Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pak mouton yo ak Bèje a

Pak mouton yo ak Bèje a

Chapit 80

Pak mouton yo ak Bèje a

JEZI vin Jerizalèm pou fèt Dedikas la, oubyen Anouka, yon fèt yo selebre poutèt yo te dedye Jewova tanp lan yon lòt fwa ankò. Anviwon 200 an anvan sa, nan ane 168 anvan epòk nou an, Antyokis IV Epifàn te pran Jerizalèm e li te pwofane tanp lan ak lotèl la. Sepandan, twazan apre, Juif yo te repran Jerizalèm e yo te dedye Jewova tanp lan ankò. Depi lè sa a, chak ane, yo selebre fèt Dedikas la.

Yo fete fèt Dedikas la chak 25 Kislèv, yon mwa nan kalandriye juif la ki koresponn ak dezyèm mwatye mwa novanm ansanm ak premye mwatye mwa desanm nan almanak nou gen nan epòk nou an. Se sa k fè se sèlman yon tikras plis pase san jou ki rete pou fèt Pak ane 33 epòk nou an rive, yon fèt moun pa ka bliye. Poutèt li fè frèt nan moman sa a, apot Jan rele l “sezon fredi”.

Kounye a, Jezi bay yon egzanp kote li mansyone twa pak mouton ak wòl li jwe antanke bon Bèje a. Premye pak mouton li pale de li a gen rapò ak alyans Lwa Moyiz la. Lwa sa a te sèvi kòm lantouray ki separe Juif yo ak pratik kòwonpi moun ki pa t nan alyans espesyal sa a Juif yo te genyen ak Bondye a t ap fè. Men esplikasyon Jezi bay: “Anverite m ap di nou sa: Yon moun ki pa pase nan pòt la pou l antre nan pak mouton an, men ki grenpe yon lòt kote pou l pase, moun sa a se yon vòlè e se yon dechèpiyè. Men, moun ki pase nan pòt la pou l antre a, se li ki bèje mouton yo.”

Gen lòt moun ki te vini e ki te pretann se yo menm ki Mesi a oubyen Kris la, men se pa yo menm ki vrè bèje Jezi ap pale de li a. Li di: “Moun k ap veye pòt la ouvri pou li, e mouton yo koute vwa l. Li rele mouton l yo nan non yo, e li mennen yo deyò. [...] Yo pap janm suiv yon etranje. Okontrè, y ap kouri pou li, paske yo pa konn vwa etranje.”

‘Moun ki t ap veye pòt’ premye pak mouton an se te Jan ki te konn batize moun nan. Antanke moun ki t ap veye pòt la, Jan te “ouvri pou” Jezi lè l te fè moun ki tankou mouton yo rekonèt se Jezi ki t ap mennen yo nan patiraj yo. Jezi rele mouton sa yo nan non yo e li mennen yo deyò, e apre sa l ap mete yo nan yon lòt pak mouton. Men esplikasyon li bay: “Anverite m ap di nou sa: Mwen se pòt pou mouton yo pase a”, sa vle di, pòt yon nouvo pak mouton. Lè Jezi fè nouvo alyans lan ak disip li yo e li vide lespri sen sou yo nan fèt Pannkòt la detan l nan syèl la, li mete yo nan nouvo pak sa a.

Pou Jezi bay plis esplikasyon sou wòl li jwe, li di: “Mwen se pòt la. Kèlkeswa moun ki pase nan mwen pou l antre ap sove. L ap antre, l ap soti, e l ap jwenn patiraj.[...] Mwen menm mwen vini pou moun yo ka gen lavi, e pou yo ka genyen l nètale. [...] Mwen se bon bèje a, mwen konnen mouton m yo e mouton m yo konnen m, menm jan Papa a konnen m e mwen konnen Papa a. E mwen bay lavi m pou mouton yo.”

Pa gen twò lontan, Jezi te ankouraje disip li yo lè l te di: “Nou pa bezwen pè, nou menm ti twoupo a, paske Papa nou twouve li bon pou li ban nou wayòm nan.” Ti twoupo sa a, ki t ap vin gen 144 000 mouton, vin antre nan nouvo pak mouton sa a, sètadi dezyèm nan. Men apre sa, Jezi fè remake: “Mwen gen lòt mouton ki pa nan pak sa a. Yo menm tou, fòk mwen vin avèk yo, y ap tande vwa m, e yo tout ap vin yon sèl twoupo ki gen yon sèl bèje.”

Piske “lòt mouton” yo “pa nan pak sa a”, yo dwe nan yon lòt pak, sètadi twazyèm nan. De dènye pak mouton sa yo pa gen menm bagay ki rezève pou yo. “Ti twoupo a” ki nan youn nan pak yo pral dirije ak Kris nan syèl la, e “lòt mouton” yo ki nan lòt pak la pral viv nan Paradi a sou tè a. Epoutan, malgre mouton yo nan de pak diferan, pa gen ni jalouzi ni prejije nan mitan yo, paske, selon sa Jezi di: “Yo tout ap vin yon sèl twoupo ki gen yon sèl bèje.”

Jezi Kris, bon Bèje a, dispoze bay vi l pou toule de pak mouton yo. Li di: “Se mwen menm ki deside bay li poukont mwen. Mwen gen dwa pou m bay li, e mwen gen dwa pou m jwenn li ankò. Kòmandman sa a, se Papa m ki ban mwen l.” Lè Jezi di sa, vin gen yon divizyon nan mitan Juif yo.

Anpil moun nan foul la di: “Li gen yon demon sou li, li fou. Poukisa n ap koute l?” Men, gen lòt ki reponn: “Pawòl sa yo se pa pawòl yon moun ki gen demon sou li.” Sanble sa yo di apre a gen rapò ak lè Jezi te geri yon mesye ki te fèt tou avèg sa gen kèk mwa, paske yo di: “Èske yon demon ka fè moun ki avèg wè?” Jan 10:1-22; 9:1-7; Lik 12:32; Revelasyon 14:1, 3; 21:3, 4; Sòm 37:29.

▪ Ki sa fèt Dedikas la ye, e ki lè yo fete l?

▪ Ki sa premye pak mouton an ye, e kiyès k ap veye pòt pak sa a?

▪ Ki jan moun k ap veye pòt la ouvri pou Bèje a, e nan ki sa yo te mete mouton yo apre sa?

▪ Kiyès ki nan de pak bon Bèje a, e konbyen twoupo yo vin tounen?