Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Li anseye yon Samaritèn

Li anseye yon Samaritèn

Chapit 19

Li anseye yon Samaritèn

PANDAN Jezi ak disip li yo kite Jide pou y al Galile, yo pase sou tèritwa Samari. Piske vwayaj la fè yo fatige, vè midi, yo rete bò yon pi toupre vil Sicha pou yo pran yon ti repo. Se Jakòb ki te fouye pi sa a sa gen plizyè syèk, e li la jis kounye a, toupre yon vil ki rele Naplouz jodi a.

Etan Jezi rete bò pi a pou l repoze, disip li yo al achte manje nan vil la. Gen yon Samaritèn ki vin tire dlo nan pi a. Jezi di l: “Ban m yon ti dlo pou m bwè.”

An jeneral, Juif yo ak Samariten yo pa gen bon relasyon akoz prejije yo gen nan fon kè yo youn kont lòt. Se poutèt sa dam nan sezi, li di Jezi: “Kòman fè ou menm ki Juif, ou mande m dlo pou w bwè, alòske mwen se yon Samaritèn?”

Jezi reponn li: “Si w te konnen ki moun sa a ki di w: ‘Ban m yon ti dlo pou m bwè’ a, se ou menm ki ta mande l dlo, e li ta ba w dlo lavi a.”

Dam nan di l: “Mesye ou pa menm gen yon veso pou w tire dlo, e pi a fon. Kote w jwenn dlo lavi sa a? Pi sa a se Jakòb, zansèt nou an, ki te ban nou l e ki te konn bwè ladan l ak tout pitit li yo ak tout bèt li yo. Èske w pi enpòtan pase Jakòb?”

Jezi reponn li: “Tout moun ki bwè dlo sa a ap swaf ankò. Men, moun ki bwè dlo m ap ba li a pa gendwa janm swaf ankò, okontrè, dlo m ap ba li a ap tounen yon sous dlo nan li, yon sous dlo k ap ponpe pou l bay lavi ki pap janm fini an.”

Dam nan di l: “Mesye, ban m dlo sa a non, dekwa pou m pa swaf, e pou m sispann vin tire dlo la a.”

Lè sa a, Jezi di l: “Al rele mari w, epi tounen vin la a.”

Dam nan reponn: “M pa gen mari.”

Jezi dakò avè l, li di l: “Ou gen rezon di ou pa gen mari. Paske, ou pase senk mari, e moun w avè l kounye a, se pa mari w li ye.”

Dam nan sezi, li di Jezi: “Mesye, mwen wè w se yon pwofèt.” Apre sa, li di yon pawòl ki montre jan l enterese nan bagay espirityèl. Men sa l di: “[Samariten yo] adore sou mòn sa a [mòn Gerizim ki toupre a]. Men nou menm [Juif yo], nou di se Jerizalèm moun dwe al adore.”

Sepandan, Jezi fè dam nan konprann se pa kote yon moun adore Bondye ki enpòtan. Li di l: “Lè a rive kounye a kote vrè adoratè yo pral adore Papa a avèk lespri ak laverite, paske, vrèmanvre, se moun konsa Papa a ap chèche pou adore l. Bondye se yon Espri, e moun k ap adore l yo dwe adore l avèk lespri ak laverite.”

Dam nan vrèman enpresyone. Li di: “Mwen konnen Mesi a ap vini, li menm yo rele Kris la. Kèlkeswa lè l vini an, l ap di nou tout bagay aklè.”

Jezi di l: “Se li menm k ap pale avè w la a.” Èske w imajine sa k rive a? Dam sa a vin nan mitan jounen an pou l tire dlo nan pi a, sandout pou l evite rankontre lòt medam nan vil la ki meprize l poutèt vi l ap mennen an, epi gade jan Jezi fè l yon gwo onè. Jezi di l kareman sa l pa t revele pèsonn aklè. Ki rezilta sa bay?

