Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Moun ki ògeye yo ak moun ki enb yo

Moun ki ògeye yo ak moun ki enb yo

Chapit 39

Moun ki ògeye yo ak moun ki enb yo

APRE Jezi fin pale sou kalite Jan ki te konn batize moun nan genyen, li atire atansyon sou moun ki ògeye e ki pa fidèl ki antoure l yo. Men sa l di: “Jenerasyon sa a [...] tankou timoun ki chita sou plas piblik k ap pale ak timoun ki konn vin jwe avèk yo, y ap di yo byen fò: ‘Nou jwe flit pou nou, nou pa danse. Nou chante chante ki tris, nou pa frape lestomak nou pou nou montre nou nan lapenn.’”

Ki sa pawòl Jezi a vle di? Men esplikasyon li bay: “Jan vini, li pa manje li pa bwè menm bagay ak tout moun, moun yo di: ‘Li gen yon demon sou li.’ Pitit lòm nan vini, li manje li bwè menm bagay ak tout moun, malgre sa, moun yo di: ‘Gade! Nonm sa a se yon aloufa, se yon moun ki lage kò l nan bwè diven, li fè zanmi ak pèseptè ak moun k ap pratike peche.’”

Li enposib pou moun sa yo satisfè. Anyen pa fè yo plezi. Jan te mennen yon vi senp, yon vi sakrifis, tankou yon Nazireyen, pou l respekte deklarasyon zanj lan ki te di: “Li pa dwe bwè ni diven, ni okenn lòt bwason ki gen alkòl.” Epoutan, moun yo di li gen yon demon sou li. Yon lòt bò, Jezi viv tankou tout lòt moun, li pa di ak tèt li, men yo deklare li se yon aloufa.

Ala difisil sa difisil pou fè moun yo plezi! Yo tankou timoun k ap jwe ansanm, gen nan yo ki refize danse lè lòt yo jwe flit pou yo oubyen ki pa montre yo tris lè lòt yo chante chante tris pou yo. Sepandan, Jezi di: “Se bagay ki jis yon moun fè ki montre li gen sajès.” Anfèt, bagay Jan ak Jezi akonpli devan tout moun montre aklè akizasyon yo fè yo se manti.

Jezi kontinye pale, li atire atansyon sou twa vil, Korazin, Betsayida ak Kapènawòm e li kòmanse repwoche vil sa yo kote li te fè pifò nan mirak li yo. Li di si l te fè mirak sa yo nan Ti ak Sidon, de vil ki nan Fenisi, moun nan vil sa yo t ap mete twal sak sou yo, yo t ap chita nan sann pou yo montre yo repanti. Men sa Jezi di pou l kondane Kapènawòm, kote sanble li konn òganize aktivite l yo: “L ap pi fasil pou moun peyi Sodòm sipòte nan Jou Jijman an pase nou.”

Apre sa, Jezi bay Papa l ki nan syèl la louwanj devan tout moun. Rezon ki fè l fè sa, se paske Bondye kache verite ki gen anpil valè yo pou moun save ak moun lespri, men se moun ki enb, sètadi moun ki tankou timoun piti li revele bagay estrawòdinè sa yo.

Finalman, Jezi bay yon envitasyon ki ankourajan, li di: “Vin jwenn mwen, nou tout k ap redi e ki gen chay n ap pote, e m ap ban nou fòs. Pran jouk mwen an met sou zepòl nou, e aprann nan men m, konsa n ap jwenn fòs pou nanm nou, paske mwen gen tanperaman dou e mwen gen imilite nan kè m. Paske, jouk mwen an fasil pou moun pote e chay mwen bay la lejè.”

Ki jan Jezi bay moun fòs? Li fè sa lè l ede yo libere anba tradisyon ki kenbe yo nan esklavaj, yon seri tradisyon ki tankou yon pwa lou chèf relijye yo mete sou do pèp la. Sa gen ladan l, pa egzanp, yon seri règ strik sou saba. Anplis de sa, Jezi montre moun ki santi yo kraze anba pwa lou otorite yo mete sou do yo fason pou yo jwenn soulajman, e li fè menm bagay la tou pou moun ki santi konsyans yo ap kale yo poutèt peche yo tounen yon pwa lou pou yo. Li montre moun sa yo k ap soufri fason yo ka jwenn padon pou peche yo e fason yo ka vin gen bon relasyon ak Bondye.

Yon moun pran jouk Jezi ofri a, ki fasil pou pote, lè l vwe Bondye vi l, sa k ap pèmèt li sèvi Papa nou ki nan syèl la ki gen konpasyon ak mizèrikòd. E yon moun pran chay lejè Jezi ofri moun ki vin jwenn li yo, lè li obeyi sa Bondye mande pou yon moun fè pou l gen lavi, sètadi kòmandman Bondye yo ki nan Bib la. E se pa yon bagay ki lou ditou pou moun obeyi kòmandman sa yo. Matye 11:16-30; Lik 1:15; 7:31-35; 1 Jan 5:3.

▪ Nan ki sans moun ki ògeye e ki pa fidèl ki nan jenerasyon Jezi a sanble ak timoun?

▪ Ki sa k pouse Jezi bay Papa l ki nan syèl la louwanj?

▪ Nan ki sans moun yo gen yon pwa lou sou do yo, e ki soulajman Jezi ofri yo?