Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Li zele pou adorasyon Jewova

Li zele pou adorasyon Jewova

Chapit 16

Li zele pou adorasyon Jewova

FRÈ Jezi kot manman yo, sètadi lòt pitit Mari yo, rele Jak, Jozèf, Simon ak Jida. Anvan y al Kapènawòm, yon vil ki toupre lanmè Galile, ansanm ak Jezi ak disip li yo, sandout yo pase lakay yo nan vil Nazarèt pou fanmi an ka pran sa y ap bezwen.

Men, poukisa Jezi al Kapènawòm? Poukisa li pa annik kontinye preche nan Kana, nan Nazarèt oubyen yon lòt kote nan zòn ki gen mòn yo nan Galile? Toudabò, se paske Kapènawòm nan yon bon pozisyon e sandout se paske se yon gwo vil. Anplis de sa, pifò nan nouvo disip Jezi yo abite Kapènawòm oubyen toupre. Konsa, Jezi t ap kapab ba yo fòmasyon san yo pa bezwen kite zòn kote yo rete a.

Pandan tan Jezi pase Kapènawòm nan, li fè gwo mirak, e li pale de sa pèsonèlman kèk mwa annapre. Men, yon ti tan apre sa, Jezi ak disip li yo repran wout la ankò. Yo pral Jerizalèm pou y al asiste fèt Pak la nan prentan ane 30 epòk nou an. Pandan yo Jerizalèm, yo dekouvri yon bagay lakay Jezi sandout yo pa t janm remake anvan.

Selon Lwa Bondye a, Izrayelit yo te dwe ofri bèt kòm sakrifis. Se poutèt sa, machann nan Jerizalèm yo te konn vann zwazo ak lòt bèt, sa ki trè bon pou moun ki vin nan tanp lan. Sepandan, machann yo vin vann bèt yo nan tanp lan menm, e y ap eksplwate pèp la paske y ap fè mache nwa.

Jezi santi l endiye, li fè yon fwèt ak kòd e li mete machann yo deyò nan tanp lan. Li gaye pyès monnen moun k ap chanje lajan yo e li chavire tab yo. Epi li di moun k ap vann pijon yo: “Retire bagay sa yo la a! Sispann fè kay Papa m nan tounen yon kay kote yo fè komès!”

Lè disip Jezi yo wè sa, yo sonje pwofesi ki di konsènan Pitit Bondye a: “Zèl mwen genyen pou kay ou a ap tankou yon dife anndan m.” Men, lè sa a, Juif yo mande l: “Ki siy ou ka ban nou pou w montre nou ou gen dwa fè bagay sa yo?” Jezi reponn yo: “Kraze tanp sa a, e nan twa jou m ap mete l kanpe.”

Juif yo panse Jezi ap pale de tanp kote yo ye a, se poutèt sa yo di l: “Yo te pran karannsizan pou yo bati tanp sa a, epi ou menm, pou w ta mete l kanpe nan twa jou?” Men, lè Jezi t ap pale de tanp lan, se de kò l li t ap pale. Twazan apre, lè Jezi leve sot nan lanmò, disip li yo sonje pawòl sa a li te di a. Jan 2:12-22; Matye 13:55; Lik 4:23.

▪ Apre nòs ki te fèt Kana a, ki kote Jezi ale?

▪ Poukisa Jezi santi l endiye, e ki sa l fè lè sa a?

▪ Ki sa disip Jezi yo sonje lè yo wè aksyon l fè?

▪ Ki sa Jezi di konsènan “tanp sa a”, e ki sans sa l di a genyen?