Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Li bay Mat konsèy e li montre fason pou n priye

Li bay Mat konsèy e li montre fason pou n priye

Chapit 74

Li bay Mat konsèy e li montre fason pou n priye

PANDAN Jezi t ap mennen aktivite l nan Jide, li antre nan Betani. Se nan bouk sa a Mat, Mari ak frè yo Laza t ap viv. Petèt Jezi te deja rankontre yo toule twa anvan sa nan travay predikasyon li t ap fè a, e konsa yo vin bon zanmi. Antouka, kounye a Jezi ale lakay Mat e li resevwa l.

Mat ta renmen bay Jezi tout sa l genyen ki pi bon. An reyalite, se yon gwo onè pou yon moun resevwa vizit Mesi Bondye te pwomèt la lakay li! Se sa k fè Mat okipe anpil ap prepare tout kalite manje e l ap veye sou tout ti detay pou moman Jezi ap pase avèk yo a ka agreyab e pou l alèz.

Yon lòt bò, Mari, sè Mat, chita nan pye Jezi pou l koute l. Apre yon ti moman, Mat pwoche bò kot Jezi, li di l: “Seyè, sè m nan kite m poukont mwen ap travay, epi sa pa di w anyen? Di l pou l vin ede m non.”

Men, Jezi pa di Mari anyen. Okontrè, li konseye Mat pou l pa bay tèt li twòp traka pou bagay materyèl. Li di l ak jantiyès: “Mat, Mat, w ap bay tèt ou pwoblèm, w ap trakase kò w pou w fè anpil bagay. Alòske de twa bagay sifi, pou m pa di yon sèl.” Jezi vle di Mat li pa nesesè pou l pase anpil tan ap prepare plizyè pla. Sèlman kèk pla oswa yon sèl sifi.

Mat gen bon entansyon. Li ta renmen montre li se yon moun ki akeyan. Epoutan, lefètke l ap bay tèt li traka pou bagay materyèl, li rate okazyon pou l resevwa enstriksyon pèsonèlman nan men pwòp Pitit Bondye a. Se poutèt sa Jezi di apre sa: “Mari, bò kote pa l, chwazi bon pati a, e yo pap pran l nan men l.”

Annapre, nan yon lòt okazyon, gen yon disip ki mande Jezi: “Seyè, montre nou ki jan pou nou priye, tankou Jan te montre disip li yo fè sa.” Petèt, disip sa a pa t la sa gen anviwon ennan edmi, lè Jezi te montre fason pou moun priye nan Sèmon sou montay la. Se poutèt sa Jezi repete enstriksyon li te bay yo, e ansuit li bay yon egzanp pou l atire atansyon sou nesesite pou nou pèsevere nan lapriyè.

Jezi di: “Sipoze youn nan nou ta gen yon zanmi e li ta al kot zanmi sa a a minui pou l di l: ‘Monchè, prete m twa pen, paske, mwen gen yon zanmi ki sot nan vwayaj e misye fèk rive lakay la, e mwen pa gen anyen pou m ba li.’ Ann sipoze etan zanmi sa a ta anndan lakay li, li reponn: ‘Kite m trankil. Pòt la fèmen deja, e timoun mwen yo nan kabann avè m. Mwen pap ka leve ba w anyen la a.’ M ap di nou sa: Menmsi li pap leve pou l ba l yon bagay paske li se zanmi l, men l ap leve san mank pou l ba li sa l bezwen an paske zanmi sa a kole nan kò l.”

Nan konparezon sa a, Jezi pa vle di Jewova Dye pa dispoze ban nou sa nou mande l, menm jan ak zanmi nan istwa li bay la. Men, li montre si yon zanmi ki pa dispoze ap bay zanmi l ki kole nan kò l sa l mande, alewè pou Papa nou ki nan syèl la ki renmen nou! Se poutèt sa Jezi di apre sa: “Se sa k fè m ap di nou sa: Kontinye mande, y ap ban nou. Kontinye chèche, n ap jwenn. Kontinye frape, y ap ouvri pou nou. Paske, tout moun ki mande ap resevwa, tout moun ki chèche ap jwenn, e tout moun ki frape, y ap ouvri pou yo.”

Ansuit, Jezi fè referans ak papa ki enpafè e ki pechè yo, li di: “An reyalite, ki papa pami nou la a si pitit li ta mande l yon pwason ki t ap lonje yon koulèv ba li olye l ba l yon pwason? Oubyen, si l ta mande l yon ze, ki t ap lonje yon eskòpyon ba li? Kidonk, si nou menm, aktout nou se pechè, nou konnen pou nou bay pitit nou sa k bon, nou pa bezwen mande si Papa nou ki nan syèl la ap bay moun lespri sen si yo mande l li!” Vrèmanvre, ankourajman Jezi bay la pouse nou pou nou pèsevere nan lapriyè. Lik 10:38–11:13.

▪ Poukisa Mat fè gwo preparasyon konsa pou Jezi?

▪ Ki sa Mari fè, e poukisa Jezi felisite l olye l felisite Mat?

▪ Ki sa k pouse Jezi repete enstriksyon li te bay sou lapriyè yo?

▪ Ki egzanp Jezi bay pou l atire atansyon sou nesesite pou nou pèsevere nan lapriyè?