Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Li geri yon mesye ki fèt tou avèg

Li geri yon mesye ki fèt tou avèg

Chapit 70

Li geri yon mesye ki fèt tou avèg

BYENKE Juif yo eseye kalonnen Jezi ak kout wòch, li pa kite Jerizalèm. Apre sa, nan jou saba a, li menm ak disip li yo ap mache nan vil la, yo wè yon mesye ki fèt tou avèg. Disip yo mande Jezi: “Anseyan, kiyès ki te peche ki fè mesye sa a fèt tou avèg la? Èske se li menm oubyen paran l?”

Petèt, menm jan ak kèk anseyan, disip yo kwè yon moun ka peche detan l nan vant manman l. Men, Jezi reponn: “Se pa ni mesye a ni paran l ki peche, men sa rive dekwa pou travay Bondye ka parèt aklè nan ka pa l.” Se pa ni fot ni peche mesye a oswa paran l fè ki lakòz li avèg. Se peche premye moun nan Adan ki lakòz tout moun vin enpafè, e konsa sa fè yo vin gen yon seri domaj, pa egzanp gen moun ki fèt tou avèg. Domaj sa a mesye a genyen an bay Jezi okazyon pou l fè travay Bondye yo parèt aklè.

Jezi montre ijans ki genyen pou travay sa yo fèt. Li di: “Nou dwe fè travay moun ki voye m nan pandan li jou. Lannuit ap rive kote pèsonn pap ka travay. Toutotan mwen nan monn nan, mwen se limyè pou monn nan.” Talè konsa, lanmò Jezi pral lage l nan fènwa ki gen nan tonm lan kote li pap ka fè anyen ankò. Annatandan, li se yon sous limyè pou monn an.

Lè Jezi fin di bagay sa yo, li krache atè, e li fè yon labou ak krache a. Li mete labou a sou je mesye ki avèg la epi li di: “Al lave je w nan pisin Silowam.” Mesye a obeyi. E lè l fè sa, li vin ka wè! Lè sa a, se pa ti kontan li kontan! Se premye fwa li wè nan vi l!

Gen kèk moun nan zòn nan ak moun ki konnen l ki sezi. Yo mande: “Èske se pa mesye ki te konn chita ap mande a?” Gen moun ki di: “Se li.” Men, gen lòt ki pa ka kwè sa, yo di: “Se pa li, men li sanble avè l.” Men, mesye a di: “Se mwen.”

Moun yo mande l: “Ebyen, kòman w fè vin wè?”

Li reponn: “Mesye ki rele Jezi a fè yon labou, li pase l sou je m e li di m: ‘Al lave je w nan Silowam.’ Vrèmanvre, mwen ale, mwen lave je m e mwen wè.”

Yo mande l: “Kote misye?”

Li reponn: “Mwen pa konnen.”

Kounye a, moun yo mennen mesye ki te avèg la bay chèf relijye yo, anpalan de Farizyen yo. Yo menm tou yo pran mande l ki jan l fè vin wè. Mesye a esplike: “Li mete yon ti labou sou je m, mwen lave je m epi mwen wè.”

Asireman, Farizyen yo ta dwe rejwi ak mandyan an ki geri kounye a! Men, olye yo fè sa, yo kritike Jezi, yo di: “Li pa yon moun ki soti nan Bondye.” Poukisa yo di sa? “Paske li pa obsève saba.” Epoutan, gen lòt Farizyen k ap mande: “Kòman yon moun ki se yon pechè ta ka fè reyalize jan de siy sa yo?” Se konsa vin gen yon divizyon nan mitan yo.

Se sa k fè yo mande mesye a: “Ki sa w panse de li, piske li fè w wè?”

Li reponn: “Li se yon pwofèt.”

Farizyen yo refize kwè sa. Yo gen konviksyon Jezi dwe antann li ak mesye a an kachèt pou l twonpe moun yo. Se konsa, pou yo rezoud pwoblèm nan, yo rele paran mesye ki konn ap mande a pou yo poze yo kesyon. Jan 8:59; 9:1-18.

▪ Ki sa k lakòz mesye a avèg, e ki sa k pa lakòz sa?

▪ Ki sa lannuit kote pèsonn pa ka travay la ye?

▪ Lè mesye a geri, ki jan moun ki konnen l yo reyaji?

▪ Ki jan gerizon mesye a met divizyon nan mitan Farizyen yo?