Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Li retounen lakay li Kapènawòm

Li retounen lakay li Kapènawòm

Chapit 26

Li retounen lakay li Kapènawòm

KOUNYE A, renome Jezi gaye tout kote nan peyi a, e anpil moun deplase al nan zòn izole kote Jezi al pran refij yo. Sepandan, apre kèk jou, Jezi pase pa lanmè Galile pou l retounen Kapènawòm. Yon ti moman, moun nan vil la gentan konnen Jezi tounen lakay li, e anpil moun vin nan kay kote l ye a. Gen Farizyen ak anseyan Lalwa ki sot byen lwen, genyen ki sot jis Jerizalèm.

Tèlman gen moun devan pòt la, pa gen kote pou moun pase pou yo antre anndan an. Se nan sikonstans sa a, yon evènman ki vrèman estrawòdinè pral pase. Sa ki rive nan okazyon sa a enpòtan anpil, paske sa ede nou konprann Jezi gen pouvwa pou l elimine rezon ki fè lèzòm ap soufri e pou l fè tout moun li chwazi yo jwenn lasante.

Pandan Jezi ap anseye foul la, gen kat mesye ki mennen yon mesye paralize ki sou yon branka vin nan kay la. Yo ta renmen Jezi geri zanmi yo a, men, akoz foul moun ki la yo, yo pa ka antre anndan kay la. Se pa ti kontrarye mesye yo kontrarye! Sepandan, yo pa dekouraje. Yo monte sou tèt kay la ki plat, yo fè yon twou ladan l, epi yo file branka a desann ak tout mesye ki paralize a sou li toupre Jezi.

Èske Jezi fache poutèt yo entèwonp li? Jamè! Okontrè, Jezi enpresyone anpil lè l wè lafwa yo genyen. Li di mesye ki paralize a: “Peche w yo padone.” Men, èske Jezi ka padone peche vre? Espè nan Lalwa yo ak Farizyen yo pa panse li ka fè sa. Yo t ap di nan kè yo: “Poukisa mesye sa a ap pale konsa? L ap blasfeme. Èske se pa Bondye sèlman ki ka padone peche?”

Jezi konn sa k nan lespri yo. Li di yo: “Poukisa n ap fè rezònman sa yo nan kè nou? Ki sa ki pi fasil pou m di mesye ki paralize a: ‘Peche w yo padone’, oswa: ‘Leve, pran branka w la epi mache’?”

Apre sa, Jezi bay foul la ansanm ak moun k ap kritike l yo yon prèv ki montre aklè li gen pouvwa pou l padone peche sou tè a e ki montre li se vrèman moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a. Li vire gade mesye ki paralize a e li di l: “Leve, pran branka w la, epi al lakay ou.” Menm kote a, mesye a leve, li pran branka l la e li mache sot deyò devan yo tout! Sa fè tout moun sezi, yo bay Bondye glwa e yo di: “Nou pa janm wè yon bagay konsa.”

Èske w remake Jezi montre gen yon relasyon ant peche ak maladi e gen yon relasyon ant jwenn padon pou peche ak jwenn lasante? Labib esplike premye paran nou, Adan, te peche, e nou tout sibi konsekans peche l la, sètadi maladi ak lanmò. Men, anba dominasyon Wayòm Bondye a, Jezi Kris pral padone peche tout moun ki renmen Bondye e ki sèvi L. Lè sa a, tout maladi pral disparèt. Se pa ti bèl sa pral bèl! Mak 2:1-12; Lik 5:17-26; Matye 9:1-8; Women 5:12, 17-19.

▪ Nan ki sikonstans yon evènman ki vrèman estrawòdinè t apral pase?

▪ Ki jan mesye ki paralize a fè rive kot Jezi?

▪ Poukisa nou tout peche, e ki jan Jezi bay espwa padon pou peche ak yon sante pafè se bagay ki posib?