Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Li demontre konpasyon pou yon mesye ki gen lèp

Li demontre konpasyon pou yon mesye ki gen lèp

Chapit 25

Li demontre konpasyon pou yon mesye ki gen lèp

PANDAN Jezi ak kat disip li yo ap vizite vil Galile yo, nouvèl konsènan bèl bagay l ap fè yo gaye nan tout zòn nan. Nouvèl konsènan aktivite Jezi yo rive jis nan yon vil kote yon mesye ki gen lèp abite. Lik, ki se yon doktè, di mesye sa a se yon moun ki “chaje ak lèp sou li”. Lè maladi repiyan sa a rive nan yon faz avanse, tikras pa tikras li defigire plizyè pati nan kò moun nan. Se sa k fè mesye ki gen lèp la nan yon eta mizerab.

Lè Jezi rive nan vil la, mesye ki gen lèp la pwoche bò kote l. Selon Lwa Bondye a, yon moun ki gen lèp dwe pale byen fò pou l avèti moun nan zòn kote l pral pase a, li dwe di: “M pa pwòp, m pa pwòp!” pou l anpeche lòt moun vin toupre l pou yo pa pran maladi a. Lè sa a, mesye ki gen lèp la lage kò l fas atè, epi li sipliye Jezi, li di: “Seyè, depi w vle, ou ka geri m.”

Se pa ti lafwa mesye a gen nan Jezi! Epoutan, akoz maladi l la, li vrèman parèt mizerab! Ki sa Jezi pral fè? E ou menm ki sa w t ap fè? Jezi pran pitye pou mesye a, li lonje men l, li touche mesye a, li di: “Mwen vle. Ou geri.” Lamenm, lèp la disparèt sou mesye a.

Èske w pa ta renmen gen yon moun ki gen konpasyon konsa kòm wa? Fason Jezi montre konsiderasyon pou mesye ki gen lèp la ban nou asirans, anba dominasyon Wayòm li an, pwofesi nan Bib la ki di: “Li pral gen pitye pou moun ki piti a ak moun ki pòv la, e l ap sove nanm pòv yo” ap reyalize. Wi, Jezi ap reyalize dezi li gen nan kè l pou l ede tout moun ki nan lapenn.

Menm anvan Jezi te geri mesye ki gen lèp la, travay predikasyon li t ap fè a te lakòz gwo ajitasyon nan mitan pèp la. Kounye a, pou Jezi akonpli pwofesi Izayi a, li bay mesye li geri a lòd, li di l: “Pinga w di pèsonn anyen.” Ansuit, li di mesye a: “Al fè prèt la wè w, epi bay sa Moyiz te mande yo etandone w geri, pou sa ka sèvi yo temwayaj.”

Men, mesye a tèlman kontan li pa ka pa pale de mirak Jezi fè a. Li ale e li kòmanse gaye nouvèl la tout kote, sanble sa te lakòz moun vin tèlman enterese pou yo wè Jezi li pa t ka antre alèz nan okenn vil. Se sa k fè Jezi rete nan zòn izole kote moun pa abite, men moun tout kote deplase pou yo vin koute l e pou yo ka jwenn gerizon pou maladi yo genyen. Lik 5:12-16; Mak 1:40-45; Matye 8:2-4; Levitik 13:45; 14:10-13; Sòm 72:13; Izayi 42:1, 2.

▪ Ki efè maladi lèp ka gen sou yon moun ki genyen l, e ki sa yon moun ki gen lèp te dwe di pou l avèti moun?

▪ Ki jan yon mesye ki gen lèp sipliye Jezi, e ki sa nou ka aprann nan fason Jezi reyaji a?

▪ Ki jan mesye Jezi geri a pa t obeyi l, e ki rezilta sa bay?