Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Mesaj ki sot nan syèl la

Mesaj ki sot nan syèl la

Chapit 1

Mesaj ki sot nan syèl la

TOUT sa ki ekri nan Bib la se mesaj ki sot nan syèl la, paske se Papa nou ki nan syèl la ki bay yo pou enstwi nou. Sepandan, sa gen plis pase 2 000 an, gen yon zanj ki rele Gabriyèl, yon zanj ki “kanpe devan Bondye, toupre l”, ki te pote de mesaj espesyal. Annou egzamine sikonstans ki te oblije zanj Gabriyèl fè de vizit enpòtan sa yo sou tè a.

Nou nan ane 3 anvan epòk nou an. Gen yon prèt Jewova ki rele Zekarya k ap viv nan peyi Jide, nan yon zòn ki gen mòn, sandout pa twò lwen vil Jerizalèm. Mesye sa a ak madanm li, Elizabèt, granmoun, e yo pa gen pitit. Se tou pa Zekarya pou l sèvi kòm prèt nan tanp Bondye a nan Jerizalèm. Bridsoukou, Gabriyèl parèt adwat lotèl yo konn boule lansan an.

Zekarya pè anpil. Men, Gabriyèl ba l asirans, li di l: “Ou pa bezwen pè, Zekarya, paske Bondye tande siplikasyon w yo. Elizabèt, madanm ou, ap fè yon pitit gason pou ou. Ou dwe rele l Jan.” Apre sa, Gabriyèl di l Jan “ap vin yon moun enpòtan devan Jewova” e l ap “prepare yon pèp pou Jewova”.

Sepandan, Zekarya pa kwè pawòl li di l yo. Sa parèt tèlman enposib pou li menm ak Elizabèt gen yon pitit nan laj yo ye a. Se poutèt sa, Gabriyèl di l: “Poutèt ou pa kwè nan pawòl mwen di w yo, w ap bèbè, ou pap ka pale pou jis jou bagay sa yo fèt.”

Pandan tan sa a, moun ki deyò yo ap mande poukisa Zekarya pran tout tan sa a anndan tanp lan. Finalman, lè l sot deyò, li pa ka pale, men se sèlman siy li ka fè ak men l, konsa moun yo vin konprann li sot wè yon bagay ki pa nòmal.

Lè Zekarya fin fè tan li te gen pou l pase nan sèvis li nan tanp lan, li retounen lakay li. E yon ti tan apre, sa zanj lan te di l la reyalize: Elizabèt vin ansent! Pandan l ap tann moman pou l akouche, li ret lakay li pandan senk mwa, san l pa pran kontak ak moun.

Kèk tan apre, zanj Gabriyèl fè yon lòt aparisyon ankò. Ak kiyès li pale? Li pale ak yon jèn fi ki pa marye, ki rele Mari e ki abite nan vil Nazarèt. Ki mesaj li pote fwa sa a? Men sa zanj Gabriyèl di Mari: “Bondye fè w favè.” Apre sa, li di: “Gade! w ap vin ansent, w ap fè yon pitit gason, e ou dwe rele l Jezi.” Ansuit, Gabriyèl di l: “L ap vin yon moun enpòtan, y ap rele l Pitit Trèwo a. [...] Li va dirije tout kay Jakòb la antanke wa, pou toutan, e wayòm li an pap janm fini.”

Nou kapab sèten zanj Gabriyèl apresye privilèj li genyen pou l pote mesaj sa yo. Ofiramezi n ap li plis bagay sou Jan ak Jezi, n ap vin konprann pi byen poukisa mesaj sa yo ki sot nan syèl la enpòtan anpil. 2 Timote 3:16; Lik 1:5-33.

▪ Bay de mesaj enpòtan ki sot nan syèl la.

▪ Kiyès ki te pote mesaj sa yo, e bay kiyès li te pote yo?

▪ Poukisa li te difisil konsa pou yo kwè mesaj yo?