Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

L ap prepare apot yo pou lè l ale

L ap prepare apot yo pou lè l ale

Chapit 116

L ap prepare apot yo pou lè l ale

JEZI ak apot li yo fin selebre Memoryal la, men yo toujou nan pyès aletaj la. Byenke Jezi prale talè konsa, li ret anpil bagay pou l di yo toujou. Pou l rekonfòte yo, li di: “Pa kite anyen boulvèse kè nou. Demontre nou gen lafwa nan Bondye.” Men, anplis de sa, li di: “Demontre nou gen lafwa nan mwen tou.”

Apre sa, Jezi di: “Lakay Papa m gen anpil plas.” Ansuit, li di: “Mwen prale pou m prepare yon plas pou nou [...], dekwa pou kote m ye se la nou ye tou. E nou konnen chemen kote m prale a.” Apot yo pa konprann se nan syèl Jezi ap di yo li prale. Se poutèt sa Toma mande: “Seyè, nou pa konn kote w prale. Kòman nou fè konn chemen an?”

Jezi reponn: “Se mwen ki chemen an, se mwen ki verite a e se mwen ki lavi a.” Wi, se sèlman lè yon moun aksepte l e li imite fason li t ap viv la, l ap ka antre lakay Papa a ki nan syèl la, paske Jezi di: “Pèsonn pap vin jwenn Papa a si l pa pase pa mwen menm.”

Filip di: “Seyè, montre nou Papa a, e sa ap ase pou nou.” Sanble Filip vle pou Jezi fè l wè yon bagay ki montre prezans Bondye, menm jan Moyiz, Eliya ak Izayi te wè sa nan vizyon nan tan lontan. Men, an reyalite, apot yo gen yon bagay ki pi bon lontan pase kalite vizyon sa yo, jan Jezi fè konn sa. Men sa l di: “Depi tout tan sa a mwen avèk nou, epoutan, Filip, ou pa rive konnen m? Moun ki wè m wè Papa a tou.”

Jezi tèlman byen reflete pèsonalite Papa l, sa fè lè yon moun viv avè l e moun sa a wè l, anfèt se kòmsi li wè Papa a menm. Epoutan, Papa a gen plis pouvwa pase Pitit la, jan Jezi rekonèt sa. Men sa l di: “Bagay mwen di nou yo, mwen pa di yo selon mwen menm.” Jezi fè konnen anrapò ak ansèyman l yo se Papa l ki nan syèl la ki gen tout merit la.

Se pa ti ankourajan sa dwe ankourajan pou apot yo tande Jezi k ap di yo kounye a: “Yon moun ki demontre li gen lafwa nan mwen, l ap fè travay m ap fè yo tou, e l ap fè travay ki pi gwo pase sa.” Jezi pa vle di disip li yo pral gen plis pouvwa pou yo fè mirak pase l. Non, men, li vle di yo pral kontinye fè travay predikasyon an pandan yon tan ki pi long, nan yon tèritwa ki pi gwo, e y ap gen pou yo preche plis moun lontan!

Jezi pap abandone disip li yo lè l fin ale. Men pwomès li fè: “Kèlkeswa sa nou mande nan non m, m ap fè l.” Ansuit, li di: “M ap mande Papa a, e l ap ban nou yon lòt èd ki pou avèk nou pou toutan. Èd sa a se lespri ki fè konn verite a.” Annapre, lè Jezi fin monte nan syèl la, li vide lespri sen, sètadi lòt èd la, sou disip li yo.

Talè konsa, Jezi prale. Men sa l di: “Nan yon tikras tan, monn nan pap wè m ankò.” Jezi ap vin yon espri okenn moun pa ka wè. Men, yon lòt fwa ankò, Jezi fè apot fidèl li yo pwomès, li di yo: “Nou menm, n ap wè m, paske m ap viv e nou pral viv.” Wi, nonsèlman Jezi ap parèt devan yo sou fòm moun apre l fin resisite, men, lè moman an rive, l ap resisite yo pou y al viv avè l nan syèl la antanke espri.

