Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Li envite kat nan disip li yo vin suiv li

Li envite kat nan disip li yo vin suiv li

Chapit 22

Li envite kat nan disip li yo vin suiv li

APRE Jezi fin chape anba men mesye Nazarèt yo, vil kote li te leve a, l al nan vil Kapènawòm, toupre lanmè Galile. Sa akonpli yon lòt pwofesi Izayi te bay. Se pwofesi ki te anonse pèp Galile a, pèp ki abite bò lanmè a, t ap wè yon gwo limyè.

Pandan Jezi kontinye fè travay predikasyon Wayòm nan ki pote limyè pou moun nan zòn sa a, li remake kat nan disip li yo. Mesye sa yo te vwayaje avè l anvan sa, men yo te retounen nan biznis lapèch yo lè yo te retounen sot Jide ak Jezi. Sanble Jezi ap chèche yo kounye a, piske li lè pou l gen moun avè l toutan pou ede l nan travay la, moun li ka bay fòmasyon pou yo ka kontinye travay predikasyon an apre l fin ale.

Pandan Jezi ap mache bò lanmè a, li wè Simon Pyè ak konpayon l yo k ap lave filè yo, l al jwenn yo. Li monte nan bato Pyè a e li mande l pou l antre plis nan lanmè a. Lè yo rive nan yon distans, Jezi chita nan bato a e li kòmanse anseye foul moun yo ki bò lanmè a.

Apre sa, Jezi di Pyè: “Avanse kote dlo a fon, epi lage filè nou pou nou peche.”

Pyè reponn: “Anseyan, nou pase tout nuit lan ap travay di e nou pa pran anyen. Men, kòm se ou ki ban nou lòd, m ap lage filè yo.”

Lè yo lage filè yo, yo tèlman pran anpil pwason, filè yo kòmanse chire. Rapidman, mesye yo mande asosye yo ki nan yon bato ki toupre pou yo vin ede yo. Nan yon ti moman, toule de bato yo vin tèlman plen ak pwason yo kòmanse fè fon. Lè Pyè wè sa, li met ajenou nan pye Jezi, li di: “Seyè, pa rete pre m, paske mwen gen anpil peche.”

Jezi reponn: “Ou pa bezwen pè ankò. Apati kounye a, se moun ou pral pran tou vivan.”

Epitou, Jezi envite Andre, frè Pyè a, pou l suiv li, li di yo: “Vin suiv mwen, e m ap fè nou tounen pechè moun.” Jezi fè Jak ak Jan, pitit gason Zebede yo, menm envitasyon an, e yo menm tou yo suiv li san ezite. Mesye sa yo se asosye Pyè ak Andre nan biznis lapèch la. Se konsa toule kat mesye sa yo kite biznis lapèch yo a e yo vin kat premye disip ki te toujou ak Jezi. Lik 5:1-11; Matye 4:13-22; Mak 1:16-20; Izayi 9:1, 2.

▪ Poukisa Jezi mande disip li yo pou yo suiv li, e ki jan disip sa yo rele?

▪ Ki mirak ki fè Pyè panike?

▪ Nan ki kalite aktivite lapèch Jezi envite disip li yo?