Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Li nan gwo soufrans sou poto a

Li nan gwo soufrans sou poto a

Chapit 125

Li nan gwo soufrans sou poto a

PANDAN yo prale ak Jezi, yo mennen de bandi pou yo egzekite ansanm avè l. Foul moun yo kanpe yon kote ki pa twò lwen vil la ki rele Gòlgota oubyen Plas Zo Tèt.

Yo retire rad sou prizonye yo. Apre sa, yo ba yo diven ki melanje ak yon dwòg ki rele lami. Sanble, se medam Jerizalèm yo ki prepare l, e Women yo pa gen pwoblèm pou yo bay moun yo pral met sou poto yo bwason sa a ki kalme doulè. Men, lè Jezi goute l, li refize bwè l. Poukisa? Sandout se paske li vle rete ak tout bonsans li diran gwo eprèv sa a lafwa l ap sibi a.

Kounye a, yo mete Jezi kouche sou poto a, e yo mete men l anlè tèt li. Apre sa, sòlda yo kloure men l ak pye l ak gwo klou. Li tòde anba doulè lè klou yo ap pèse chè l. Lè yo met poto a kanpe, doulè a ap koupe souf li, paske pwa kò l fè klou yo chire kote yo antre a. Epoutan, olye Jezi menase sòlda women yo, li priye pou yo, li di: “Papa, padone yo, paske yo pa konn sa y ap fè a.”

Pilat mete yon pankat sou poto a ki ekri: “Jezi, moun Nazarèt la, Wa Juif yo.” Sanble, li ekri sa nonsèlman paske li gen respè pou Jezi, men paske li pa kontan poutèt prèt juif yo fòse l kondane Jezi amò. Pou tout moun ka konprann pankat la, Pilat fè ekri l nan twa lang: ann ebre, an laten ofisyèl ak nan lang grèk pifò moun pale a.

Prèt an chèf yo, san wete Kayif ak Àn, santi yo kontrarye. Pawòl sa a Pilat pran desizyon fèm pou l ekri a vin gate viktwa yo a. Se sa k fè yo pa dakò, yo di: “Pa ekri: ‘Wa Juif yo’, ekri pito li di: ‘Mwen se Wa Juif yo.’” Pilat fache poutèt prèt yo te sèvi avè l tankou yon maryonèt, li reponn avèk yon mepri total, li di: “Sa m ekri a m ekri l nèt.”

Kounye a, prèt yo ansanm ak yon gwo foul moun rasanble kote y ap fè egzekisyon an, e prèt yo pa dakò ak sa ki ekri sou pankat la. Yo retounen ak fo temwayaj yo te bay nan moman Sanedren an t ap jije Jezi a. Se sa k fè se pa etonan lè moun k ap pase kòmanse ap manke l dega, y ap souke tèt yo pou yo pase l nan rizib, yo di: “O, ou menm ki te vle kraze tanp lan pou w bati l nan twa jou, sove tèt ou! Si w se yon pitit Bondye, desann sou poto a!”

Prèt an chèf yo ak akolit yo pran pase l nan rizib tou, yo di: “Li sove lòt moun, li pa ka sove tèt li! Se Wa Izrayèl li ye, se pou l desann poto a kounye a, epi n a kwè nan li. Li met konfyans li nan Bondye, se pou Li delivre l kounye a si Li vle l, paske l te di: ‘Mwen se Pitit Bondye.’”

Sòlda yo antre nan bagay la, e yo tonbe pran plezi sou Jezi tou. Pou yo pase l nan jwèt, yo ofri l vinèg, sanble yo lonje l bò bouch li ki te sèch anpil. Yo manke l dega, yo di: “Si w se wa Juif yo, se pou w sove tèt ou.” Ata bandi ki sou poto bò kote Jezi yo, youn adwat e lòt la agoch, ap pase l nan rizib. Imajine sa! Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a, wi, Moun ki te patisipe nan kreye tout bagay avèk Jewova Dye a, aksepte yo fè l sibi tout move tretman sa yo!

Sòlda yo pran rad ki te sou Jezi yo, yo separe yo fè kat moso. Yo fè tiraj osò ak yo pou yo wè pou kiyès y ap ye. Men, rad li te gen pa anba rad ki te sou li yo san kouti, se yon rad bon kalite. Se poutèt sa sòlda yo di youn lòt: “Nou pap chire l. Annou fè tiraj osò avè l pito pou nou wè pou kiyès l ap ye.” Konsa, san yo pa rann yo kont, yo akonpli sa pasaj nan Ekriti yo di a: “Yo te separe rad mwen antre yo, e yo te fè tiraj osò ak rad mwen.”

Rive yon moman, youn nan bandi yo vin rann li kont genlè Jezi se yon wa vre. Se sa k fè li reprimande bandi parèy li a, li di l: “Ou pa krenn Bondye ditou ou menm, alòske w anba menm kondanasyon an? Pou nou menm se jistis, paske nou resevwa egzakteman sa nou merite pou sa nou fè, men mesye sa a pa fè anyen ki mal.” Apre sa, li di Jezi: “Sonje m lè w vin wa.”

Jezi reponn: “Anverite m ap di w sa jodi a: W ap avèk mwen nan Paradi a.” Pwomès sa a ap akonpli pandan Jezi ap dirije antanke Wa nan syèl la. Lè sa a, l ap resisite bandi sa a ki repanti pou l ka viv sou tè a nan Paradi a, kote moun ki pral pase Amagedòn vivan yo ansanm ak lòt moun ki pral viv ansanm ak yo ap gen privilèj pou yo pran swen Paradi sa a. Matye 27:33-44; Mak 15:22-32; Lik 23:27, 32-43; Jan 19:17-24.

▪ Poukisa Jezi refize bwè diven ki melanje ak dwòg ki rele lami an?

▪ Pou ki rezon sandout yo mete yon pankat sou poto Jezi a, e ki diskisyon sa vin lakòz ant Pilat ak prèt an chèf yo?

▪ Ki lòt move tretman yo fè Jezi sibi sou poto a, e ki sa k sanble lakòz sa?

▪ Ki jan sa yo fè ak rad Jezi yo akonpli yon pwofesi?

▪ Ki chanjman youn nan bandi yo fè, e ki jan Jezi pral reyalize yon demann li fè l?