Kounye a, Jezi bay yon règ senp. Li di: “Moun ki konnen kòmandman m yo e ki obeyi yo, se li ki renmen m. E moun sa a ki renmen m nan, Papa m ap renmen l, e mwen menm m ap renmen l e m ap montre l aklè kiyès mwen ye.”

Lè sa a, apot Jida, ki rele Tade tou, pran lapawòl, li di: “Seyè, sa k fè se nou ou vle montre aklè kiyès ou ye, se pa monn nan?”

Jezi reponn: “Si yon moun renmen m, l ap obeyi pawòl mwen, Papa m ap renmen l [...]. Moun ki pa renmen m pa obeyi pawòl mwen.” Kontrèman ak disip Kris yo ki obeyisan, monn nan meprize ansèyman l yo. Se sa k fè li pa fè yo konnen l.

Pandan Jezi ap fè sèvis li sou tè a, li anseye apot li yo anpil bagay. Ki jan y ap fè sonje tout bagay sa yo, etandone jiska prezan gen anpil bagay yo pa rive konprann? Erezman, Jezi fè yo pwomès, li di yo: “Èd la, lespri sen Papa a ap voye nan non m nan, ap anseye nou tout bagay, e l ap fè nou sonje tout bagay mwen te di nou yo.”

Yon lòt fwa ankò, Jezi konsole yo, li di: “Mwen kite lapè pou nou, mwen ban nou lapè mwen genyen an. [...] Pa kite laperèz anvayi kè nou.” Se vre Jezi prale, men li di yo: “Si nou renmen m, n ap kontan dèske mwen pral jwenn Papa a, paske Papa a gen pi gwo pozisyon pase m.”

Jezi pa ret anpil tan pou l pase ak yo. Li di: “Mwen pap pale plis avèk nou ankò, paske chèf monn nan ap vini. E li pa gen pouvwa sou mwen.” Satan Ledyab, li menm ki te kapab antre nan Jida e ki te gen pouvwa sou li, se chèf monn nan. Men, pa gen okenn feblès ki kapab fè Jezi peche pou Satan ta ka jwe sou sa pou l fè l sispann sèvi Bondye.

Yo gen yon relasyon sere

Apre Memoryal la, Jezi ankouraje apot li yo, li pale franchman avèk yo. Sanble li minui pase. Se sa k fè Jezi di yo: “Leve, ann sot la a.” Men, anvan yo ale, lanmou Jezi gen pou yo pouse l kontinye pale avèk yo, li ba yo yon egzanp pou ba yo kouraj.

Li di: “Mwen se bon pye rezen an, e Papa m se kiltivatè a.” Jewova Dye, Gran Kiltivatè a, te plante pye rezen senbolik sa a lè l te fè lespri sen desann sou Jezi nan moman batèm li ann otòn ane 29 epòk nou an. Men, Jezi montre se pa li menm sèlman vrè pye rezen an reprezante, li fè konnen: “Kèlkeswa branch nan mwen ki pa bay fwi, li retire l, e kèlkeswa branch ki bay fwi, li pwòpte l pou l ka bay plis fwi. [...] Yon branch pa ka bay fwi poukont li si l pa rete nan pye rezen an. Se menm jan an tou, nou pa ka bay fwi si nou pa rete ann inyon avè m. Mwen se pye rezen an, nou se branch yo.”

Nan fèt Pannkòt la, 51 jou apre, apot yo ak lòt moun vin tounen branch pye rezen an lè lespri sen desann sou yo. Finalman, gen 144 000 moun k ap vin tounen branch pye rezen senbolik la. Yo met ansanm ak Jezi Kris ki se kò pye rezen an pou yo vin yon pye rezen senbolik k ap pwodui fwi Wayòm Bondye a.

