Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Li remèt yo l e y al avè l

Li remèt yo l e y al avè l

Chapit 124

Li remèt yo l e y al avè l

FASON Jezi rete kalm avèk diyite apre yo fin tòtire l pouse Pilat eseye lage l ankò, e sa fè prèt an chèf yo vin pi an kòlè toujou. Yo deside pou yo pa kite anyen anpeche yo reyalize pwojè malveyan yo genyen an. Se poutèt sa yo rekòmanse rele byen fò, yo di: “Kloure l sou yon poto! Kloure l sou yon poto!”

Pilat reponn yo: “Pran l nou menm epi kloure l sou yon poto.” ​(Kontrèman ak sa Juif yo te di anvan an, sanble yo gen pouvwa pou yo egzekite moun ki fè yon fot grav nan domèn relijye.) Apre sa, Pilat deklare Jezi inosan, e sa fè omwen senkyèm fwa li fè sa. Men sa l di: “Mwen pa jwenn anyen ki montre li koupab.”

Lè Juif yo wè akizasyon politik yo met sou do Jezi yo pa bay okenn rezilta, yo retounen ak akizasyon relijye yo te lage sou do l sa gen plizyè èdtan, nan moman yo t ap jije l devan Sanedren an, lè yo te di l ap fè blasfèm nan. Yo di: “Nou gen yon lwa, e dapre lwa sa a li dwe mouri, paske li fè tèt li pase pou pitit Bondye.”

Se premye fwa Pilat tande akizasyon sa a, e sa fè l vin pi pè toujou. Kounye a, li rann li kont Jezi pa nenpòt ki moun, jan rèv madanm li te fè a ak kouraj estrawòdinè Jezi genyen an montre sa. Men, “pitit Bondye” menm? Pilat konnen Jezi se moun Galile. Men, èske li posib pou l te egziste anvan sa? Pilat antre avè l nan palè a ankò, li mande l: “Ki kote w soti?”

Jezi ret an silans. Yon ti tan anvan sa, li te deja di Pilat li se yon wa, men Wayòm li an pa fè pati monn sa a. Kounye a, sa pap itil anyen pou l bay plis esplikasyon. Sepandan, Pilat santi l vekse poutèt Jezi pa reponn, li fache sou Jezi, li di l: “Apa w pa reponn mwen? Ou pa konnen mwen gen pouvwa pou m lage w oswa pou m fè kloure w sou yon poto?”

Jezi reponn li avèk respè, li di: “Ou pa t ap gen okenn pouvwa sou mwen si Bondye nan syèl la pa t pèmèt sa.” Jezi ap pale de otorite Bondye pèmèt moun ki chèf sou tè a genyen pou yo dirije. Apre sa, li di: “Se poutèt sa, moun ki livre m ba ou a fè yon pi gwo peche.” Anfèt, Kayif, gran prèt la, ak konplis li yo ansanm ak Jida Iskaryòt, yo tout gen pi gwo responsablite pase Pilat, poutèt tretman enjis yo fè Jezi sibi.

Jezi fè Pilat pi sezi toujou, e Pilat pè, paske Jezi ka soti bò kote Bondye vre. Se poutèt sa li fè efò ankò pou l lage l. Sepandan, Juif yo pa okipe Pilat. Yo retounen ak akizasyon politik yo te fè a, yo fè l menas, e yo di l avèk riz: “Si w lage mesye sa a, ou pa zanmi Seza. Yon moun ki fè tèt li pase pou wa, moun sa a kont Seza.”

Pilat mennen Jezi deyò a ankò, malgre konsekans grav sa ka genyen, li eseye touche kè Juif yo yon lòt fwa ankò, li di: “Gade! Men wa nou an!”

Yo rele byen fò: “Elimine l! Elimine l! Kloure l sou yon poto!”

Pilat santi l about, li di yo: “Èske se pou m kloure wa nou an sou yon poto?”

Juif yo pa kontan dèske y ap viv anba dominasyon Women yo. Anfèt, yo rayi dominasyon Wòm. Men, avèk ipokrizi, prèt an chèf yo di: “Nou pa gen lòt wa apa Seza.”

Pilat pè pou pozisyon ak repitasyon politik li genyen. Finalman, li sede devan sa Juif yo pa sispann mande a. Li remèt yo Jezi. Sòlda yo retire rad wouj vyolèt la sou li e yo mete rad pa l yo sou li. Pandan y ap mennen Jezi pou y al kloure l, yo fè l pote poto a.

Kounye a, nou nan mitan matine vandredi 14 Nizan an, petèt li prèske midi. Depi jedi granmmaten, Jezi debou e se youn apre lòt li pase anba gwo soufrans. Nou ka konprann sa, li pa gen fòs ankò pou l pote poto a. Se sa k fè, detan yon mesye ki rele Simon, moun Sirèn, yon kote ann Afrik, ap pase, yo ba l lòd pou l pote poto a. Pandan y aprale, gen anpil moun k ap suiv yo, ansanm ak yon bann medam, yo t ap frape lestomak yo tèlman yo te nan lapenn e yo t ap rele pou Jezi.

Jezi vire gad medam yo, li di: “Pitit fi Jerizalèm, sispann kriye pou mwen. Okontrè, kriye pou tèt nou ak pou pitit nou yo. Paske, gade! gen jou k ap rive kote moun pral di: ‘Byennere fi ki pa ka fè pitit yo, fi ki pa t fè pitit yo ansanm ak sa yo ki pa t bay pitit tete yo!’ [...] Si yo fè bagay sa yo lè pyebwa a vèt, sa k ap pase lè l vin sèch?”

Jezi ap pale konsènan nasyon juif la ki sanble ak yon pyebwa ki vèt toujou, sètadi ki gen vi ladan l toujou, paske Jezi la avèk yo e gen yon ti rès moun ki kwè nan li ki la tou. Men, lè moun sa yo pa la nan nasyon an ankò, sa k ap rete sèlman nan domèn espirityèl se yon pyebwa ki mouri, wi, se yon nasyon ki sèch k ap rete. Wi, y ap vrèman gen rezon pou yo kriye lè Bondye pral sèvi ak lame women an pou l detwi nasyon juif la! Jan 19:6-17; 18:31; Lik 23:24-31; Matye 27:31, 32; Mak 15:20, 21.

▪ Ki akizasyon chèf relijye yo lage sou do Jezi lè yo wè akizasyon politik yo te fè yo pa bay okenn rezilta?

▪ Poukisa Pilat vin pi pè toujou?

▪ Kiyès ki fè pi gwo peche pou sa k rive Jezi a?

▪ Finalman, ki jan prèt yo rive fè Pilat livre Jezi pou y al egzekite l?

▪ Ki sa Jezi di medam k ap kriye pou li yo, e ki sa l vle di lè l di pyebwa a “vèt” ak lè l di l “sèch”?