27.

▪ Poukisa Jezi panse l ap jwenn fig nan pye fig frans lan byenke se pa sezon yo?

▪ Poukisa Jezi rele moun k ap vann nan tanp lan “vòlè”?

▪ Nan ki sans Jezi sanble ak yon grenn ble ki mouri?

▪ Ki jan Jezi santi l devan soufrans ak lanmò k ap tann li?