Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Li kalme yon gwo tanpèt

Li kalme yon gwo tanpèt

Chapit 44

Li kalme yon gwo tanpèt

JEZI pase yon jounen chaje ak aktivite. Pa egzanp, li anseye foul moun yo bò lanmè a, e apre sa, li esplike disip li yo parabòl yo apa. Nan aswè, li di disip li yo: “Ann janbe pa lòt bò lanmè a.”

Sou kòt lès lanmè Galile, gen yon zòn ki rele Dekapòl, se yon non ki soti nan de mo grèk: deka, ki vle di “dis”, ak polis, ki vle di “vil”. Nan vil ki nan Dekapòl yo, moun yo gen kilti grèk, byenke sanble gen anpil Juif ki abite nan vil sa yo. Sepandan, Jezi pa gen anpil aktivite nan zòn sa a. Menm lè l fè vizit sa a, yo pap kite l pase anpil tan nan zòn nan, jan nou pral wè sa pi devan.

Lè Jezi mande disip yo pou yo travèse lòt bò lanmè a, yo fè l monte nan bato a. Sepandan, gen moun ki remake lè yo ale. San pèdi tan, gen moun ki monte nan bato pa yo pou yo suiv yo. Distans pou travèse lòt bò lanmè a pa twò long. Anfèt, lanmè Galile se yon gwo lak ki gen yon longè anviwon 20 kilomèt e ki gen yon lajè maksimòm 12 kilomèt.

Nou ka konprann Jezi fatige. Se poutèt sa, yon moman apre yo fin anbake, l al kouche pa dèyè nan bato a, li mete tèt li sou yon zorye, e dòmi pati avè l. Plizyè nan apot yo se maren ki gen eksperyans e ki konn fè lapèch anpil nan lanmè Galile. Se poutèt sa, yo pran responsablite dirije bato a.

Men, vwayaj la pap fasil. Kòm tanperati a cho sou lak la ki gen 200 mèt pi ba pase lanmè a, e kòm gen yon lè frèt k ap sot nan mòn ki toupre lak la, gen gwo van pafwa ki konn soufle e yo konn pwovoke gwo tanpèt sou lak la sanzatann. Se sa k rive kounye a. Tousuit, lanm lanmè vin ap frape bato a e dlo ap antre ladan l, sa vin fè bato a prèske plen ak dlo. Epoutan, Jezi kontinye dòmi.

Maren yo, ki gen eksperyans, travay kou moun fou pou yo dirije bato a. Sandout, se pa premye fwa y ap fè manèv nan mitan tanpèt. Men, fwa sa a, yo pa wè sa pou yo fè ankò. Kòm yo santi vi yo an danje, yo reveye Jezi e yo di l: ‘Mèt, men n ap koule! Sa pa di w anyen?’ Apre sa, yo di: ‘Sove nou, nou sanlè neye!’

Jezi leve, li pase van an ak lanmè a lòd, li di: “Silans! Ret trankil!” Gwo van ki t ap soufle a sispann, e lanmè a vin kalm. Li vire gade disip li yo, li mande yo: ‘Poukisa nou pè konsa a? Nou poko gen lafwa toujou?’

Lè sa a, gen yon sèl laperèz ki anvayi disip yo. Youn ap mande lòt: “Kiyès misye ye menm? Paske, ata van ak dlo li pase lòd, e yo obeyi l.”

Se pa ti pisans Jezi demontre li genyen! Ala ankourajan sa ankourajan pou nou konnen Wa nou an gen pouvwa sou fòs ki gen nan lanati yo, e lè l pral bay tè a tout atansyon l pandan rèy li an, tout moun pral viv an sekirite e y ap jwenn pwoteksyon anba gwo katastwòf natirèl!

Yon ti tan apre tanpèt la fin kalme, Jezi ak disip li yo rive sennesòf sou kòt lès lanmè Galile. Petèt lòt bato yo pa t pran nan gwo tanpèt la e yo te retounen sennesòf. Mak 4:35–5:1; Matye 8:18, 23-27; Lik 8:22-26.

▪ Ki sa Dekapòl la ye, e ki kote li ye?

▪ Sa k fè konn gen gwo tanpèt sou lanmè Galile?

▪ Ki sa disip yo fè lè yo wè eksperyans yo genyen antanke maren pa ka ede yo sove tèt yo?