Jezi esplike ki jan yon moun ka pwodui fwi. Li di: “Yon moun ki rete ann inyon avè m, e mwen rete ann inyon avèk li, moun sa a ap bay anpil fwi, paske san mwen menm, nou pa ka fè anyen ditou.” Men, si yon moun pa bay fwi, Jezi di: “Y ap voye l jete e l ap seche. Moun ap ranmase branch sa yo e y ap voye yo nan dife pou yo boule.” Yon lòt bò, men pwomès Jezi fè: “Si nou rete ann inyon avè m e si pawòl mwen yo rete nan kè nou, nou mèt mande sa nou vle, n ap jwenn li.”

Anplis de sa, Jezi di apot li yo: “Papa m jwenn glwa lè nou kontinye bay anpil fwi e lè nou montre nou se disip mwen.” Fwi Bondye ta renmen branch yo bay la se montre yo bezwen montre yo gen kalite Kris te genyen yo, espesyalman lanmou. Mete sou sa, etandone Kris t ap pwoklame Wayòm Bondye a, fwi Bondye ta renmen yo bay la gen ladan l tou aktivite pou yo fè disip menm jan ak Kris.

Kounye a, men ankourajman Jezi bay: “Rete nan lanmou mwen.” Men, ki jan apot li yo ka fè sa? Li di: “Si nou obeyi kòmandman m yo, n ap rete nan lanmou mwen.” Apre sa, Jezi di: “Men kòmandman mwen bay: se pou nou youn renmen lòt menm jan mwen renmen nou an. Pèsonn pa gen yon pi gwo lanmou pase yon moun ki bay lavi l pou zanmi l.”

Nan kèk èdtan, Jezi pral demontre lanmou estrawòdinè sa a lè li bay lavi l pou apot li yo e pou tout lòt moun ki pral demontre lafwa nan li. Egzanp li ta dwe ankouraje disip li yo pou yo gen menm lanmou sa a k ap pouse yo fè sakrifis youn pou lòt. Se lanmou sa a ki pral fè yo rekonèt yo, jan Jezi te di sa. Men sa l te di yo: “Tout moun ap konnen nou se disip mwen si nou gen lanmou nan mitan nou.”

Pou Jezi montre kiyès ki zanmi l, li di: “Nou se zanmi m, si nou fè sa mwen ban nou lòd fè. Mwen pa rele nou esklav ankò, paske yon esklav pa konnen sa mèt li ap fè. Men, mwen rele nou zanmi, paske mwen fè nou konnen tout bagay mwen tande Papa m di.”

Ala yon relasyon ki gen anpil valè pou yon moun ta genyen: li ta dwe vin bon zanmi Jezi! Men, pou disip li yo kontinye gen relasyon sa a avè l, yo dwe “kontinye bay fwi”. Si yo fè sa, men sa Jezi di k ap rive: “Papa a ap ban nou kèlkeswa sa nou mande l nan non m.” Se sèten rekonpans sa a se yon gwo rekonpans pou moun ki pwodui fwi Wayòm nan! Apre Jezi fin ankouraje apot yo yon lòt fwa ankò pou “youn renmen lòt”, li fè konnen monn nan pral rayi yo. Men, li konsole yo, li di: “Si monn nan rayi nou, nou konnen li te rayi m anvan li rayi nou.” Apre sa, Jezi montre poukisa monn nan rayi disip li yo. Li di: “Kòm nou pa fè pati monn nan, e mwen chwazi nou nan monn nan, se sa k fè monn nan rayi nou.”

Jezi bay lòt esplikasyon sou rezon ki fè monn nan rayi yo, li di: “Yo pral fè nou tout bagay sa yo akoz non mwen, paske yo pa konnen sila a [Jewova Dye] ki voye m nan.” Anfèt, mirak Jezi fè yo kondane moun ki rayi l yo, jan li fè remake sa. Men sa l di: “Si mwen pa t fè sa pèsonn lòt moun pa t fè nan mitan yo, yo pa t ap peche. Men, kounye a, yo wè sa m fè, yo rayi ni mwen ni Papa m.” Konsa, jan Jezi di sa, pasaj nan Ekriti yo ki di ‘yo rayi l san rezon’ an akonpli.

