Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Li devan Sanedren an, apre sa yo mennen l bay Pilat

Li devan Sanedren an, apre sa yo mennen l bay Pilat

Chapit 121

Li devan Sanedren an, apre sa yo mennen l bay Pilat

LI PRÈSKE jou. Pyè sot nye Jezi yon twazyèm fwa, e manm Sanedren an fin fè swadizan jijman yo t ap fè a, apre sa yo chak al nan wout yo. Men, vandredi maten kou l jou, yo reyini ankò, fwa sa a nan sal Sanedren an. Sanble y ap chèche yon mwayen pou jijman yo te fè lannuit lan parèt legal. Lè yo mennen Jezi devan yo, yo di l menm sa yo te di nan nuit lan: “Di n si w se Kris la.”

Jezi reponn: “Menmsi mwen ta di nou sa, nou pa t ap janm kwè sa m di a. Epitou, si m ta poze nou kesyon, nou pa t ap janm reponn.” Men, avèk kouraj, Jezi fè konnen kiyès li ye, li di: “Depi kounye a, Pitit lòm nan pral chita adwat Bondye ki gen pisans lan.”

Yo tout mande l: “Kidonk, ou se Pitit Bondye a?”

Jezi reponn: “Se nou menm ki di se sa m ye.”

Li pa nesesè pou l di mesye sa yo ki gen entansyon touye l yo lòt bagay ankò. Yo konsidere repons li a kòm yon blasfèm. Yo di: “Ki lòt temwayaj nou bezwen ankò? Paske, nou tande l di sa ak bouch li.” Se sa k fè yo mare Jezi, yo mennen l bay Pons Pilat, gouvènè women an, epi yo remèt li l.

Jida, li menm ki livre Jezi, t ap suiv jijman an. Lè li wè yo kondane Jezi, li vin gen remò. Se poutèt sa l al jwenn prèt an chèf yo ak ansyen yo pou l remèt yo 30 pyès monnen ann ajan yo, li di: “Mwen te peche lè m te livre yon moun ki jis.”

Yo reponn li san pitye, yo di l: “Ki mele nou? Sa se bagay ki gade w!” Se poutèt sa Jida jete pyès monnen ann ajan yo anndan tanp lan e l al eseye pann tèt li. Sepandan, sanble branch kote Jida mare kòd la kase, li sot tonbe sou wòch yo, epi vant li eklate.

Prèt an chèf yo pa fin konnen sa pou yo fè ak pyès monnen ann ajan yo. Yo di: “Nou pa gen dwa pou n lage yo nan trezò sakre a, paske se lajan san yo ye.” Se poutèt sa, apre yo fin pale youn ak lòt, yo achte teren bòs potri a avèk pyès monnen yo pou yo antere etranje. Se sa k fè yo rele teren an “Teren San”.

Li granmmaten toujou lè yo mennen Jezi nan palè gouvènè a. Men, Juif ki akonpaye l yo pa vle antre, paske yo kwè kontak sere konsa ak moun lòt nasyon ap kontamine yo. Se poutèt sa, pou Pilat fè yo plezi, li soti. Li mande: “Ki akizasyon nou gen kont mesye sa a?”

Yo reponn: “Si mesye sa a pa t fè anyen ki mal, nou pa t ap livre l ba ou.”

Pilat pa ta renmen rantre nan bagay sa a, li di: “Pran l nou menm, epi jije l selon lwa nou an.”

Juif yo devwale entansyon yo genyen pou yo fè touye Jezi, yo di: “Nou pa gen dwa touye pèsonn.” Anfèt, si yo ta touye Jezi pandan fèt Pak la, sanble t ap gen gwo dezòd, piske anpil moun gen gwo respè pou Jezi. Men, si yo rive fè Women yo touye l pou yon rezon politik, sa ap montre pèp la se pa yo ki responsab.

Kidonk, chèf relijye yo pa pale de jijman yo sot fè kote yo kondane Jezi pou blasfèm, men yo envante lòt akizasyon met sou do l. Akizasyon yo fè a gen twa pati ladan l. Yo di: “Nou jwenn mesye sa a [1] k ap boulvèse nasyon nou an e [2] k ap defann moun yo peye Seza enpo, epi [3] l ap di li se Kris, li se yon wa.”

Men, se akizasyon ki di Jezi deklare li se yon wa a ki bay Pilat pwoblèm. Se poutèt sa li antre nan palè a ankò, li rele Jezi e li mande l: “Èske w se Wa Juif yo?” Nan yon sans, se kòmsi l te di l èske w vyole lalwa lè w deklare ou se yon wa ann opozisyon ak Seza?

Jezi vle konnen ki sa Pilat tande yo di sou li, se poutèt sa li mande l: “Èske se ou menm ki deside di sa, oswa se lòt moun ki pale w de mwen?”

Pilat fè konprann li pa konn anyen sou Jezi e li ta renmen konnen plis bagay sou li. Li di: “Èske m se Juif? Se moun menm nasyon avè w ak prèt an chèf yo ki livre w ban mwen. Ki sa w te fè?”

Jezi pa chèche evite kesyon sa a ki gen rapò ak pozisyon l antanke Wa. Pa gen dout, fason Jezi reponn kounye a fè Pilat sezi. Lik 22:66–23:3; Matye 27:1-11; Mak 15:1; Jan 18:28-35; Travay 1:16-20.

▪ Poukisa Sanedren an reyini ankò nan maten?

▪ Ki jan Jida mouri, e ki sa yo fè ak 30 pyès monnen ann ajan yo?

▪ Poukisa Juif yo vle se Women yo ki pou touye Jezi, olye se yo menm ki fè sa?

▪ Ki akizasyon Juif yo lage sou do Jezi?