Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Moun tande vwa Bondye yon twazyèm fwa

Moun tande vwa Bondye yon twazyèm fwa

Chapit 104

Moun tande vwa Bondye yon twazyèm fwa

PANDAN Jezi nan tanp lan, li enkyete anpil konsènan lanmò k ap tann li nan yon ti tan. Prensipal sousi li genyen gen rapò ak fason yo pral sal repitasyon Papa l, se poutèt sa li di Papa l nan yon priyè: “Papa, glorifye non w.”

Lè sa a, gen yon vwa pisan ki sot nan syèl la, ki di: “Mwen te glorifye l e m ap glorifye l ankò.”

Foul moun ki kanpe la yo pa rive konprann sa k pase a. Gen moun ki di: “Se yon zanj ki pale avè l.” Gen lòt ki di se loray ki gwonde. Men anfèt, se Jewova Dye ki pale! Sepandan, se pa premye fwa moun tande vwa Bondye anrapò ak Jezi.

Nan moman batèm Jezi, sa gen twazan edmi, Jan ki te konn batize moun nan te tande Bondye di konsènan Jezi: “Men Pitit Gason m nan, pitit mwen renmen anpil la, li menm mwen apwouve a.” Apre sa, yon ti tan apre dènye fèt Pak la, lè aparans Jezi te chanje devan Jak, Jan ak Pyè, yo te tande Bondye di: “Se Pitit Gason m, Pitit mwen renmen anpil la, li menm mwen apwouve a. Koute l.” E kounye a, 10 Nizan, kat jou anvan Jezi mouri, sa fè twazyèm fwa moun tande vwa Bondye ankò. Men fwa sa a, lè Jewova pale a, anpil moun tande!

Jezi di: “Se pa pou mwen vwa sa a pale, men se pou nou.” Vwa sa a montre Jezi se vrèman Pitit Bondye a, Mesi li te pwomèt la. Apre sa, Jezi di: “Kounye a, jijman monn nan ap fèt. Kounye a, yo pral mete chèf monn nan deyò.” Annefè, vi fidèl Jezi te mennen an montre Satan Ledyab, chèf monn nan, merite pou yo mete l “deyò”, sètadi pou yo detwi l.

Jezi montre konsekans lanmò l k ap pwoche a genyen, li di: “Epoutan, lè yo leve m anlè sou tè a, m ap rale tout kalite moun vin jwenn mwen.” Lanmò Jezi pa yon echèk ditou, paske grasa lanmò l, l ap rale moun vin jwenn li pou yo ka gen lavi ki pap janm fini an.

Men, foul la reponn li: “Lalwa fè nou konnen Kris la ap la pou toutan. Kòman w fè di yo dwe leve Pitit lòm nan anlè? Kiyès Pitit lòm sa a ye?”

Malgre tout prèv moun yo genyen, san wete vwa Bondye yo sot tande a, pifò nan yo pa kwè Jezi se Pitit lòm nan toutbonvre oubyen Mesi Bondye te pwomèt la. Epoutan, jan Jezi te fè nan fèt Tabènak yo, sa gen sis mwa, li pale de tèt li ankò antanke “limyè a”, e pou l ankouraje moun k ap koute l yo, li di: “Pandan nou gen limyè a, demontre nou gen lafwa nan limyè a, pou nou ka vin pitit limyè.” Apre Jezi fin di pawòl sa yo, l al kache, sandout se paske vi l an danje.

Lefètke Juif yo pa gen lafwa nan Jezi, sa akonpli pawòl Izayi yo lè l te di: ‘Pèp la pa wè nan je yo e kè yo vin di, sa fè yo pa kase tèt tounen pou yo ta geri.’ Nan yon vizyon, Izayi te wè kote Jewova ye nan syèl la, e li te wè Jewova ansanm ak Jezi ki nan glwa li anvan l te vin sou tè a. Epoutan, Juif yo akonpli sa Izayi te di a, lefètke yo fè rebèl lè yo rejte prèv ki montre Jezi se Moun Bondye te pwomèt k ap ba yo delivrans lan.

Yon lòt bò, menm pami chèf yo (sanble se manm tribinal siprèm Juif yo, anpalan de Sanedren an) gen anpil ki mete lafwa nan Jezi. Nikodèm ak Jozèf moun Arimate se de nan chèf sa yo. Men, omwen pou kounye a, chèf yo pa deklare lafwa yo gen nan Jezi, paske yo pè pou yo pa pèdi pozisyon yo nan sinagòg la. Moun sa yo pèdi anpil bagay!

Annapre, Jezi fè remake: “Moun ki mete lafwa nan mwen, se pa nan mwen sèlman li mete lafwa, men li mete lafwa nan sila a ki voye m nan tou. E moun ki wè m wè sila a ki voye m nan tou [...]. Men, si yon moun tande pawòl mwen e li pa obeyi yo, mwen pap jije l. Paske, mwen pa vini pou m jije monn nan, men mwen vini pou m sove monn nan [...]. Se pawòl mwen di k ap jije l nan dènye jou a.”

Lanmou Jewova gen pou lèzòm pouse l voye Jezi sou tè a dekwa pou moun ki met lafwa nan li ka sove. Sa k ap pèmèt yon moun sove se si li obeyi enstriksyon Bondye bay Jezi pou l di yo. Jijman an ap fèt “nan dènye jou a” pandan Rèy mil an Kris la.

Alafen, Jezi di: “Mwen pa pale selon mwen menm, men Papa a ki voye m nan ban m lòd sou sa pou m di ak sa pou m anseye. Epitou, mwen konnen lòd li bay ap pèmèt moun jwenn lavi ki pap janm fini an. Se sa k fè, bagay mwen di yo, jan Papa a di m yo, se konsa m di yo.” Jan 12:28-50; 19:38, 39; Matye 3:17; 17:5; Izayi 6:1, 8-10.

▪ Site twa okazyon kote moun te tande vwa Bondye anrapò ak Jezi.

▪ Ki jan pwofèt Izayi te wè glwa Jezi?

▪ Ki chèf sa yo ki mete lafwa nan Jezi, e poukisa yo pa fè konn sa aklè?

▪ Ki sa “dènye jou a” ye, e sou ki baz y ap jije moun yo lè sa a?