Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Li ba yo lòt konsèy pou l korije yo

Li ba yo lòt konsèy pou l korije yo

Chapit 63

Li ba yo lòt konsèy pou l korije yo

PANDAN Jezi ak apot li yo toujou nan kay la Kapènawòm, yo sispann pale sou diskisyon apot yo te fè pou konnen kiyès ki gen plis enpòtans lan pou yo pale sou yon lòt bagay. Sanble y ap pale sou yon bagay ki te pase lè yo t ap retounen Kapènawòm, pandan Jezi pa t avèk yo. Men sa apot Jan rakonte: “Nou te wè yon mesye k ap sèvi ak non w pou l chase demon, nou te eseye anpeche l fè sa, paske li pa ansanm avèk nou.”

Sanble, Jan panse se apot yo sèlman ki gen dwa fè mirak. Se poutèt sa li panse mesye a pa t gen dwa fè mirak, paske li pa fè pati gwoup yo a.

Sepandan, men konsèy Jezi ba yo: “Pa eseye anpeche l, paske pa gen yon moun k ap fè yon mirak nan non m epi pou l pale m mal byen vit apre sa. Paske, yon moun ki pa kont nou, li pou nou. Paske, kèlkeswa moun ki ban nou yon gode dlo pou nou bwè paske nou se moun Kris, anverite m ap di nou sa: Li pa gendwa pèdi rekonpans li.”

Mesye a pa t oblije nan gwoup moun ki avèk Jezi yo pou l gen lafwa nan li. Kongregasyon kretyen an potko egziste. Donk, lefètke li pa nan gwoup yo a, sa pa vle di li te nan yon lòt kongregasyon. Mesye a te vrèman gen lafwa nan non Jezi, e konsa li te reyisi chase demon. Li t ap fè yon bagay ki te sanble ak sa Jezi te di ki merite yon rekonpans lan. Jezi montre poutèt mesye a fè sa li pap pèdi rekonpans li.

Men, sa k t ap rive si pawòl apot yo di ak fason yo aji te fè mesye a bite? Se t ap yon bagay ki grav anpil! Men sa Jezi di: “Kèlkeswa moun ki fè youn nan tipiti sa yo ki kwè nan mwen yo peche, li t ap pi bon pou moun sa a si yo ta mare yon wòch moulen nan kou l, tankou wòch moulen bourik yo konn vire a, epi yo lage l nan lanmè.”

Jezi fè konnen disip li yo ta dwe elimine nan vi yo kèlkeswa bagay ki ta ka fè yo bite, menmsi bagay sa yo gen anpil valè tankou yon men, yon pye oswa yon je. Pito yon moun antre nan Wayòm Bondye a san bagay sa yo ki gen anpil valè olye l rete atache avèk yo epi yo voye l nan jeyèn nan (yon kote yo te konn boule fatra toupre Jerizalèm) ki reprezante destriksyon etènèl.

Men avètisman Jezi bay tou: “Fè atansyon pou nou pa meprize youn nan tipiti sa yo. Paske, m ap di nou sa, yo gen zanj yo nan syèl la ki toujou la devan Papa m ki nan syèl la.” Ansuit, Jezi bay yon egzanp pou l montre jan “tipiti sa yo” gen valè. Li pale konsènan yon mesye ki gen san mouton, men ki gen youn ki pèdi. Jezi di mesye a ap kite 99 mouton yo pou l al chèche grenn ki pèdi a, e lè l jwenn li, l ap pi kontan pou li pase pou 99 lòt yo. Apre sa, Jezi di: “Menm jan an tou, Papa m ki nan syèl la pa ta renmen pou menm youn nan tipiti sa yo peri.”

Li posib Jezi t ap panse ak diskisyon apot li yo te fè a. Se sa k fè li ba yo ankourajman sa a: “Se pou nou gen sèl nan nou, e se pou nou gen lapè nan mitan nou.” Yon manje ki san gou vin pi bon nan bouch lè yo met sèl ladan l. Se sa k fè lè yon moun di yon pawòl ki gen sèl, sa fè l pi fasil pou yo aksepte l. Si nou gen sèl nan nou, sa ap ede nou kenbe lapè nan mitan nou.

Men, akoz enpèfeksyon nou genyen, pafwa ap gen gwo diskisyon. Jezi montre ki jan pou nou rezoud yo. Li di: “Si yon frè w peche kont ou, al kote l poukont ou, fè l wè fot li fè a. Si l koute w, ou ramne frè w la.” Men konsèy Jezi bay si l pa koute: “Pran youn oswa de lòt moun avè w, dekwa pou tout bagay ka regle selon pawòl de oubyen twa temwen.”

Se sèlman kòm dènye demach Jezi di pou yon moun prezante bagay la devan “kongregasyon an”, sètadi devan siveyan yo nan kongregasyon an, yon seri frè responsab ki ka fè yon jijman. Alafen, si moun ki fè fot la pa aksepte desizyon yo pran an, Jezi di: “Konsidere l menm jan ak yon moun ki nan nasyon yo, menm jan ak yon pèseptè.”

Pou siveyan yo pran yon desizyon konsa, yo bezwen byen suiv enstriksyon ki nan Pawòl Jewova a. Konsa, lè yo wè yon moun koupab e li merite pinisyon, jijman yo fè a “ap deja mare nan syèl la”. E lè yo ‘demare yon bagay sou tè a’, sa vle di si yo wè yon moun inosan, bagay la ap deja “demare nan syèl la”. Konsènan jijman sa yo, men sa Jezi di: “Kote de ou twa moun reyini nan non mwen, mwen la nan mitan yo.” Matye 18:6-20; Mak 9:38-50; Lik 9:49, 50.

▪ Nan epòk Jezi a, poukisa yon moun pa t oblije nan gwoup moun ki avèk li yo pou l gen lafwa nan li?

▪ Nan ki pwen se yon bagay ki grav si yon moun fè yon tipiti bite, e ki jan Jezi montre valè tipiti sa yo genyen?

▪ Ki sa k dwe pouse Jezi ankouraje apot li yo gen sèl nan yo?

▪ Ki sans “mare” ak “demare” genyen la a?