Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Li gen pitye pou moun k ap soufri yo

Li gen pitye pou moun k ap soufri yo

Chapit 57

Li gen pitye pou moun k ap soufri yo

APRE Jezi fin kondane Farizyen yo pou tradisyon yo suiv nan avantaj pa yo, li deplase ak disip li yo. Ou ka sonje, sa pa gen twò lontan li menm ak disip li yo t ap eseye ale yon kote apa pou yo pran yon ti repo. Men, foul moun yo te jwenn yo, e sa te anpeche yo repoze vre. Kounye a, li menm ak disip li yo pran wout pou y al Ti ak Sidon, de vil ki nan yon distans plizyè kilomèt nan nò. Sanble se sèl vwayaj Jezi fè ak disip li yo pa lòtbò fwontyè Izrayèl.

Apre yo fin jwenn yon kay pou yo rete, Jezi fè disip li yo konnen li pa vle pèsonn konn ki kote yo ye. Epoutan, menm nan tèritwa sa a ki pa yon tèritwa Izrayèl, Jezi pa ka rete yon kote san moun pa konnen. Gen yon dam, yon Grèk, ki fèt nan zòn nan, nan Fenisi ki nan peyi Siri, ki jwenn kote Jezi ye, e li pran sipliye l, li di: “Gen pitye pou mwen, Seyè, Pitit David! Pitit fi m nan gen yon demon sou li k ap malmennen l.” Men, Jezi pa di dam nan yon mo.

Finalman, disip Jezi yo di l: “Voye l ale non, paske l ap plede fè bri dèyè nou an.” Jezi fè konnen rezon ki fè l pa reponn dam nan, li di: “Yo pa t voye m pou lòt moun, eksepte pou mouton ki pèdi ki fè pati pèp Izrayèl la.”

Sepandan, dam nan pa dekouraje. Li pwoche bò kot Jezi, li met ajenou nan pye l, li sipliye l, li di: “Seyè, ede m!”

Se pa ti touche kè Jezi dwe touche lè dam nan fè siplikasyon sensè sa a! Epoutan, Jezi fè l konnen responsablite prensipal li genyen se pou l sèvi pèp Izrayèl, pèp Bondye a. Anmenmtan, pou Jezi teste lafwa dam nan, li atire atansyon sou prejije Juif yo genyen nan fason yo konsidere moun ki pa menm nasyonalite ak yo. Li di: “Li pa bon pou yo pran pen timoun yo pou yo voye l bay ti chen.”

Se sèten ton vwa Jezi ak vizaj li montre li gen konpasyon ak kè sansib pou moun ki pa Juif yo. Yo konn konpare moun ki pa Juif yo ak chen, men Jezi li menm adousi konparezon sa a lè l pale de yo kòm “ti chen”. Olye pou dam nan vekse, li sèvi ak sa Jezi di sou prejije Juif yo genyen an pou l fè yon remak avèk imilite, li di: “Wi, Seyè. Men, ti chen yo konn manje kras pen ki tonbe sot sou tab mèt yo.”

Lè sa a, Jezi reponn: “Madanm, ou gen anpil lafwa. Se pou sa rive pou ou jan w swete l la.” E sa fèt vre! Lè dam nan retounen lakay li, li jwenn pitit fi l la geri nèt sou kabann nan.

Jezi ak disip li yo sot Sidon, yon vil ki bò lanmè, yo travèse peyi a, yo pran direksyon tèt dlo rivyè Jouden an. Sanble yo pase nan rivyè Jouden an yon kote ki pi wo lanmè Galile pou yo antre nan Dekapòl la, alès lanmè a. Lè yo rive, yo monte nan yon mòn, men foul moun yo jwenn yo e yo mennen moun ki bwete, ki estwopye, ki avèg, ki bèbè, ak anpil lòt malad bay Jezi. Yo annik lage yo bò pye Jezi, li geri yo. Moun yo sezi lè yo wè bèbè ap pale, moun ki enfim nan pye ap mache dwat e moun ki avèg wè, sa fè yo bay Bondye Izrayèl la glwa.

Jezi bay yon mesye ki soud e ki gen lang lou yon atansyon espesyal. Souvan, moun ki soud yo santi yo jennen, sitou lè yo nan mitan foul moun. Petèt, Jezi remake mesye a santi l malalèz. Se poutèt sa, avèk konpasyon, Jezi deplase ak mesye a sot nan foul la. Lè yo poukont yo, Jezi fè l konprann sa l pral fè pou li. Li mete dwèt li nan zòrèy mesye a, li krache, epi li touche lang mesye a. Apre sa, Jezi gade syèl la, li pouse yon gwo soupi, epi li di: “Ouvri.” Menm lè a, zòrèy mesye a ouvri, e li vin pale nòmal.

Foul moun yo montre yo kontan pou tout gerizon Jezi fè yo. Yo di: “Li fè tout bagay byen. Li menm rive fè moun soud tande, e li fè moun ki bèbè pale.” Matye 15:21-31; Mak 7:24-37.

▪ Poukisa Jezi pa geri pitit fi madam ki Grèk la tousuit?

▪ Ki kote Jezi mennen disip li yo apre sa?

▪ Ki jan Jezi demontre konpasyon nan fason li aji ak mesye ki soud e ki gen lang lou a?