Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Li reponn moun k ap akize l yo

Li reponn moun k ap akize l yo

Chapit 30

Li reponn moun k ap akize l yo

LÈ CHÈF relijye juif yo te akize Jezi kòm moun k ap vyole saba, li reponn yo: “Papa m kontinye travay jis kounye a, e mwen menm tou, mwen kontinye travay.”

Malgre sa Farizyen yo pretann, sa Jezi ap fè yo se pa bagay lwa sou saba a kondane. Travay predikasyon an ak gerizon Jezi ap fè yo se Bondye ki ba l fè yo. Menm jan Bondye pa sispann travay, se menm jan an tou Jezi kontinye fè travay li toulejou. Sepandan, repons Jezi bay Juif yo fè yo vin pi an kòlè toujou, e y ap chèche touye l. Poukisa?

Paske kounye a yo panse se pa sèlman lwa sou saba a Jezi vyole, men yo panse tou se blasfèm l ap fè poutèt li di li se Pitit Bondye. Sepandan, Jezi pa kraponnen, li di yo plis bagay toujou konsènan relasyon espesyal li gen ak Bondye. Li di yo: “Papa a gen afeksyon pou Pitit la, e li montre l tout bagay li menm li fè.”

Anplis de sa, li di yo: “Menm jan Papa a leve moun ki mouri yo e li ba yo lavi, se konsa tou Pitit la bay moun li vle lavi.” Annefè, nan yon sans espirityèl, Pitit la deja ap leve moun ki mouri. Men sa l di: “Yon moun ki tande pawòl mwen e ki kwè sila a ki voye m nan [...] soti nan lanmò pou l vin nan lavi.” Apre sa, li di: “Lè a rive kounye a, kote moun ki mouri yo pral tande vwa Pitit Bondye a, e sa ki koute yo ap viv.”

Byenke Jezi poko resisite okenn moun, li di moun k ap akize l yo mò pral resisite. Li di yo: “Nou pa bezwen sezi pou sa, paske lè a ap rive kote tout moun ki nan tonm yo pral tande vwa l e y ap soti.”

Sanble Jezi potko janm rete an piblik pou l di wòl enpòtan li jwe nan objektif Bondye yon fason klè konsa. Men, moun k ap akize Jezi yo gen lòt prèv sou bagay sa yo pase pwòp temwayaj Jezi a. Men sa Jezi fè yo sonje: “Nou te voye moun kot Jan, e li te bay temwayaj sou laverite.”

Sa gen sèlman dezan depi Jan ki te konn batize moun nan te pale ak chèf relijye juif sa yo konsènan moun k ap vin apre l la. Jezi fè yo sonje gen yon lè yo te gen anpil konsiderasyon pou Jan ki nan prizon kounye a. Li di yo: “Pandan yon ti moman, nou te dispoze rejwi anpil nan limyè l ap bay la.” Jezi fè yo sonje sa, paske l gen espwa l ap ka ede yo, wi, l ap ka ede yo pou yo sove. Sepandan, Jezi pa bezwen Jan bay temwayaj sou li.

Se sa k fè Jezi di yo: “Travay m ap fè yo [sa gen ladan l mirak li te fèk fè a] montre se Papa a ki voye m.” Mete sou sa, li di yo: “Se Papa a ki voye m nan menm ki bay temwayaj sou mwen.” Pa egzanp, Bondye te bay temwayaj sou Jezi lè l t ap batize, men sa l te di: “Men Pitit Gason m nan, pitit mwen renmen anpil la.”

An reyalite, moun k ap akize Jezi yo pa gen okenn eskiz pou yo rejte l. Paske, Ekriti yo yo swadizan ap fouye yo bay temwayaj sou Jezi. Se sa k fè Jezi di yo: “Si nou te kwè nan Moyiz, nou t ap kwè nan mwen tou, paske li te ekri bagay ki konsène m. Men, si nou pa kwè nan sa l te ekri yo, kòman n ap fè kwè nan sa m di yo?” Jan 5:17-47; 1:19-27; Matye 3:17.

▪ Poukisa travay Jezi ap fè a pa vyole saba?

▪ Ki jan Jezi esplike wòl enpòtan li jwe nan objektif Bondye?

▪ Konsènan temwayaj kiyès Jezi pale pou l pwouve li se Pitit Bondye?