Jan Jezi te deja fè sa, li konsole yo ankò lè l pwomèt l ap voye èd la, sètadi lespri sen ki se fòs aktif Bondye. Li di: “L ap temwaye pou mwen. E nou menm, bò kote pa nou, nou dwe bay temwayaj.”

Lòt konsèy li bay anvan l ale

Jezi ak apot yo pare pou yo kite pyès kote yo ye aletaj la. Li kontinye pale, li di: “Mwen di nou bagay sa yo dekwa pou nou pa abandone m.” Apre sa, li ba yo yon avètisman ki trè serye, li di: “Y ap mete nou deyò nan sinagòg la. Anfèt, gen yon lè k ap rive kote yon moun ap touye nou e l ap panse se yon sèvis sakre li bay Bondye.”

Sandout, avètisman sa a boulvèse apot yo anpil. Byenke anvan sa Jezi te di monn nan t ap rayi yo, li pa t janm pale klè konsa pou l fè yo konnen y ap gen pou yo touye yo. Men sa li esplike: “Mwen pa t di nou [sa] okòmansman, paske mwen te ansanm avèk nou.” Men, li byen fèt ba yo enfòmasyon sa a pou l prepare yo anvan l ale.

Apre sa, Jezi di: “Gade kounye a mwen pral jwenn sila a ki voye m nan, epoutan pa gen youn nan nou ki mande m: ‘Kote w prale?’” Anvan sa, nan sware a, yo t ap mande ki kote l prale, men kounye a, sa l di yo a tèlman boulvèse yo, yo pa poze lòt kesyon sou sa ankò. Jezi di yo: “Tristès anvayi kè nou poutèt mwen di nou bagay sa yo.” Apot yo tris nonsèlman paske yo aprann yo pral sibi pèsekisyon ki terib e yo pral touye yo, men tou paske Mèt yo a ap kite yo.

Se sa k fè Jezi di: “Se nan enterè nou m prale. Paske, si m pa ale, èd la pa gendwa vin jwenn nou. Men, lè m ale, m ap voye l ban nou.” Antanke yon moun, Jezi pa ka plizyè kote anmenmtan, men lè l nan syèl la li ka voye èd la, sètadi lespri sen Bondye, bay disip li yo, kèlkeswa kote yo ye sou tè a. Se sa k fè, lefètke Jezi prale, sa ap nan enterè yo.

Jezi fè konnen lespri sen “ap montre monn nan aklè ki sa peche ye, l ap montre l ki sa sa ki jis ye e l ap montre l ki sa jijman ye”. Peche monn nan, sètadi lefètke yo pa demontre lafwa nan Pitit Bondye a, pral parèt aklè. Anplis de sa, lè Jezi monte al jwenn Papa l, sa pral montre aklè li se moun ki fè sa ki jis la. E lefètke Satan ak monn mechan l lan pa reyisi kraze entegrite Jezi, sa montre aklè chèf monn nan resevwa yon jijman kondanasyon.

Ansuit, Jezi di: “Mwen gen anpil bagay pou m di nou toujou, men, nou pa ka konprann yo kounye a.” Se sa k fè Jezi pwomèt, lè l vide lespri sen, sètadi fòs aktif Bondye, sou yo, lespri sen ap ede yo konprann bagay sa yo selon kapasite yo.

Sa apot yo plis pa rive konprann se lefètke Jezi pral mouri e l ap parèt devan yo apre l fin resisite. Donk, youn ap mande lòt: “Ki sa l vle di lè l di nou: ‘Nan yon ti tan nou pap wè m, men apre yon ti tan ankò n ap wè m’? E ki sa l vle di lè l di: ‘Paske mwen pral jwenn Papa a’?”

