Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Li sèvi ak parabòl pou l anseye

Li sèvi ak parabòl pou l anseye

Chapit 43

Li sèvi ak parabòl pou l anseye

SANBLE se Kapènawòm Jezi ye lè l reprimande Farizyen yo. Pita, nan menm jou a, li kite kay la, l al bò lanmè Galile ki pa twò lwen, kote gen gwo foul moun ki rasanble. Lè l rive, li monte nan yon bato, l al yon tikras pi lwen e li kòmanse anseye moun ki sou rivaj yo konsènan Wayòm syèl la. Pou l fè sa, li bay yon seri parabòl oswa egzanp ki baze sou bagay moun yo abitye.

Nan premye a, Jezi pale de yon moun ki al simen semans. Gen kèk semans ki tonbe bò chemen an, e zwazo manje yo. Gen lòt semans ki tonbe sou tè ki gen yon karyann anba l. Etandone rasin ti plant ki fèk leve yo pa fon ase, yo seche anba gwo solèy. Gen lòt semans ki tonbe nan mitan pye pikan, e lè pye pikan yo grandi, yo toufe yo. Finalman, gen kèk semans ki tonbe nan bon tè. Genyen ki bay san fwa lavalè, genyen ki bay swasant, e genyen ki bay trant.

Nan yon lòt parabòl, Jezi konpare Wayòm Bondye a ak yon moun ki al simen semans. Ofiramezi jou ap pase, misye dòmi l leve, e semans lan pouse. Men li pa konn ki jan semans lan fè pouse. Semans lan pouse poukont li e li donnen. Lè grenn yo vin mi, misye rekòlte yo.

Jezi bay yon twazyèm parabòl konsènan yon moun ki al simen bon semans. Men, “pandan tout moun ap dòmi”, yon ènmi vini e li simen move zèb nan mitan ble a. Sèvitè moun ki t al simen semans lan mande l si yo dwe rache move zèb yo. Men, li reponn yo: ‘Non, n ap rache ble a si nou fè sa. Kite yo toule de grandi ansanm jiskaske rekòt la rive. Apre, m ap di moun k ap rekòlte yo pou yo rache move zèb yo, pou yo boule yo e pou yo mete ble a nan depo.’

Pandan Jezi kontinye pale ak foul moun yo ki sou rivaj la, li bay de lòt parabòl. Li di “wayòm syèl la” sanble ak yon grenn moutad yon moun plante. E li di byenke se grenn ki pi piti nan tout semans, lè l grandi li fè pi gwo pye legim ki genyen. Li vin tounen yon pyebwa zwazo nan syèl la vin sou li, e yo jwenn kote pou yo abite nan branch li.

Gen kèk moun jodi a ki pa dakò ak Jezi poutèt gen semans ki pi piti pase grenn moutad. Men, Jezi pa t ap bay leson sou plant. Pami semans Galileyen yo te abitye wè nan epòk Jezi a, se grenn moutad ki te pi piti vre. Donk, lè Jezi bay parabòl la, sa te pèmèt yo byen konprann ki jan yon bagay kapab grandi yon fason estrawòdinè.

Finalman, Jezi konpare “wayòm syèl la” ak ledven yon fi pran epi li melanje l ak twa gwo mezi farin. Li di, rive yon lè, ledven an gaye nan tout pat la nèt.

Apre Jezi fin bay senk parabòl sa yo, li voye foul moun yo ale e li retounen nan kay kote l rete a. Yon ti tan apre sa, 12 apot li yo ak lòt disip vin jwenn li la.

Yo tire pwofi nan parabòl Jezi yo

Lè disip Jezi yo vin jwenn li apre li fin pale ak foul moun yo ki te sou rivaj la, yo chofe pou yo gen enfòmasyon sou nouvo metòd li te itilize pou anseye moun yo. Se vre anvan sa yo te konn tande l k ap sèvi ak parabòl, men li pa t janm bay tout parabòl sa yo yon sèl kou. Se poutèt sa yo mande Jezi: “Poukisa w sèvi ak parabòl pou w pale avèk yo?”

Youn nan rezon ki fè li fè sa se pou l ka akonpli pawòl pwofèt la te di a: “M ap sèvi ak parabòl pou m pale, m ap fè konnen bagay ki te kache depi lè monn nan te fonde.” Men, gen lòt rezon ankò ki fè l fè sa. Li sèvi ak parabòl pou l montre nan ki eta kè moun yo ye.

