Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Li livre l epi yo arete l

Li livre l epi yo arete l

Chapit 118

Li livre l epi yo arete l

LI MINUI pase lè Jida mennen yon gwo foul ki gen ladan l sòlda, prèt an chèf, Farizyen ak lòt moun ankò nan jaden Jetsemane. Prèt yo te antann yo pou yo peye Jida 30 pyès monnen ann ajan pou l livre Jezi ba yo.

Yon ti tan anvan sa, lè Jezi te fè Jida ale pandan y ap manje manje Pak la, sanble li t al kot prèt an chèf yo tou dwat. Tousuit, yo konvoke gad ki souzòd yo ansanm ak yon gwoup sòlda. Petèt Jida te mennen yo toudabò kote Jezi ak apot li yo te selebre fèt Pak la. Lè Jida wè yo gentan ale, li fè gwo foul moun ki te gen zam nan men yo e ki te vin ak lanp ak tòch yo suiv li, yo kite Jerizalèm e yo travèse ravin Kidwòn.

Pandan Jida ap mennen gwo foul moun nan nan mòn Oliv, li sèten li konn ki kote l ap jwenn Jezi. Nan semèn ki sot pase a, pandan Jezi ak apot yo t ap fè ale vini ant Betani ak Jerizalèm, souvan yo te rete nan jaden Jetsemane pou yo poze e pou yo pale. Men, kounye a, kòm pye oliv yo sanble anpeche moun wè Jezi nan fènwa a, ki jan sòlda yo t apral fè rekonèt li? Yo gendwa potko janm wè l anvan sa. Se poutèt sa Jida ba yo yon siy, li di: “Moun mwen bo a, se li menm. Arete l, eskòte l mennen l ale.”

Jida mennen gwo foul moun nan nan jaden an, li wè Jezi ak apot li yo, epi li mache dwat sou Jezi, li di: “Bonjou, Anseyan,” epi li bo l.

Jezi di l: “Zanmi, sa w vin fè la a?” Ansuit, li reponn kesyon an poukont li, li di: “Jida, se avèk yon bo w ap trayi Pitit lòm nan?” Men, Jezi pa okipe trèt la ankò. Li avanse nan limyè tòch yo ak lanp yo epi li mande: “Ki moun n ap chèche?”

Yo reponn li: “Jezi, moun Nazarèt la.”

Jezi kanpe devan yo tout avèk kouraj, li di yo: “Se mwen menm.” Tèlman mesye yo sezi wè jan l gen kran e yo pa konnen sa k pral rive, yo rale bak e yo tonbe atè.

Jezi kontinye pale avèk yo byen kalm, li di: “Mwen di nou se mwen menm. Donk, si se mwen n ap chèche, kite moun sa yo ale.” Yon ti tan anvan sa, pandan Jezi ak apot fidèl li yo te nan pyès aletaj la, li priye Papa l, li di l li pwoteje apot fidèl li yo, e pa gen youn nan yo ki pèdi, “eksepte pitit destriksyon an”. Donk, pou sa l te di a ka akonpli, li mande pou yo kite disip li yo ale.

Se lè sòlda yo retounen nan bonsans yo, yo kanpe e yo kòmanse mare Jezi, apot yo konprann sa k pral rive a. Yo di: “Seyè, èske nou mèt voye kout epe?” Anvan Jezi reponn, Pyè rale youn nan de epe apot yo te pote yo, li atake yon esklav gran prèt la ki rele Malkis. Pyè rate tèt esklav la, men li koupe zòrèy dwat li.

Men, Jezi di: “Sa sifi!” Li manyen zòrèy Malkis e li geri l. Ansuit, li anseye yon leson enpòtan. Li bay Pyè lòd, li di: “Mete epe w la nan plas li, paske tout moun ki pran epe ap peri anba epe. Kòmsi, ou panse mwen pa ta ka rele Papa m pou l ban m plis pase douz rejiman zanj kounye a menm?”

Jezi dakò pou yo arete l, paske li di: “Kòman Ekriti yo t ap fè reyalize, yo menm ki di se konsa sa dwe pase?” Epi li di: “Koup Papa m ban mwen an, èske se pa pou m bwè l kanmenm?” Li dakò nèt ak sa Bondye vle pou li!

Apre sa, Jezi di foul la: “Apa nou vin ak epe ak baton pou nou arete m tankou se yon vòlè m ye! Chak jou, mwen te konn chita nan tanp lan ap anseye, epoutan nou pa t arete m. Men, tout sa rive dekwa pou sa pwofèt yo te ekri yo ka reyalize.”

Lè sa a, sòlda yo ak kòmandan an ansanm ak gad Juif yo te voye yo met men sou Jezi e yo mare l. Lè apot yo wè sa, yo abandone Jezi e yo kouri ale. Sepandan, gen yon jennonm, petèt se disip Mak, ki rete nan foul la. Sanble, li te nan kay kote Jezi te selebre fèt Pak la, e ansuit li te suiv foul la. Men, kounye a, yo rekonèt li e yo eseye met men sou li. Men, li kite rad len ki te sou li a nan men yo e li chape poul li. Matye 26:47-56; Mak 14:43-52; Lik 22:47-53; Jan 17:12; 18:3-12.

▪ Poukisa Jida sèten l ap jwenn Jezi nan jaden Jetsemane?

▪ Ki jan Jezi montre li gen sousi pou apot li yo?

▪ Ki aksyon Pyè fè pou l defann Jezi? Men, ki sa Jezi di Pyè sou sa?

▪ Ki jan Jezi montre li dakò nèt ak sa Bondye vle pou li?

▪ Lè apot yo abandone Jezi, kiyès ki rete, e ki sa k rive l?