Jezi rann li kont yo vle poze l kesyon, se sa k fè li di: “Anverite m ap di nou sa: Nou pral kriye e nou pral rele, men monn nan pral rejwi. Nou pral nan lapenn, men lapenn nou an ap tounen kè kontan.” Pita nan jou sa a, nan aprèmidi, lè yo touye Jezi, chèf relijye yo ki fè pati monn nan rejwi, men disip yo nan lapenn. Men, lapenn yo a tounen kè kontan lè Jezi resisite. E yo kontinye gen kè kontan lè li vide lespri sen Bondye sou yo nan fèt Pannkòt la pou l ba yo fòs pou yo vin temwen l!

Jezi konpare sitiyasyon apot yo ak sitiyasyon yon fi ki gen tranche, li di: “Lè yon fi ap akouche, kè l sere, paske lè l rive.” Men, Jezi fè remake, kou fi a fin fè pitit la, li pa sonje soufrans li yo ankò. Men ankourajman li bay apot li yo: “Kidonk, nou menm tou, nou nan lapenn kounye a. Men, m ap gen pou m wè nou ankò [lè m resisite], e kè nou ap kontan, e pèsonn pap retire jwa nou genyen an nan men nou.”

Jiska prezan, apot yo pa janm mande Bondye anyen nan non Jezi. Men kounye a, li di yo: “Si nou mande Papa a yon bagay nan non mwen, l ap ban nou l. [...] Paske, Papa a li menm gen afeksyon pou nou, poutèt nou gen afeksyon pou mwen e poutèt nou kwè mwen vini kòm reprezantan Papa a. Se bò kote Papa a mwen soti pou m vini nan monn nan. Kounye a, m ap kite monn nan e mwen pral jwenn Papa a.”

Pawòl Jezi di yo ankouraje apot yo anpil. Yo di: “Se sa ki fè nou kwè se bò kote Bondye w soti.” Jezi mande yo: “Nou kwè kounye a?” Ansuit, li di: “Gade! Gen yon lè k ap vini, e vrèman, li deja rive, kote n ap gaye, chak moun pral lakay yo, e n ap kite m poukont mwen.” Sa ka parèt enkwayab, men sa rive anvan nuit lan fini!

Alafen, Jezi di: “Mwen di nou bagay sa yo pou nou ka gen lapè grasa mwen. Nou gen tribilasyon nan monn nan, men pran kouraj! Mwen venk monn nan.” Jezi venk monn nan lefètke li akonpli volonte Bondye fidèlman malgre tout sa Satan ak monn li an eseye fè pou kraze entegrite l.

Dènye priyè li fè nan pyès aletaj la

Lanmou pwofon Jezi gen pou apot li yo pouse l prepare yo paske li pral kite yo talè konsa. Kounye a, apre l fin pase yon bonkou tan ap ba yo konsèy epi ap konsole yo, li leve je l gade syèl la e li di Papa l: “Fè pitit ou a jwenn glwa, pou pitit ou a ka ba w glwa, konsa, piske w ba l pouvwa sou tout moun, l ap ka bay tout moun ou ba li yo lavi ki pap janm fini an.”

Jezi pale sou yon sijè ki vrèman atiran: lavi ki pap janm fini an! Piske Papa Jezi ba l “pouvwa sou tout moun”, li kapab aplike byenfè sakrifis l ap bay kòm ranson an pou tout limanite ki kondane pou yo mouri. Men, se sèlman moun Papa l apwouve li bay “lavi ki pap janm fini an”. Jezi kontinye pale sou lavi ki pap janm fini an nan priyè l ap fè a. Men sa l di:

“Pou yo ka gen lavi ki pap janm fini an, se pou yo aprann konnen w, ou menm, sèl vrè Dye a, ak sila a ou te voye a: Jezi Kris.” Se vre, nou bezwen gen konesans ni sou Bondye ni sou Pitit li a pou nou ka sove. Men, se pa konesans nan tèt nou bezwen gen sèlman, nou bezwen plis pase sa.