Anfèt, sèl sa ki fè pifò moun enterese koute Jezi se paske yo konsidere l kòm yon moun ki fò nan rakonte istwa e ki konn fè mirak, men se pa paske yo konsidere l kòm yon moun ki diy pou yo sèvi antanke Seyè e pou yo suiv san se pa avantaj yo wè. Moun sa yo pa vle moun deranje yo nan fason yo wè bagay yo oubyen nan fason y ap mennen vi yo. Yo pa vle mesaj la touche yo jis nan pwen sa a.

Se sa k fè Jezi di: “Se poutèt sa mwen sèvi ak parabòl pou m pale avèk yo, paske yo gade, men se pou granmesi yo gade, yo tande, men se pou granmesi yo tande, e yo pa konprann sa yo tande a. Pwofesi Izayi a reyalize sou yo. Men sa l di: ‘[...] Kè pèp sa a vin di.’ ”

Apre sa, Jezi di: “Sepandan, nou menm, nou byennere paske je nou ap gade, e zòrèy nou ap tande. Paske, anverite m ap di nou sa: Gen anpil pwofèt ak anpil moun ki jis ki te anvi wè bagay n ap gade yo, men yo pa t wè yo, e yo te anvi tande bagay n ap tande yo, men yo pa t tande yo.”

Anfèt, 12 apot yo ak moun ki ansanm avèk yo pa gen kè di. Se poutèt sa Jezi di yo: “Nou menm, yo pèmèt nou konprann sekrè sakre wayòm syèl la, men moun sa yo, yo pa fè sa pou yo.” Etandone disip yo ta renmen konprann sa Jezi te anseye yo, li esplike yo parabòl moun k ap simen an.

Jezi di: “Semans lan, se pawòl Bondye a” e tè a se kè moun yo. Li fè konnen, kanta semans ki tonbe sou tè di ki bò chemen an, “Dyab la vini, li retire pawòl la nan kè yo, dekwa pou yo pa kwè pou yo pa sove”.

Yon lòt bò, semans ki tonbe nan tè ki gen karyann anba l la reprezante kè moun ki byen kontan resevwa pawòl la. Sepandan, lefètke pawòl la pa ka pran rasin nan kè moun sa yo, yo tonbe lè yo nan moman eprèv oswa nan moman pèsekisyon.

Apre sa, Jezi fè konnen, kanta semans ki tonbe nan mitan pye pikan yo, yo reprezante moun ki tande pawòl la. Men, enkyetid, richès ak plezi ki gen nan lavi sa a pran tèt yo, konsa yo toufe e yo pa pwodui anyen ki bon nèt.

Anfen, Jezi di, kanta semans ki tonbe nan bon tè a, se moun ki tande pawòl la ak yon kè ki pwòp e ki bon, apre sa, yo kenbe pawòl la e yo bay fwi avèk andirans.

Se pa ti benediksyon disip Jezi yo jwenn lefètke yo te chèche Jezi pou l ba yo esplikasyon sou sa l te anseye yo! Jezi vle yo konprann parabòl li te bay yo pou yo ka pataje laverite ak lòt moun. Li mande yo: “Yo pa vin ak yon lanp pou yo mete l anba yon pànye oswa anba yon kabann, pa vre?” Non. Li di: “Yo vin avè l pou yo mete l sou yon etajè.” Apre sa, li di: “Kidonk, fè atansyon ak fason n ap koute.”

Yo beni poutèt yo resevwa plis ansèyman

Apre disip Jezi yo fin jwenn esplikasyon sou parabòl moun ki al simen semans lan, yo vle aprann plis bagay toujou. Yo di Jezi: “Esplike nou parabòl move zèb nan jaden an.”

Ala diferan atitid disip Jezi yo diferan ak atitid foul moun ki te bò lanmè a! Moun sa yo pa gen yon dezi sensè pou yo konprann sans parabòl Jezi bay yo, paske yo annik kontante yo ak pawòl Jezi di yo. Pou Jezi montre jan atitid moun ki t ap koute l bò lanmè yo diferan ak atitid disip li yo ki vin jwenn li nan kay la pou yo poze l kesyon, li di:

“Ak mezi nou mezire a, se avè l y ap mezire pou nou, wi, y ap ajoute plis sou li pou nou.” Sa disip yo mezire pou Jezi se enterè sensè ak atansyon yo montre yo genyen pou ansèyman l yo, e sa fè yo resevwa plis ansèyman kòm benediksyon. Se poutèt sa, pou Jezi reponn kesyon disip li yo, men esplikasyon li ba yo:

“Moun ki simen bon semans lan, se Pitit lòm nan. Jaden an, se monn nan. Kanta pou bon semans lan, se pitit wayòm nan. Men, move zèb yo, se pitit Mechan an, e lènmi ki simen yo a, se Dyab la. Moman rekòt la, se fen sistèm nan, e travayè k ap rekòlte yo, se zanj yo.”

