Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Li envite Matye vin suiv li

Li envite Matye vin suiv li

Chapit 27

Li envite Matye vin suiv li

YON ti tan apre Jezi fin geri mesye ki paralize a, li kite Kapènawòm pou l ale bò lanmè Galile. Fwa sa a ankò, foul moun yo vin jwenn li, e li kòmanse anseye yo. Pandan l ap pase, li wè Matye, ki rele Levi tou, ki chita nan biwo kontribisyon an, li di l: “Vin suiv mwen.”

Sandout, Matye deja konnen ansèyman Jezi yo, menm jan Pyè, Andre, Jak ak Jan te deja konnen yo lè Jezi te envite yo vin suiv li. Menm jan ak mesye sa yo, Matye aksepte envitasyon Jezi a menm lè a. Li leve, li kite travay pèseptè li t ap fè a e li suiv Jezi.

Apre sa, Matye òganize yon gwo resepsyon lakay li, petèt pou l montre jan l kontan envitasyon li resevwa a. Anplis Jezi ak disip li yo, mesye ki te konn travay ansanm ak Matye yo la nan fèt la tou. Jeneralman, Juif yo meprize jan de moun sa yo, paske yo ranmase taks pou otorite women yo Juif yo pa vle wè. Anplis de sa, souvan yo malonèt, yo fè moun yo peye plis lajan pase sa yo dwe peye kòm taks.

Lè Farizyen yo remake Jezi nan resepsyon an ak mesye sa yo, yo di disip Jezi yo: “Poukisa anseyan nou an ap manje ak pèseptè ansanm ak moun k ap pratike peche?” Jezi tande kesyon Farizyen yo poze a, li reponn yo: “Se pa moun ki an sante ki bezwen doktè, men se moun ki malad ki bezwen doktè. Kidonk, al aprann sa sa vle di: ‘Se mizèrikòd mwen vle, se pa sakrifis.’ Paske, mwen pa vin rele moun ki jis, men mwen vin rele moun k ap pratike peche.”

Sanble Matye envite pèseptè sa yo lakay li nan objektif pou yo koute Jezi e pou yo jwenn gerizon nan domèn espirityèl. Se poutèt sa Jezi pale ansanm avèk yo pou l ede yo gen bonjan relasyon ak Bondye. Jezi pa meprize pèseptè yo, kontrèman ak Farizyen yo ki panse yo jis. Okontrè, li santi l gen pitye pou yo, e li aji tankou yon doktè ak pèseptè yo nan domèn espirityèl.

Kidonk, si Jezi demontre mizèrikòd anvè moun k ap pratike peche yo, se pa fèmen li fèmen je sou peche yo fè, men se yon fason pou l montre se menm santiman pwofon li gen pou moun ki malad fizikman yo li gen pou yo. Pa egzanp, n ap sonje li te lonje men l avèk konpasyon pou l touche yon mesye ki gen lèp, e li te di l: “Wi, mwen vle. Ou geri.” Menm jan ak Jezi, se pou nou demontre mizèrikòd lè nou ede moun ki bezwen èd, sitou moun ki bezwen èd nan domèn espirityèl. Matye 8:3; 9:9-13; Mak 2:13-17; Lik 5:27-32.

▪ Ki kote Matye ye lè Jezi wè l la?

▪ Ki travay Matye fè, e poukisa Juif yo meprize moun ki fè travay sa a?

▪ Ki sa yo repwoche Jezi, e ki repons li bay?

▪ Poukisa Jezi pran kontak ak moun k ap pratike peche?