Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Li demontre imilite nan dènye fèt Pak la

Li demontre imilite nan dènye fèt Pak la

Chapit 113

Li demontre imilite nan dènye fèt Pak la

PYÈ ak Jan suiv enstriksyon Jezi ba yo, yo deja rive Jerizalèm pou yo fè preparasyon pou fèt Pak la. Sanble Jezi ak dis lòt apot yo rive pita nan aprèmidi. Pandan solèy la ap kouche, Jezi ak apot li yo ap desann mòn Oliv. Se dènye fwa nan lajounen Jezi ap gade vil la detan l sou mòn sa a anvan rezirèksyon l.

Nan yon ti tan, Jezi ak apot li yo rive nan vil la e y al nan kay kote yo pral selebre fèt Pak la. Yo monte yon eskalye pou y al nan gwo pyès aletaj la, kote yo jwenn tout bagay gentan pare pou yo selebre fèt Pak la poukont yo. Jezi t ap tann okazyon sa a, li di: “Se pa ti anvi mwen te anvi manje manje Pak sa a ansanm avèk nou anvan m soufri.”

Selon tradisyon ki genyen, moun k ap patisipe nan fèt Pak la gen pou yo bwè kat koup diven. Sanble, sou twazyèm koup diven an Jezi di Bondye mèsi, epi li di: “Pran l, bwè ladan l, e pase l youn bay lòt. Paske, m ap di nou sa: Apati kounye a, mwen pap bwè bwason ki fèt ak rezen ankò jiskaske wayòm Bondye a rive.”

Pandan y ap manje, Jezi leve, li depoze rad li met pa anlè rad ki sou li a sou kote, li pran yon sèvyèt, e li mete dlo nan yon kivèt. An jeneral, se moun k ap resevwa moun lakay li a ki aranje l pou yo lave pye moun l ap resevwa a. Men, piske nan okazyon sa a, pa gen moun k ap resevwa yo, Jezi pran desizyon fè travay sa a. Nenpòt nan apot yo te ka pwofite okazyon an pou yo fè sa. Men petèt se paske yo toujou nan konpetisyon youn ak lòt ki fè yo youn pa fè l. Kounye a, yo santi yo jennen lè Jezi kòmanse lave pye yo.

Lè Jezi rive sou Pyè, Pyè pa dakò, li di: “Jamè, ou pa gendwa lave pye m.”

Jezi di: “Si m pa lave pye w, mwen pap annafè avè w.”

Pyè reponn: “Seyè, se pa pye m sèlman pou w lave, ou mèt lave men m ak tèt mwen tou.”

Jezi reponn: “Yon moun ki benyen deja, se sèlman pye l li bezwen yo lave, paske tout kò l pwòp. Nou menm, nou pwòp, men se pa nou tout.” Li di sa, paske l konnen Jida Iskaryòt ap fè plan pou l livre l.

Lè Jezi fin lave pye toule 12 apot yo, menm pye Jida ki pral livre l la, li remete rad la sou li e li retounen chita bò tab la. Epi li mande yo: “Èske nou konprann sa m sot fè pou nou la a? Nou rele m ‘Anseyan’, nou rele m ‘Seyè’, e nou gen rezon, paske se sa m ye. Kidonk, si mwen menm, aktout mwen se Seyè e mwen se Anseyan, mwen lave pye nou, nou menm tou, youn dwe lave pye lòt. Paske, mwen ban nou egzanp, yon fason pou nou menm tou, nou fè menm jan mwen fè pou nou an. Anverite m ap di nou sa: Yon esklav pa plis pase mèt li, e moun yo voye a pa plis pase moun ki voye l la. Piske nou konnen bagay sa yo, depi nou fè yo, nou byennere.”

Ala yon bèl leson sou imilite! Apot yo pa dwe chèche premye plas la, yo pa ta dwe panse yo tèlman enpòtan pou se lòt moun ki ta dwe toujou ap sèvi yo. Yo dwe suiv egzanp Jezi bay la. Sa pa vle di yo dwe fè yon seremoni lavman pye. Non, men li ba yo egzanp pou l montre yo jan yo dwe dispoze sèvi youn lòt san paspouki, menmsi sa yo ta gen pou yo fè a se yon travay moun konsidere ki imilyan oswa se yon travay yo menm yo pa renmen fè. Matye 26:20, 21; Mak 14:17, 18; Lik 22:14-18; 7:44; Jan 13:1-17.

▪ Poukisa lè Jezi wè Jerizalèm pandan l pral nan vil sa a pou l selebre fèt Pak la se yon bagay ki espesyal?

▪ Pandan fèt Pak la, ki koup sanble Jezi pase bay 12 apot yo apre l fin priye?

▪ Lè Jezi te sou tè a, ki travay yon moun k ap resevwa moun lakay li te gen abitid fè, e poukisa pa t gen moun pou fè travay sa a pandan fèt Pak Jezi t ap selebre ak apot yo?

▪ Pou ki rezon Jezi te lave pye apot li yo, etandone se yon travay moun konsidere ki imilyan?