Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Nesesite pou yon moun priye e pou l gen imilite

Nesesite pou yon moun priye e pou l gen imilite

Chapit 94

Nesesite pou yon moun priye e pou l gen imilite

SA PA gen twò lontan, pandan Jezi te Jide, li te bay yon egzanp sou enpòtans pou yon moun pèsevere nan lapriyè. Kounye a, pandan l ap fè dènye vwayaj li Jerizalèm, li pale ankò sou nesesite pou yon moun pa sispann priye. Sanble Jezi toujou nan Samari oswa nan Galile lè l bay disip li yo yon lòt egzanp. Li di:

“Gen yon vil ki te gen yon jij ki pa t gen lakrentif pou Bondye e ki pa t gen respè pou moun. Nan vil sa a tou, te gen yon vèv ki pa t sispann al kot jij la pou l di l: ‘Fè yon fason pou m jwenn jistis kont advèsè mwen nan jijman avè l la.’ Ebyen, pandan yon tan, jij la pa t vle. Men, apre sa, li di tèt li: ‘Byenke mwen pa gen lakrentif pou Bondye, ni mwen pa gen respè pou moun, men kòm vèv sa a pa sispann nui m, m ap fè yon fason pou l jwenn jistis, dekwa pou l pa nui m jis mwen about.’”

Apre sa, Jezi montre leson ki gen nan istwa li sot rakonte a, li di: “Tande sa jij la di, byenke li se yon moun ki enjis! E Bondye menm, èske li pap fè moun li chwazi yo k ap rele nan pye l lajounen kou lannuit yo jwenn jistis, toutpandan l ap pran pasyans avèk yo?”

Jezi pa vle di Jewova Dye tankou jij enjis sa a ditou. Okontrè, li vle di si menm yon jij ki enjis ap bay yon moun ki kole nan kò l sa l mande, nou pa bezwen mande si Bondye ki jis e ki bon ap reponn priyè moun k ap sèvi l yo si yo pa sispann priye l. Se poutèt sa Jezi di ansuit: “M ap di nou sa: [Bondye] ap fè yo jwenn jistis byen vit.”

Anpil fwa, moun ki ba yo ak moun ki malere yo pa jwenn jistis, alòske byen souvan se moun ki gen pouvwa ak moun ki rich yo favorize. Sepandan, nonsèlman Bondye ap veye pou moun ki mechan yo jwenn pinisyon yo merite, men tou l ap veye pou sèvitè l yo jwenn jistis, sètadi pou yo jwenn lavi ki pap janm fini an. Men, konbyen moun ki kwè vre Bondye ap fè yo jwenn jistis byen vit?

Pou Jezi pale de lafwa yon moun ta dwe genyen nan pouvwa lapriyè, li mande: “Lè Pitit lòm nan vini, èske vrèman l ap jwenn moun sou tè a ki gen yon lafwa konsa?” Byenke Jezi pa reponn kesyon an, sa sanble montre se pa anpil moun ki t ap gen yon lafwa konsa lè Kris vini antanke Wa nan Wayòm nan.

Pami moun k ap koute Jezi yo, genyen ki santi yo fyè anpil pou lafwa yo genyen. Yo gen konviksyon yo jis, e yo meprize lòt moun. Petèt, menm pami disip Jezi yo gen moun ki konsa. Se poutèt sa se pou moun sa yo li bay egzanp ki vin apre a. Li di:

“Gen de mesye ki te monte nan tanp lan pou y al priye: youn se te yon Farizyen, e lòt la se te yon pèseptè. Farizyen an kanpe e li kòmanse priye nan kè l, li di: ‘O Bondye, mwen di w mèsi dèske mwen pa tankou lòt moun yo, yon bann moun ki dechèpiyè, ki enjis, ki nan adiltè, oubyen ankò m pa tankou pèseptè sa a. Mwen fè jèn de fwa pa semèn, mwen bay yon dizyèm nan tout bagay mwen vin genyen.’”

Repitasyon Farizyen yo genyen sèke yo renmen fè wè yo jis pou yo ka enpresyone moun. Jou yo pran pou yo fè jèn se lendi ak jedi, e yo veye pou yo peye yon dizyèm nan tout ti epis ki sot nan jaden yo. Sa gen kèk mwa, pandan fèt Tabènak yo, yo te montre jan yo te meprize moun ki nan pèp la lè yo te di: “Bann moun sa yo ki pa konn Lalwa a, [sètadi fason Farizyen yo entèprete Lalwa,] se yon bann moun modi.”

Jezi kontinye bay egzanp lan, li pale de youn nan moun yo konsidere kòm moun ki “modi”. Li di: “Men, pèseptè a te kanpe a distans, li pa t menm vle leve je l gade syèl la, li pa t sispann frape lestomak li, li t ap di: ‘O Bondye, gen pitye pou mwen. Mwen se yon pechè.’” Poutèt pèseptè a rekonèt mankman li yo avèk imilite, Jezi di: “M ap di nou sa: Mesye sa a desann lakay li pi jis nan je Bondye pase lòt la. Paske, nenpòt moun ki glorifye tèt li, y ap rabese l, e nenpòt moun ki rabese tèt li, y ap glorifye l.”

Konsa, Jezi atire atansyon ankò sou nesesite pou yon moun gen imilite. Etandone disip Jezi yo leve nan yon sosyete kote Farizyen yo ki panse yo jis gen anpil enfliyans e kote moun yo toujou bay pozisyon ak ran enpòtans, li pa etonan pou sa gen efè menm sou disip Jezi yo. Men, ala bèl leson Jezi anseye sou imilite! Lik 18:1-14; Jan 7:49.

▪ Poukisa jij ki enjis la fè vèv la jwenn sa l mande a, e ki leson ki gen nan egzanp Jezi a?

▪ Ki kalite lafwa Jezi ap chèche lè l vini?

▪ Pou kiyès Jezi bay egzanp konsènan Farizyen an ak pèseptè a?

▪ Ki atitid Farizyen yo genyen nou dwe evite?