Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Moun ki pral prepare wout la fèt

Moun ki pral prepare wout la fèt

Chapit 3

Moun ki pral prepare wout la fèt

ELIZABÈT prèske akouche. Pandan twa dènye mwa yo, Mari rete ansanm avè l. Men kounye a, moman an rive pou Mari kite l e pou l retounen Nazarèt. Nan anviwon sis mwa, li menm tou li gen pou l akouche.

Yon ti tan apre Mari fin retounen lakay li, Elizabèt akouche. Se pa ti kontan moun yo kontan poutèt akouchman an byen pase e poutèt Elizabèt ak tibebe a an sante! Lè Elizabèt montre vwazen l ak fanmi l pitit la, yo tout rejwi avè l.

Ann Izrayèl, sou uityèm jou apre yon tigason fin fèt, yo te dwe sikonsi l selon Lwa Bondye te bay la. Nan okazyon sa a, gen zanmi ak fanmi ki deplase pou yo vin vizite tibebe a ak paran l. Moun ki vin lakay Elizabèt yo di yo dwe bay tigason an menm non ak papa l, Zekarya. Elizabèt fè konnen li pa dakò. Li di: “Non. Se Jan l ap rele.” Èske w pa sonje se non sa a zanj Gabriyèl te di pou yo bay pitit la?

Sepandan, zanmi Elizabèt yo pa dakò. Yo di: “Men pa gen okenn moun nan fanmi w ki gen non sa a.” Apre sa, yo fè siy pou yo mande papa a ki jan li ta renmen rele tibebe a. Zekarya mande pou yo pote yon ti tablo ba li, li ekri: “Se Jan ki non l.” Lè sa a, tout moun sezi.

Menm kote a, yon mirak fèt. Zekarya rekòmanse pale. Èske w pa sonje se paske li te montre li pa t kwè zanj Gabriyèl, lè l te anonse l Elizabèt t ap fè yon pitit gason, ki fè li te pèdi lapawòl? Lè Zekarya kòmanse pale, tout moun nan vwazinaj la sezi, e yo t ap mande tèt yo: “Ki sa tipitit sa a ap ye?”

Kounye a, Zekarya ranpli ak lespri sen, li kontan anpil, l ap di: “Benediksyon pou Jewova, Bondye Izrayèl la, paske li vire gade pèp li a pou l delivre l. Li fè yon kòn parèt nan kay David, sèvitè l la, yon kòn k ap pote delivrans pou nou.” Natirèlman, kòn sa a “k ap pote delivrans” lan se Seyè Jezi ki pral fèt nan yon ti tan. Zekarya di se grasa Jezi Bondye ap “ban nou privilèj, lè nou fin delivre anba men ènmi yo, pou nou ba li yon sèvis sakre san kè sote, avèk fidelite e nan ladwati, e pou nou fè sa devan l chak jou”.

Ansuit, Zekarya pwofetize konsènan pitit gason l lan, Jan. Li di: “Men, kanta pou ou, pitit mwen, y ap rele w pwofèt Trèwo a, paske ou pral mache devan Jewova pou w prepare wout li pou li, pou w fè pèp li konnen sa yo rele delivrans lè peche yo padone, grasa kè sansib Bondye nou an genyen. Grasa sa, gen yon limyè k ap sot anwo k ap vin vizite nou. L ap klere tankou douvanjou pou l bay moun ki chita nan fènwa yo, nan lonbray lanmò yo, limyè, e pou l fè nou mache nan chemen lapè.”

Nan menm epòk sa a, Mari ki poko marye rive lakay li Nazarèt. Ki sa k pral rive l lè moun yo wè l ansent? Lik 1:56-80; Levitik 12:2, 3.

▪ Konbyen tan Jan gen anplis Jezi?

▪ Ki sa k rive lè Jan gen uit jou?

▪ Ki jan Bondye vire gade pèp li a?

▪ Ki travay yo anonse Jan pral fè?