Anpil Samariten met lafwa nan li

Lè disip yo sot Sicha ak manje yo achte yo, yo jwenn Jezi kote yo te kite l la, bò pi Jakòb la, ap pale ak Samaritèn nan. Kou disip yo rive, dam nan ale, li kite krich dlo a, e li pran direksyon vil la.

Li enterese anpil nan bagay Jezi di l yo. Men sa l di mesye yo nan vil la: “Vini, vin wè yon mesye ki di m tout sa m fè. Èske se pa ta li menm ki Kris la?” Kesyon sa a pouse mesye yo al wè ak je yo.

Pandan tan sa a, disip Jezi yo ap ensiste pou Jezi manje manje yo t al chèche nan vil la. Men, li reponn yo: “Mwen gen yon manje pou m manje, e manje sa a, nou pa konnen l.”

Lè sa a, disip yo mande youn lòt: “Pèsonn pa t pot anyen ba l pou l manje, pa vre?” Jezi di: “Manje pa m se fè volonte sila a ki voye m nan e se fin fè travay li ban m fè a. Èske nou pa di rete kat mwa anvan rekòt la fèt?” Men, se sou rekòt espirityèl la li atire atansyon yo, epi li di yo: “Leve je nou gade jaden yo, yo pare pou rekòt la. Depi kounye a, y ap peye moun k ap rekòlte a sa yo dwe peye l, e l ap ranmase fwi pou lavi ki pap janm fini an, dekwa pou moun k ap simen an ka rejwi ansanm ak moun k ap rekòlte a.”

Petèt Jezi deja wè gwo efè rankont li ak Samaritèn nan genyen: anpil moun met lafwa nan li akoz temwayaj Samaritèn nan bay. Samaritèn nan al pale ak moun ki abite nan vil la, li di yo: “Li di m tout sa m fè.” Se poutèt sa, lè mesye Sicha yo vin jwenn Jezi bò pi a, yo mande l pou l rete avèk yo pou l ka anseye yo plis bagay. Jezi aksepte envitasyon an e li pase de jou avèk yo.

Pandan Samariten yo ap koute Jezi, plis moun vin kwè nan sa l di yo. Ansuit, yo di dam nan: “Se pa sa w te di nou an sèlman ki fè nou kwè kounye a, paske nou tande ak zòrèy nou, e nou konnen mesye sa a se sovè monn nan l ye toutbon.” Li klè, Samaritèn nan bay yon bèl egzanp sou fason pou nou bay temwayaj konsènan Kris pou nou ka fè moun k ap koute nou yo anvi tande sa n ap di yo, dekwa pou yo chèche konn plis toujou!

Li bon pou nou sonje evènman sa yo te pase kat mwa anvan rekòt lòj la, yon rekòt yo fè nan mwa mas oswa nan mwa avril nan peyi Palestin. Kidonk, evènman sa yo te pase sandout nan mwa novanm oubyen nan mwa desanm. Sa vle di, apre fèt Pak ane 30 epòk nou an, Jezi ak disip li yo pase anviwon uit mwa nan peyi Jide kote y ap anseye moun e y ap batize yo. Kounye a, yo retounen lakay yo nan Galile. Ki sa k ap tann yo? Jan 4:3-43.

▪ Poukisa Samaritèn nan sezi poutèt Jezi pale avè l?

▪ Ki sa Jezi anseye l konsènan dlo lavi a e konsènan kote moun dwe adore Bondye?

▪ Ki jan Jezi revele Samaritèn nan kiyès li ye, e poukisa se yon bagay ki etonan anpil?

▪ Ki temwayaj Samaritèn nan bay e ki rezilta sa genyen?

▪ Ki rapò ki genyen ant manje pa Jezi a ak rekòt la?

▪ Ki jan nou ka kalkile kantite tan Jezi pase nan aktivite li t ap mennen nan Jide apre fèt Pak ane 30 epòk nou an?