Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Li anseye plis bagay toujou nan setyèm jou fèt la

Li anseye plis bagay toujou nan setyèm jou fèt la

Chapit 68

Li anseye plis bagay toujou nan setyèm jou fèt la

DÈNYE jou fèt Tabènak yo, sètadi setyèm jou a, kontinye ap dewoule. Jezi ap anseye kote nan tanp lan ‘ki gen kès yo konn met ofrann yo’. Sanble se nan zòn ki rele Lakou medam yo kote sa a ye.

Pandan fèt la, chak swa gen anpil limyè ki klere zòn sa a nan tanp lan. Gen kat kokenn pòtlanp, e yo chak gen kat gwo veso ki plen luil. Lanp sa yo limen ak luil ki nan toule 16 veso yo, e limyè lanp sa yo bay la ase pisan pou l klere tout zòn nan lannuit, rive yon bèl distans. Sa Jezi di kounye a ka fè moun k ap koute l yo panse ak limyè sa a. Jezi di: “Mwen se limyè pou monn nan. Yon moun ki suiv mwen pap janm mache nan fènwa, men l ap gen limyè k ap mennen nan lavi a.”

Farizyen yo di: “W ap bay temwayaj sou pwòp tèt ou. Donk, temwayaj ou a pa laverite.”

Jezi reponn: “Menmsi se mwen ki bay temwayaj sou tèt mwen, temwayaj mwen bay la se laverite, paske mwen konn kote m soti ak kote m prale. Men nou menm, nou pa konn ni kote m soti ni kote m prale.” Apre sa, li di: “Mwen bay temwayaj sou tèt mwen, e Papa a ki voye m nan bay temwayaj sou mwen.”

Farizyen yo mande l: “Kote Papa w?”

Jezi reponn: “Nou pa konnen ni mwen ni Papa m. Si nou te konnen m, nou t ap konn Papa m tou.” Byenke Farizyen yo toujou vle arete Jezi, pa gen youn ki touche l.

Jezi di ankò: “Mwen prale [...] Nou pa ka al kote m prale a.”

Lè sa a, Juif yo mande youn lòt: “Èske se touye l pral touye tèt li? Paske li di: ‘Nou pa ka al kote m prale a.’”

Jezi fè yo konnen: “Nou se moun anba. Mwen menm mwen se moun anwo. Se nan monn sa a nou soti, mwen menm mwen pa sot nan monn sa a.” Ansuit, li di: “Si nou pa kwè mwen se moun mwen di m ye a, n ap mouri nan peche nou yo.”

Anfèt, Jezi ap pale konsènan lavi li nan syèl la anvan l te vin sou tè a e lefètke li se Mesi Bondye te pwomèt la oubyen Kris. Sepandan, yo mande Jezi avèk anpil mepri: “Kiyès ou ye?”

Lè Jezi wè yo rejte l, li reponn yo: “Poukisa menm mwen kontinye ap pale avèk nou toujou?” Epoutan, li kontinye pale, li di: “Moun ki voye m nan toujou di laverite, e bagay mwen te tande nan bouch li, se yo menm m ap di nan monn nan.” Apre sa, Jezi di: “Lè nou fin leve Pitit lòm nan anlè, lè sa a n ap konnen mwen se moun mwen di m ye a, e n ap konnen se pa mwen poukont mwen ki deside fè anyen, men, se sa Papa a anseye m mwen di. E moun ki voye m nan avè m. Li pa lage m poukont mwen, paske mwen toujou fè sa ki fè l plezi.”

Lè Jezi fin di bagay sa yo, anpil moun mete lafwa nan li. Jezi di moun sa yo: “Si nou rete nan pawòl mwen, nou se disip mwen toutbonvre, e n ap konnen laverite, e laverite ap libere nou.”

Lapoula, opozan Jezi yo di: “Nou se desandan Abraram e nou pa t janm esklav pèsonn. Kòman w fè di: ‘N ap vin lib’?”

Byenke souvan Juif yo konn anba dominasyon lòt nasyon, yo pa janm rekonèt nasyon k ap domine yo a kòm mèt. E yo pa vle yo rele yo esklav. Men, Jezi fè konnen se esklav menm yo ye. Nan ki sans? Jezi di: “Anverite m ap di nou sa: Yon moun k ap pratike peche se esklav peche l ye.”

Lefètke Juif yo refize admèt yo se esklav peche, sa mete yo nan yon sitiyasyon ki danjere. Men esplikasyon Jezi bay: “Esklav la pa rete nan kay la pou toutan, se pitit la ki rete pou toutan.” Piske yon esklav pa gen dwa resevwa eritaj, yo ka voye l ale nenpòt lè. Anfèt, se sèlman pitit ki fèt nan kay la oswa pitit yo adopte a ki rete nan kay la “pou toutan”, sètadi toutotan l ap viv.

Apre sa, Jezi di: “Se sa k fè, si Pitit la libere nou, n ap libere toutbon.” Kidonk, verite ki libere moun nan se verite konsènan Pitit la, Jezi Kris. Se sèlman grasa sakrifis Jezi fè lè l bay lavi l antanke moun pafè a yon moun kapab libere anba peche ki mennen nan lanmò. Jan 8:12-36.

▪ Ki kote Jezi ap anseye nan setyèm jou fèt la? Ki sa k gen nan zòn sa a lannuit, e ki rapò sa genyen ak sa Jezi t ap anseye a?

▪ Ki sa Jezi di konsènan kote l soti a, e ki sa sa ta dwe fè konnen konsènan kiyès li ye?

▪ Nan ki sans Juif yo se esklav, men ki verite k ap libere yo?