Yon moun dwe vin byen konnen Bondye ak Pitit li a, li dwe vin bon zanmi yo. Li dwe panse menm jan ak yo e li dwe wè bagay yo menm jan ak yo. E sitou, yon moun dwe fè efò pou l imite kalite san parèy yo genyen yo nan fason l ap boule ak lòt moun.

Jezi kontinye priye, li di: “Mwen te ba w glwa sou tè a, mwen fini travay ou te ban m fè a.” Piske jiska prezan li akonpli misyon l e li gen konfyans l ap reyisi, li fè Papa l yon demann, li di: “Papa, fè m jwenn glwa, fè m vin bò kote w pou m ka gen glwa mwen te genyen lè m te bò kote w anvan monn nan te egziste a.” Wi, kounye a, li mande Bondye pou l resisite l pou l ka rejwenn glwa li te gen nan syèl la.

Jezi fè yon rezime sou prensipal travay li sou tè a, li di: “Moun ou te retire nan mitan monn nan pou w ban mwen yo, mwen fè yo konnen non w. Yo te pou ou, ou ban mwen yo, e yo obeyi pawòl ou.” Jezi te itilize non Bondye, Jewova, lè l t ap preche e li te montre fason pou yo pwononse l kòrèkteman. Men, li te fè plis pase sa pou l fè apot li yo konn non Bondye. Anplis de sa, li te fè yo konnen Jewova pi byen, li te ede yo gen plis rekonesans pou Li, li te fè yo konnen pèsonalite Jewova ak objektif Li pi byen.

Jezi rekonèt Jewova gen plis pouvwa pase l e li anba otorite L. Men sa li deklare avèk imilite: “Pawòl ou te di m yo mwen te di yo, e yo resevwa yo, e yo vin konnen toutbon mwen vini kòm reprezantan w, e yo kwè se ou ki voye m.”

Men priyè Jezi fè apre sa pou l montre diferans ki genyen ant disip li yo ak rès moun yo: “Se pa an favè monn nan m ap fè yon demann, men se an favè moun ou ban mwen yo [...]. Lè m te avèk yo, mwen te konn voye je sou yo [...], e mwen te pwoteje yo. Pa gen youn nan yo ki detwi, eksepte pitit destriksyon an”, anpalan de Jida Iskaryòt. Nan moman sa a, Jida ap egzekite vye misyon l genyen an pou l livre Jezi. Konsa, san Jida pa konnen, li akonpli sa Ekriti yo di.

Jezi kontinye priye, li di: “Monn nan rayi yo.” Ansuit, li di: “Mwen pa mande w pou w retire yo nan monn nan, men mwen mande w pou w voye je sou yo akoz Mechan an. Yo pa fè pati monn nan, menm jan mwen menm mwen pa fè pati monn nan.” Disip Jezi yo nan monn nan, anpalan de sosyete òganize sa a Satan ap dirije a, men yo separe ak monn nan e yo dwe toujou rete separe avè l ansanm ak mechanste k ap fèt ladan l.

Apre sa, Jezi di: “Fè yo vin sen grasa laverite. Pawòl ou se laverite.” La a, Jezi rele Ekriti enspire ki ann ebre li te toujou ap site yo “laverite”. Men tou, sa li te anseye disip li yo e sa Bondye enspire yo pou yo ekri annapre yo, yo rele Ekriti grèk kretyen yo, se “laverite” tou. Verite sa a ka fè yon moun vin sen, li ka chanje lavi l nèt, e li ka fè l vin yon moun ki separe ak monn nan.

