Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Li adwat Bondye

Li adwat Bondye

Chapit 132

Li adwat Bondye

LEFÈTKE lespri sen desann sou disip yo nan fèt Pannkòt la, se prèv Jezi retounen nan syèl la. Yon lòt prèv ki montre Jezi retounen nan syèl la se yon vizyon disip Etyèn te resevwa yon ti tan apre. Jis anvan yo kalonnen Etyèn ak kout wòch pou temwayaj fidèl li t ap bay, li te di: “Gade! Mwen wè syèl la ouvè, e mwen wè Pitit lòm nan ki kanpe adwat Bondye.”

Pandan Jezi adwat Bondye, Papa l, l ap tann li di l: “Al domine nan mitan ènmi w yo.” Men, ki sa Jezi ap fè pandan tan sa a, sètadi anvan l aji kont ènmi l yo? L ap gouvène sou disip Bondye chwazi pou y al nan syèl la, l ap gide yo nan travay predikasyon y ap fè a e l ap prepare yo pou yo vin dirije avè l kòm wa nan Wayòm Papa l la lè yo resisite.

Pa egzanp, Jezi chwazi Sòl (yo vin plis konnen annapre sou non Pòl, non women li te genyen an) pou l pran latèt nan travay fè disip la nan lòt peyi. Sòl se yon moun ki zele pou Lwa Bondye a, epoutan chèf relijye juif yo twonpe l. Se sa k fè, nonsèlman Sòl dakò dèske yo touye Etyèn, men gran prèt Kayif ba l otorizasyon pou l al Damas pou l al arete gason kou fi li jwenn nan zòn nan ki disip Jezi pou l mennen yo Jerizalèm. Sepandan, pandan Sòl sou wout, bridsoukou, gen yon limyè k ap briye ki klere toutotou l e Sòl tonbe atè.

Li tande yon vwa li pa konn kote l soti ki di l: “Sòl, Sòl, poukisa w ap pèsekite m?” Sòl di: “Kiyès ou ye, Mèt?”

Vwa a reponn: “Mwen se Jezi. Se mwen w ap pèsekite a.”

Limyè ki te parèt grasa yon mirak la fè Sòl vin avèg. Jezi di l pou l antre Damas pou l al tann yo ba l enstriksyon. Apre sa, Jezi parèt devan Anànyas, youn nan disip li yo, nan yon vizyon. Jezi pale avè l konsènan Pòl, li di l: “Mesye sa a se yon enstriman mwen chwazi pou pote non m devan moun nasyon yo, devan wa e devan pitit Izrayèl yo.”

Anfèt, grasa èd Jezi, Sòl (yo vin konnen sou non Pòl kounye a) ak lòt moun k ap preche bon nouvèl la jwenn anpil bon rezilta nan travay predikasyon an ak travay ansèyman an. Anfèt, anviwon 25 an apre Jezi fin parèt devan Pòl sou wout Damas, Pòl ekri pou l fè konnen “bon nouvèl” la “preche tout kote anba syèl la”.

Apre anpil lòt ane fin pase, Jezi fè Jan, apot li renmen anpil la, wè yon seri vizyon. Jan dekri vizyon sa yo nan Bib la, nan liv Revelasyon an. Nan vizyon sa yo, li wè Jezi retounen antanke Wa nan Wayòm nan. Nan sans sa a, li rete vivan jis li wè Jezi retounen. Jan di ‘pandan l te anba pouvwa lespri sen’ li vin twouve l nan “jou Seyè a”. Ki sa “jou” sa a ye?

Lè nou byen egzamine pwofesi ki nan Bib la, san wete pwofesi Jezi bay konsènan dènye jou yo, nou rann nou kont “jou Seyè a” kòmanse nan ane 1914, yon ane istorik. Kidonk, se an 1914 Jezi te retounen yon fason envizib, san fanfa, e se sèlman sèvitè fidèl li yo ki konnen li retounen. Se ane sa a Jewova te bay Jezi lòd pou l al domine nan mitan ènmi l yo.

Jezi obeyi lòd Papa l ba li, li netwaye syèl la, li chase Satan ak demon l yo e li pimpe yo sou tè a. Apre Jan fin wè sa nan yon vizyon, li tande yon vwa nan syèl la ki di byen fò: “Kounye a, delivrans Bondye nou an bay la rive, pisans li pote laviktwa, wayòm li an tabli, e Kris li a kòmanse egzèse otorite l!” Vrèmanvre, an 1914, Kris te kòmanse dirije antanke Wa!

Ala yon bon nouvèl pou adoratè Jewova yo ki nan syèl la! Men sa vwa a di: “Ou menm syèl, e nou menm ki abite nan syèl la, nou mèt rejwi!” Men, nan ki sitiyasyon moun ki sou tè a ye? Vwa ki nan syèl la di apre sa: “Malè pou tè a ak lanmè a, paske Dyab la desann vin jwenn nou. Li an kòlè anpil, paske li konnen se yon tikras tan li rete.”

Se nan tikras tan sa a nou ye kounye a. Aktyèlman, moun yo ap montre si yo kalifye pou yo antre nan monn nouvo Bondye a oswa si y ap travay pou yo detwi. Alaverite, se fason w reyaji kounye a devan bon nouvèl Wayòm Bondye a y ap preche sou tout tè a anba direksyon Kris k ap detèmine avni w.

Jezi Kris pral sèvi kòm Mwayen Bondye pral itilize pou l debarase tè a anba tout sistèm Satan an nèt ansanm ak tout moun k ap soutni l yo. Se nan lagè yo rele Amagedòn nan Bib la Jezi pral elimine tout mechanste. Apre sa, Jezi, Moun ki pi enpòtan nan linivè a apre Jewova Dye, pral met men sou Satan ak demon l yo, l ap mare yo met nan yon “twou san fon” pou mil an, kote yo pap ka fè anyen ditou, kòmsi se mouri yo mouri. Travay 7:55-60; 8:1-3; 9:1-19; 16:6-10; Sòm 110:1, 2; Ebre 10:12, 13; 1 Pyè 3:22; Lik 22:28-30; Kolosyen 1:13, 23; Revelasyon 1:1, 10; 12:7-12; 16:14-16; 20:1-3; Matye 24:14.

▪ Ki kote Jezi ye lè l fin monte nan syèl la, e ki sa l ap tann?

▪ Sou kiyès Jezi ap gouvène apre l fin monte nan syèl la, e ki jan sa parèt klè l ap gouvène?

▪ Ki lè “jou Seyè a” kòmanse, e sa k te rive nan kòmansman jou sa a?

▪ Ki jan travay predikasyon k ap fèt jodi a touche nou chak pèsonèlman?

▪ Ki sa k ap rive lè travay predikasyon an fini?