Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Li ansent san l pa marye

Li ansent san l pa marye

Chapit 4

Li ansent san l pa marye

MARI gen twa mwa depi l ansent. Ou sonje, lè li te fèk ansent, li t al wè Elizabèt pou l pase yon ti tan avè l, men kounye a, li retounen lakay li, nan vil Nazarèt. Talè konsa, tout moun nan vil sa a pral konnen li ansent. Vrèman, li nan yon sitiyasyon ki bay anpil tètchaje!

Sa k fè sitiyasyon an pi grav, sèke Mari fiyanse ak yon bòs chapant ki rele Jozèf. Li konnen, selon lwa Bondye te bay nasyon Izrayèl la, si yon fi fiyanse ak yon gason e li kouche ak yon lòt gason, yo ta dwe touye fi sa a ak kout wòch. Kounye a, kòman l pral esplike Jozèf li ansent?

Piske Mari pati depi twa mwa, se sèten Jozèf pa ka tann pou l wè Mari. Lè yo rankontre, sandout Mari anonse Jozèf nouvèl la. Petèt, Mari fè tout sa l kapab pou l esplike Jozèf se pa mwayen lespri sen li ansent. Men, kòm ou ka imajine, li trè difisil pou Jozèf kwè sa.

Jozèf konnen Mari se yon fi ki gen bon repitasyon. E sandout li renmen l anpil. Sepandan, kèlkeswa sa Mari te ka di l, sa sanble se pou yon lòt gason li ansent. Malgre sa, Jozèf pa vle yo touye Mari ak kout wòch ni pou yo dezonore l an piblik. Konsa, li deside divòse avè l an sekrè. Nan epòk sa a, yo te konsidere moun ki fiyanse kòm moun ki marye. Se sa k fè, pou de moun ki fiyanse kite, se divòse pou yo divòse.

Nan pita, Jozèf al kouche toutpandan li kontinye ap reflechi sou pwoblèm nan. Nan yon rèv, li wè yon zanj Jewova ki vin pale avè l. Zanj lan di l: “Ou pa bezwen pè pran Mari, madanm ou, lakay ou, paske se grasa lespri sen li ansent. L ap fè yon pitit gason, e ou dwe rele l Jezi, paske li pral delivre pèp li a anba peche yo fè.”

Lè Jozèf leve, se pa ti rekonesans li genyen! San pèdi tan, li fè egzakteman sa zanj lan di l la. Li pran Mari lakay li. Anfèt, aksyon sa a tout moun te ka wè a tou sèvi kòm seremoni maryaj la. Sa montre Jozèf ak Mari marye ofisyèlman. Men, Jozèf pa antre nan relasyon ak Mari pandan l ansent Jezi.

Gade! Mari gwo vant, epoutan Jozèf ede l monte sou yon bourik. Ki kote yo prale? Poukisa y ap vwayaje alòske Mari prèske akouche? Lik 1:39-41, 56; Matye 1:18-25; Detewonòm 22:23, 24.

▪ Ki sa Jozèf panse lè l aprann Mari ansent, e poukisa?

▪ Kòman l fè posib pou Jozèf divòse ak Mari alòske yo poko marye?

▪ Ki aksyon tout moun te ka wè ki montre Jozèf ak Mari marye?