Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Li akonpli yon pwofesi Izayi te anonse

Li akonpli yon pwofesi Izayi te anonse

Chapit 33

Li akonpli yon pwofesi Izayi te anonse

APRE Jezi fin aprann Farizyen yo ak patizan Ewòd yo fè plan pou touye l, li deplase ansanm ak disip li yo al bò lanmè Galile. Lè yo rive la, gen gwo foul moun ki sot toupatou nan Palestin, e genyen ki sot lòt kote ki vin rasanble bò kote l. Li geri anpil moun, sa vin fè tout moun k ap soufri anba maladi grav ap chèche manyen l.

Tèlman moun vide sou Jezi, li di disip li yo pou yo toujou mete yon kannòt pre pou li pou l ka ale yon ti jan lwen rivaj la, pou foul moun yo pa kwense l. Konsa, l ap kapab anseye moun yo etan l nan kannòt la oubyen l ap kapab al lòt kote bò rivaj la pou l ede moun ki la yo.

Youn nan disip yo ki rele Matye fè remake aktivite Jezi yo reyalize “pawòl pwofèt Izayi te di a”. Ansuit, Matye site pwofesi Jezi akonpli a. Li di:

“Gade! Men sèvitè m nan mwen chwazi a, byenneme m nan, li menm nanm mwen pran plezi nan li a! M ap mete lespri m sou li, e l ap fè nasyon yo konnen ki sa ki rele jistis. Li pap nan diskisyon, ni nan rele fò. Pèsonn pap tande vwa l nan gran wout yo. Li pap kase wozo ki panche a, e li pap etenn mèch lanp k ap bay lafimen an, jiskaske li fè jistis triyonfe. Wi, nasyon yo ap met espwa yo nan non l.”

Natirèlman, Jezi se sèvitè byenneme Bondye apwouve a. E Jezi montre aklè sa ki rele vrè jistis la, yon bagay tradisyon ki gen nan fo relijyon yo anpeche moun yo wè. Lefètke Farizyen yo mal aplike lwa Bondye a, yo pa menm vle ede yon moun malad jou saba! Pou Jezi fè konnen sa jistis Bondye ye, li soulaje moun yo anba tradisyon ki pa gen jistis ladan yo e ki tankou yon pwa lou sou do yo, se poutèt sa chèf relijye yo ap chèche touye l.

Nan ki sans ‘li pap nan diskisyon, e li pap fè tande vwa l nan gran wout yo’? Lè Jezi geri moun, “li pase yo lòd pou yo pa fè moun konnen kiyès li ye”. Li pa vle moun yo mache fè reklam pou li nan lari ni li pa vle yo kouri gaye enfòmasyon ki pa sa.

Anplis de sa, Jezi pote yon mesaj rekonfòtan bay moun ki tankou yon wozo ki panche, ki pliye e yo pilonnen anba pye. Moun sa yo tankou yon mèch lanp k ap bay lafimen e ki prèske etenn. Jezi pa kase wozo ki panche a ni li pa etenn ti limyè ki nan mèch k ap bay lafimen an. Men, avèk tandrès e avèk amou, li demontre ladrès nan fason li bay moun enb yo rekonfò. Vrèmanvre, Jezi se sila a nasyon yo ka met espwa nan li a! Matye 12:15-21; Mak 3:7-12; Izayi 42:1-4.

▪ Ki jan Jezi fè moun konnen sa ki rele jistis, san fè diskisyon e san fè tande vwa l nan gran wout yo?

▪ Kiyès ki tankou yon wozo ki panche e ki tankou yon mèch lanp, e ki jan Jezi aji ak moun sa yo?