Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Li Betani lakay Simon

Li Betani lakay Simon

Chapit 101

Li Betani lakay Simon

LÈ Jezi kite Jeriko, l al Betani. Vwayaj la dire prèske tout jounen an, etandone wout la pa bon e se yon wout mòn ki sou yon distans apeprè 19 kilomèt. Jeriko anviwon 250 mèt pi ba pase lanmè a, e Betani anviwon 760 mèt pi wo pase lanmè a. N ap sonje Betani se kote Laza ak sè l yo rete a. Se yon ti bouk ki gen anviwon twa kilomèt ki separe l ak Jerizalèm, li sou bò lès mòn Oliv.

Anpil moun gentan rive Jerizalèm pou fèt Pak la. Yo vin anvan fèt la pou yo ka pirifye tèt yo. Petèt yo te touche yon kadav oubyen yo te fè yon lòt bagay ki fè yo pa pwòp pou yo fè sèvis Bondye. Se poutèt sa yo fè sa lalwa mande pou yo pirifye tèt yo pou yo ka selebre fèt Pak la kòmsadwa. Toutpandan moun ki rive anvan yo ap rasanble nan tanp lan, anpil moun kòmanse mande si Jezi ap vin nan fèt Pak la.

Gen yon pakèt diskisyon cho k ap fèt nan Jerizalèm konsènan Jezi. Tout moun konnen chèf relijye yo vle met men sou Jezi pou yo touye l. Anfèt, yo bay lòd, si gen moun ki konn kote l ye, yo dwe vin di yo sa. Nan dènye mwa sa yo, an twa fwa, chèf relijye sa yo te eseye touye l. Yo te eseye fè sa nan fèt Tabènak yo, nan fèt Dedikas la, e apre l fin resisite Laza. Se poutèt sa moun yo ap mande tèt yo si Jezi ap parèt an piblik yon lòt fwa ankò. Youn t ap mande lòt: “Sa nou panse?”

Pandan tan sa a, Jezi rive Betani sis jou anvan fèt Pak la ki tonbe 14 Nizan selon kalandriye juif la. Li rive vandredi swa konsa, nan kòmansman 8 Nizan. Li pa t ap ka vwayaje al Betani nan samdi paske lwa juif la entèdi moun vwayaje jou saba a ki kòmanse vandredi apre solèy fin kouche pou rive samdi apre solèy fin kouche. Sanble Jezi al kay Laza, jan l te fè dènye fwa a, e li pase nuit vandredi a la.

Sepandan, gen yon lòt moun ki abite Betani ki envite Jezi ak konpayon l yo vin manje lakay li samdi swa. Moun sa a rele Simon, se yon mesye ki te gen lèp petèt Jezi te geri yon lè. Kòm Mat renmen travay, li t ap sèvi envite yo. Men, jan Mari toujou fè, li konsantre atansyon l sou Jezi, men fwa sa a li fè sa yon fason ki lakòz yon bann pale anpil.

Mari ouvri yon ti boutèy ann albat ki gen anviwon demi lit luil santi bon ladan l, “yon vrè na”. Se yon luil ki gen anpil valè. Anfèt, li vo apeprè kòb yon moun touche pou yon ane travay. Lè Mari vide luil la sou tèt Jezi ak sou pye l e li siye pye Jezi ak cheve l, sant pafen an anbonmen tout kay la.

Lè sa a, disip yo fache, epi yo di: “Poukisa gaspiyaj sa a?” Apre sa, Jida Iskaryòt di: “Poukisa yo pa t vann luil santi bon sa a pou 300 denye, epi yo bay pòv kòb la?” Men, se pa paske Jida te gen sousi pou pòv yo vre ki fè l di sa, anfèt se paske li abitye vòlè nan kès lajan disip yo genyen an.

Jezi defann Mari, li di: “Kite dam nan trankil. Poukisa nou vle ba l pwoblèm? Se yon bon aksyon li fè an favè m. Paske, n ap toujou gen pòv yo avèk nou, e nenpòt lè nou vle, n ap toujou ka fè byen pou yo. Men mwen menm, nou pap toujou genyen m avèk nou. Li fè sa l kapab. Depi davans, li pase luil santi bon sou kò m pou l prepare m pou antèman m. Anverite m ap di nou sa: Tout kote y ap preche bon nouvèl la sou tè a, y ap pale de sa dam sa a fè a tou, e sa ap fè yo toujou sonje l.”

Kounye a, sa fè plis pase 24 èdtan depi Jezi Betani, e tout moun konnen li la. Se poutèt sa anpil moun vin kay Simon pou yo ka wè Jezi, men yo vini tou pou yo ka wè Laza ki la tou. Se sa k fè prèt an chèf yo met tèt yo ansanm pou yo touye ni Jezi ni Laza. Anfèt, anpil moun mete lafwa nan Jezi paske yo wè moun li leve sot nan lanmò a vivan. Vrèmanvre, se pa ti mechan chèf relijye sa yo mechan! Jan 11:55–12:11; Matye 26:6-13; Mak 14:3-9; Travay 1:12.

▪ Ki diskisyon k ap fèt nan tanp lan nan Jerizalèm, e poukisa?

▪ Sa k ka fè se vandredi Jezi rive Betani olye l rive samdi?

▪ Lè Jezi rive Betani, ki kote sandout li pase saba a?

▪ Ki sa Mari fè ki lakòz yon bann pale anpil, e ki jan Jezi defann Mari?

▪ Ki sa k montre prèt an chèf yo mechan anpil?