Kounye a, se pa “an favè moun sa yo sèlman” Jezi priye, “men [li] fè demann tou an favè moun k ap mete lafwa nan [li] grasa pawòl yo”. Donk, Jezi priye pou moun k ap vin disip li Bondye ap chwazi pou y al nan syèl la e pou lòt moun k ap vin disip li ki pral rasanble pou yo vin “yon sèl twoupo”. Ki sa li mande pou tout moun sa yo?

Men sa l mande: “Pou yo tout ka vin youn, menm jan ou menm, Papa, ou ann inyon avè m e mwen ann inyon avèk ou, [...] dekwa pou yo ka vin youn menm jan mwen menm avè w nou youn.” Jezi ak Papa l pa yon sèl moun nan, men yo dakò nan tout bagay. Jezi priye pou disip li yo ka vin youn menm jan an, epi li di: “Pou monn nan ka konnen se ou ki te voye m, e pou l ka konnen ou renmen yo menm jan ou renmen m nan.”

Kounye a, Jezi priye Papa l ki nan syèl la pou moun ki t ap vin disip li e ki t ap gen pou y al nan syèl la. Ki sa l mande l? Li di: “Pou kote mwen ye se la moun ou ban mwen yo ye avè m tou, yon fason pou yo wè glwa ou ban mwen an, paske w te renmen m depi anvan monn nan te fonde”, sa vle di, anvan Adan ak Èv te fè pitit. Byen lontan anvan sa, Bondye te renmen sèl Pitit li fè a, ki vin rele Jezi Kris.

Nan fen priyè Jezi fè a, men sa l di yon lòt fwa ankò: “Mwen fè yo konnen non w e m ap fè konnen l, dekwa pou lanmou w gen pou mwen an ka nan yo e mwen menm pou m ann inyon avèk yo.” Pou apot yo te aprann konnen non Bondye, sa te mande pou yo rive konnen lanmou Bondye pèsonèlman. Jan 14:1–17:26; 13:27, 35, 36; 10:16; Lik 22:3, 4; Egzòd 24:10; 1 Wa 19:9-13; Izayi 6:1-5; Galat 6:16; Sòm 35:19; 69:4; Pwovèb 8:22, 30.

▪ Ki kote Jezi prale, e ki repons li bay Toma konsènan chemen ki mennen kote l prale a?

▪ Ki sa Filip sanble mande Jezi pou l fè l wè?

▪ Poukisa moun ki wè Jezi wè Papa a tou?

▪ Ki jan disip Jezi yo pral fè travay ki pi gwo pase sa Jezi te fè yo?

▪ Nan ki sans Satan pa gen pouvwa sou Jezi?

▪ Ki lè Jewova te plante pye rezen senbolik la, e ki lè lòt moun te vin tounen branch pye rezen an epi ki jan sa te fèt?

▪ Finalman, konbyen branch pye rezen senbolik la vin genyen?

▪ Ki fwi Bondye ta renmen branch yo bay?

▪ Ki jan nou ka zanmi Jezi?

▪ Poukisa monn nan rayi disip Jezi yo?

▪ Ki avètisman Jezi bay apot li yo ki boulvèse yo?

▪ Poukisa apot yo pa poze Jezi kesyon pou yo konnen ki kote li prale?

▪ Ki sa apot yo plis pa rive konprann?

▪ Ki egzanp Jezi bay pou l montre lapenn apot yo genyen an ap tounen kè kontan?

▪ Ki sa Jezi di apot yo pral fè talè konsa?

▪ Ki jan Jezi venk monn nan?

▪ Nan ki sans yo bay Jezi “pouvwa sou tout moun”?

▪ Ki sa aprann konnen Bondye ak Pitit li a vle di?

▪ Ki jan Jezi fè moun konn non Bondye?

▪ Ki sa “laverite” ye, e ki jan li fè yon kretyen “vin sen”?

▪ Ki jan Bondye ak Pitit li a ansanm ak tout vrè adoratè yo fè youn?

▪ Ki lè “monn nan te fonde”?