Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Li geri yon tigason ki gen demon sou li

Li geri yon tigason ki gen demon sou li

Chapit 61

Li geri yon tigason ki gen demon sou li

SANBLE pandan Jezi, Pyè, Jak ak Jan yon kote sou tèt mòn Èmòn, lòt disip yo nan pwoblèm. Lè Jezi tounen, tousuit li remake gen yon bagay dwòl k ap pase. Gen yon foul moun ki antoure disip li yo, e gen espè nan Lalwa k ap diskite avèk yo. Men, kou moun yo wè Jezi, yo sezi anpil e yo kouri al salye l. Li mande yo: “Sou ki sa n ap diskite avèk yo la a?”

Gen yon mesye ki sot nan foul la, li met ajenou devan Jezi, li di: “Anseyan, mwen te mennen pitit gason m nan ba ou, paske li gen yon movèzespri sou li ki fè l bèbè. Kèlkeswa kote l pran l li fese l atè, tigason an kimen, li manje dan e li vin san fòs. Mwen di disip ou yo pou yo chase l, men yo pa t kapab.”

Sanble, espè nan Lalwa yo fè yon bann pale anpil poutèt disip yo pa reyisi geri tigason an, petèt se nan rizib y ap pase yo. Se nan moman sa a menm Jezi rive, li di: “O! Nou se yon jenerasyon moun ki pa gen lafwa. Konbyen tan m ap oblije rete avèk nou? Konbyen tan m ap oblije sipòte nou?”

Sanble se ak tout moun ki la yo Jezi ap pale, men se sèten se sitou ak espè nan Lalwa yo k ap bay disip li yo pwoblèm l ap pale. Apre sa, Jezi di: “Mennen tigason an ban mwen.” Men, pandan tigason an ap vin jwenn Jezi, demon ki sou li a frape l atè e li fè gwo kriz pran l. Tigason an woule atè e kim sot nan bouch li.

Jezi mande: “Depi konbyen tan li konsa?”

Papa a reponn: “Depi l toupiti. Plizyè fwa [demon an] lage l nan dife e li lage l nan dlo pou l touye l.” Ansuit, papa a sipliye Jezi, li di l: “Si w kapab fè yon bagay, gen pitye pou nou, epi ede nou.”

Petèt papa a ap chèche èd depi plizyè ane. E kounye a, lefètke disip Jezi yo pa reyisi fè anyen pou li, li pa gen espwa menm ankò. Jezi sèvi ak pawòl dezespere mesye a di l la pou l ankouraje l. Li di l: “Apa w di: ‘Si w kapab’! Ebyen, tout bagay posib pou yon moun ki gen lafwa.”

Menm kote a, papa tigason an di byen fò: “Mwen gen lafwa!” Apre sa, li sipliye Jezi, li di l: “Ede m gen plis lafwa toujou!”

Lè Jezi wè foul la ap kouri vin jwenn yo, li pale fèm ak demon an, li di l: “Ou menm, espri ki fè moun bèbè e ki fè moun soud, mwen ba w lòd, soti sou li epi pa janm antre sou li ankò.” Pandan demon an ap soti sou tigason an, li fè l rele e li fè plizyè gwo kriz pran l ankò. Apre sa, tigason an ret atè a san l pa fè okenn mouvman, se sa k fè pifò moun kòmanse di: “Li mouri!” Men, Jezi pran men tigason an e li fè l leve.

Sa pa gen twò lontan, lè Jezi te voye disip li yo al preche, yo te chase demon. Se poutèt sa kounye a, lè yo antre nan yon kay, disip yo pran l apa, yo mande l: “Sa k fè nou menm nou pa t ka chase demon an?”

Pou Jezi montre yo se lafwa yo te manke, li di yo: “Se lapriyè sèlman ki pou fè kalite demon sa a soti.” Sanble, pou chase demon sa a ki gen anpil fòs, sa te mande preparasyon. Yo te bezwen gen yon lafwa ki solid e yo te bezwen priye Bondye pou yo mande l pisans.

Apre sa, Jezi di: “Anverite m ap di nou sa: Si lafwa nou gwosè yon grenn moutad, n ap di mòn sa a: ‘Deplase sot la a al lòtbò’, l ap deplase. E pa gen anyen k ap enposib pou nou.” Lafwa ka gen anpil pouvwa!

Obstak ak difikilte ki bloke pwogrè yon moun ap fè nan sèvis l ap bay Jewova a ka sanble ak yon gwo mòn ki pa ka deplase. Epoutan, Jezi montre si nou kiltive lafwa nan kè nou, nou wouze l e nou pran swen l pou l grandi, rive yon lè l ap pèmèt nou venk obstak ak difikilte ki tankou mòn. Mak 9:14-29; Matye 17:19, 20; Lik 9:37-43.

▪ Ki sitiyasyon Jezi jwenn lè l retounen sot nan mòn Èmòn?

▪ Ki ankourajman Jezi bay papa tigason ki gen demon sou li a?

▪ Poukisa disip yo pa t kapab chase demon an?

▪ Nan ki pwen Jezi montre lafwa gen pouvwa?