Apre Jezi fin bay esplikasyon sou chak pati nan parabòl la, li esplike sa k pral pase. Li di, nan fen sistèm nan, travayè k ap rekòlte yo, sètadi zanj yo, ap separe vrè “pitit wayòm nan” ak swadizan kretyen yo ki sanble ak move zèb. Apre sa, yo pral mete yon mak sou “pitit Mechan an” pou yo detwi yo, men pitit Wayòm Bondye a, sètadi “moun ki jis yo”, pral briye anpil nan Wayòm Papa yo a.

Ansuit, Jezi beni disip ki vin poze l kesyon yo ak twa lòt parabòl. Toudabò, li di: “Wayòm syèl la sanble ak yon trezò yo sere nan yon jaden, epi yon mesye jwenn li, li sere l. Li tèlman kontan, l ale li vann tout sa l genyen e l achte jaden an.”

Apre sa, li di: “Anplis de sa, wayòm syèl la sanble ak yon komèsan k ap vwayaje pou l chèche bèl pèl. Lè l jwenn yon pèl ki gen anpil valè, l ale, e tousuit li vann tout sa l genyen epi l achte l.”

Jezi sanble ak mesye ki jwenn trezò yo sere a e li sanble ak komèsan ki jwenn pèl ki gen anpil valè a. Se kòmsi li vann tout bagay, li abandone gwo pozisyon li gen nan syèl la pou l vin yon senp moun. Apre sa, antanke moun sou tè a, li andire move tretman ak pèsekisyon vyolan, sa ki montre li diy pou l vin Wa nan Wayòm Bondye a.

Disip Jezi yo devan yon defi. Yo menm tou yo bezwen vann tout bagay pou yo ka jwenn gwo rekonpans lan: swa pou y al dirije avèk Kris, swa pou yo viv sou tè a anba dominasyon Wayòm nan. Èske n ap konsidere plas nou nan Wayòm Bondye a kòm yon bagay ki gen plis valè pase nenpòt lòt bagay nan lavi a, kòm yon kokenn trezò oubyen kòm yon pèl ki gen anpil valè?

Finalman, Jezi konpare “wayòm syèl la” ak yon filè ki pran tout kalite pwason. Lè yo fin triye pwason yo, yo voye sa k pa bon yo jete, men yo kenbe sa k bon yo. Donk, Jezi fè konnen se konsa sa ap ye nan fen sistèm nan. Zanj yo ap retire mechan yo nan mitan moun ki jis yo, e y ap rezève yo pou yo detwi yo.

Jezi kòmanse aktivite lapèch sa a lè l envite premye disip li yo vin “pechè moun”. Ofiramezi syèk ap pase, aktivite lapèch la kontinye fèt anba sipèvizyon zanj. Anfen, moman an rive pou yo rale “filè” a vini. Filè sa a reprezante travay predikasyon Wayòm nan ki pran tout kalite pwason.

Se vre yo rezève pwason ki pa bon yo pou yo detwi yo, men erezman yo pa jete “bon pwason” yo. Si nou demontre menm enterè sensè ak disip Jezi yo pou nou gen plis konesans ak plis konpreyansyon, nonsèlman n ap resevwa plis ansèyman kòm benediksyon, men tou Bondye ap ban nou lavi ki pap janm fini an kòm benediksyon. Matye 13:1-52; Mak 4:1-34; Lik 8:4-18; Sòm 78:2; Izayi 6:9, 10.

▪ Nan ki moman Jezi sèvi ak parabòl pou l pale ak foul moun yo e ki kote l fè sa?

▪ Site senk parabòl Jezi bay foul moun yo kounye a.

▪ Poukisa Jezi di se grenn moutad ki pi piti nan tout semans?

▪ Poukisa Jezi sèvi ak parabòl?

▪ Ki jan disip Jezi yo montre yo pa menm ak foul moun yo?

▪ Ki esplikasyon Jezi bay sou parabòl moun ki al simen semans lan?

▪ Ki jan disip yo montre yo diferan ak foul moun ki te sou rivaj la?

▪ Kiyès oubyen ki sa bagay sa yo reprezante: moun ki al simen semans lan, jaden an, bon semans lan, ènmi an, moman rekòt la ak travayè k ap rekòlte yo?

▪ Site twa lòt parabòl Jezi bay; ki sa nou ka aprann nan yo?