Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Li parèt plizyè fwa ankò

Li parèt plizyè fwa ankò

Chapit 129

Li parèt plizyè fwa ankò

JISKA prezan disip yo dekouraje. Yo pa konprann ki jan kavo a fè vid, ni yo pa kwè sa medam yo vin di yo a. Se konsa, pita nan menm jou dimanch lan, Kleyopas ak yon lòt disip sot Jerizalèm pou y al Emayis ki nan yon distans anviwon 11 kilomèt.

Detan yo sou wout y ap pale sou bagay ki rive pandan jounen an, gen yon moun yo pa rekonèt ki vin kontinye wout la avèk yo. Li mande yo: “Sou ki sa n ap pale pandan n ap mache a?”

Disip yo kanpe ak figi yo tou tris, epi Kleyopas reponn: “Èske w se yon etranje k ap viv poukont ou Jerizalèm ki fè w pa konn sa k te pase nan vil sa a nan jou sa yo?” Li mande yo: “Ki sa k te pase?”

Yo reponn li: “Bagay ki gen rapò ak Jezi, moun Nazarèt la [...], prèt an chèf nou yo ak chèf nou yo te livre l pou yo kondane l amò e yo te kloure l sou yon poto. Men, nou te gen espwa se mesye sa a ki te gen pou delivre Izrayèl la.”

Kleyopas ak disip ki avè l la esplike moun nan evènman estrawòdinè ki pase jou sa a. Yo esplike l sa yo te rakonte yo anrapò ak vizyon zanj yo ak kavo ki vid la. Men ansuit, yo fè l konnen yo pa fin konprann sa bagay sa yo vle di. Moun yo pa rekonèt la di yo: “O! Gad ki jan nou manke konprann e nou mal pou kwè tout bagay pwofèt yo te di yo! Èske Kris la pa t gen pou l te sibi bagay sa yo pou l te ka jwenn glwa?” Apre sa, li entèprete pasaj ki gen nan Ekriti sakre yo ki gen rapò ak Kris la.

Finalman, yo rive toupre Emayis, e moun yo pa rekonèt la fè kòmsi li prale. Men, kòm disip yo ta renmen konn plis bagay toujou, yo di: “Ret avèk nou, paske li prèske lannuit.” Donk, li rete pou l manje avèk yo. Lè l fin priye li kase pen an e li lonje l ba yo, yo rekonèt se Jezi ki parèt nan fòm kò moun. Men lè sa a, li disparèt.

Se kounye a yo konprann ki jan mesye a te fè konn tout bagay sa yo. Youn di lòt: “Èske nou pa t santi tankou se yon dife ki t ap boule nan kè nou pandan l t ap pale avèk nou sou wout la, lè li t ap byen esplike nou Ekriti yo?” Menm kote a, yo leve, yo kouri tounen Jerizalèm, e yo jwenn apot yo ak lòt disip yo ki te reyini. Kleyopas ak disip ki te avè l la poko menm pale, lòt disip yo kouri di yo: “Se toutbon Seyè a leve wi, e li te parèt devan Simon!” Lè sa a, yo toule de rakonte jan Jezi te parèt devan yo tou. Sa fè kat fwa nan jounen an, li parèt devan plizyè nan disip li yo.

Bridsoukou, Jezi parèt yon senkyèm fwa. Byenke disip yo take pòt kote yo ye a paske yo pè Juif yo, Jezi antre, li kanpe nan mitan yo, e li di yo: “Lapè avèk nou.” Yo panike, paske yo panse se yon espri yo wè. Se sa k fè Jezi esplike yo se pa yon aparisyon, li di: “Poukisa nou boulvèse, e poukisa nou kòmanse gen dout nan kè nou? Gade men m ak pye m. Se mwen menm wi. Manyen m pou nou wè, paske yon espri pa gen chè ak zo jan nou wè mwen genyen an.” Malgre sa, yo poko fin kwè.

Pou Jezi ka fè yo konprann se li menm vre, li di: “Ki sa nou gen la a pou moun manje?” Apre yo fin ba li yon moso pwason boukannen e li manje l, li di: “Sonje lè m te avèk nou [anvan m mouri] mwen te di nou pawòl sa yo, yon fason pou tout bagay ki ekri sou mwen nan lwa Moyiz la, nan liv pwofèt yo ak nan Sòm yo ka akonpli.”

Anfèt, Jezi kontinye fè sa nou konsidere kòm yon etid Labib avèk yo pou l anseye yo, li di yo: “Men sa ki ekri: Kris la gen pou l soufri e li gen pou l leve sot nan lanmò sou twazyèm jou a, e se grasa non l, yo gen pou yo preche yon mesaj repantans nan tout nasyon pou moun ka jwenn padon pou peche yo fè. Kòmanse depi Jerizalèm, nou gen pou nou bay temwayaj sou bagay sa yo.”

Pou yon rezon kèlkonk, Toma pa t nan reyinyon enpòtan sa a dimanch swa. Se sa k fè, nan jou ki vin apre yo, lòt disip yo di l ak kè kontan: “Nou te wè Seyè a!”

Toma pa vle kwè, li di: “Si mwen pa wè mak klou yo nan men l, si mwen pa foure dwèt mwen nan mak klou yo e si mwen pa foure men m bò kòt li, mwen pa gendwa kwè.”

Ebyen, uit jou apre, disip yo reyini ankò anndan kay la. Fwa sa a, Toma ansanm avèk yo. Byenke pòt yo take, Jezi vini, li kanpe yon lòt fwa ankò nan mitan yo, e li di yo: “Lapè avèk nou.” Apre sa, li vire bò kot Toma, li di l: “Mete dwèt ou la a, gade men m, pran men w mete l bò kòt mwen. Sispann doute.”

Toma di l: “Seyè mwen! Bondye mwen!”

Jezi di l: “Paske w wè m ou kwè? Byennere moun ki pa wè, epoutan ki kwè.” Lik 24:11, 13-48; Jan 20:19-29.

▪ Etan de disip sou wout pou y al Emayis, ki kesyon yon moun yo pa rekonèt poze yo?

▪ Ki sa moun disip yo pa rekonèt la di ki fè yo santi tankou se yon dife k ap boule nan kè yo?

▪ Ki jan disip yo vin konnen kiyès moun yo pa t rekonèt la ye?

▪ Lè Kleyopas ak disip ki akonpaye l la retounen Jerizalèm, ki sa lòt disip yo kouri di yo?

▪ Ki lè Jezi parèt devan disip li yo yon senkyèm fwa, ki sa k rive lè sa a?

▪ Ki sa k pase uit jou apre Jezi te parèt senkyèm fwa a, e ki jan Toma rive kwè Jezi vivan?