Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Leson nou ka tire nan tantasyon Jezi yo

Leson nou ka tire nan tantasyon Jezi yo

Chapit 13

Leson nou ka tire nan tantasyon Jezi yo

TOUSUIT apre Jezi fin batize, lespri Bondye mennen l nan dezè Jide a. Li gen anpil bagay pou l reflechi sou yo paske, lè li t ap batize, ‘syèl la te ouvri’, yon fason pou l te ka sonje bagay li te konnen lè l te nan syèl la. Li vrèman gen anpil bagay pou l reflechi sou yo!

Jezi pase 40 jou ak 40 nuit nan dezè a e li pa manje anyen pandan tan sa a. Annapre, nan yon moman li te grangou anpil, Satan vin kote l pou l tante l, li di l: “Si w se yon pitit Bondye, di wòch sa yo pou yo tounen pen.” Men Jezi konnen li pa bon pou l sèvi ak pouvwa li genyen pou l fè mirak pou l satisfè dezi pèsonèl li. Se poutèt sa li refize, li reziste devan tantasyon an.

Men, Dyab la pa kite sa. Li eseye yon lòt riz. Li bay Jezi yon defi. Li mande l pou l kanpe sou mi tanp lan pou l lage kò l anba, dekwa pou l wè si zanj Bondye yo ap vin sove l. Men, Jezi reziste devan tantasyon pou l fè yon bagay konsa, se t ap yon kokenn egzibisyon. Jezi site pawòl ki nan Bib la, li montre li pa bon pou yon moun pase Bondye anba eprèv nan fason sa a.

Nan yon twazyèm tantasyon, Dyab la fè yon mirak pou l montre Jezi tout wayòm ki nan monn nan, li di l: “M ap ba w tout bagay sa yo si w met jenou w atè, e ou fè yon jès pou w adore m.” Men, fwa sa a ankò Jezi reziste devan tantasyon pou l fè yon bagay mal, li chwazi rete fidèl anvè Bondye.

Nou ka tire plizyè leson nan tantasyon Jezi te jwenn yo. Pa egzanp, yo montre Dyab la se pa tou senpleman sa ki mal, jan kèk moun pretann sa, men li se yon moun reyèl, yon moun ki envizib. Anplis de sa, tantasyon Jezi yo montre tout gouvènman sou tè a anba dominasyon Dyab la. Si se pa t sa, ki jan òf Dyab la fè Kris la t ap yon tantasyon vre?

Epi, annou fè yon ti reflechi sou pwen sa a: Dyab la di li dispoze rekonpanse Jezi si l fè yon jès pou l adore l, e li menm dispoze ba li tout wayòm ki nan monn nan. Dyab la ka eseye tante nou konsa tou, petèt li ka mete tantasyon devan nou, tankou posiblite pou nou gen richès, pouvwa oswa gwo pozisyon nan monn nan. Men, n ap montre nou vrèman gen sajès si nou suiv egzanp Jezi lè nou rete fidèl anvè Jewova, kèlkeswa tantasyon nou jwenn! Matye 3:16; 4:1-11; Mak 1:12, 13; Lik 4:1-13.

▪ Sou ki bagay Jezi sanble te reflechi diran 40 jou li pase nan dezè a?

▪ Ki jan Dyab la eseye tante Jezi?

▪ Ki leson nou ka tire nan tantasyon Jezi jwenn yo?