Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pandan li nan fèt Tabènak yo

Pandan li nan fèt Tabènak yo

Chapit 66

Pandan li nan fèt Tabènak yo

JEZI gen prèske twazan depi l batize, e pandan tan sa a, anpil moun vin konnen l. Plizyè milye moun wè mirak li fè yo, e yo pale de aktivite l nan tout peyi a. Kounye a, kòm moun yo reyini nan Jerizalèm pou fèt Tabènak yo, yo kòmanse chèche l, y ap mande: “Kote mesye a?”

Gen yon bann diskisyon k ap fèt sou Jezi. Gen moun ki di: “Li se yon bon moun.” Gen lòt ki di: “Se pa vre, se twonpe l ap twonpe foul la.” Gen anpil pawòl konsa k ap pale anba anba nan kòmansman fèt la, nan premye jou yo. Epoutan, pèsonn pa gen kouraj pou yo pale aklè an favè Jezi. Rezon an se paske moun yo pè pou chèf relijye juif yo pa pini yo.

Jezi rive nan mitan fèt la. Li monte nan tanp lan, moun yo sezi wè kapasite estrawòdinè li genyen pou l anseye. Piske Jezi pa janm al nan lekòl anseyan relijye juif yo, Juif yo ap mande: “Kòman mesye sa a fè gen konesans sa a alòske li pa t fè etid li nan lekòl yo?”

Men esplikasyon Jezi bay: “Sa m ap anseye a se pa pawòl pa m, men se pawòl sila a ki voye m nan. Si yon moun vle fè volonte Bondye, moun sa a ap konnen si sa m ap anseye a soti nan Bondye, oswa si se pawòl pa m m ap pale.” Se sou lwa Bondye a ansèyman Jezi a chita. Se poutèt sa li ta dwe klè pou tout moun se Bondye Jezi ap chèche bay glwa, se pa tèt pa l. Jezi mande: “Moyiz te ban nou Lalwa, pa vre?” Pou l reprimande moun k ap koute l yo, li di: “Nou youn pa obeyi Lalwa.”

Apre sa, Jezi mande: “Poukisa n ap chèche touye m?”

Moun ki nan foul la, petèt ki sot lòt kote pou vin nan fèt la, pa konnen si gen moun k ap chèche touye Jezi. Yo pa konprann poukisa yon moun ta vle touye yon anseyan estrawòdinè konsa. Se poutèt sa yo kwè Jezi dwe gen yon pwoblèm ki fè l panse konsa. Yo di: “Ou gen yon demon sou ou! Kiyès ki dèyè touye w la?”

Chèf relijye juif yo vle touye Jezi, e sanble foul la pa konprann sa. Lè Jezi te geri yon mesye jou saba a, sa gen ennan edmi, chèf relijye yo te eseye touye l. Se poutèt sa, kounye a, pou Jezi montre jan yo pa rezonab, li mande yo: “Si nou sikonsi yon moun jou saba dekwa pou nou pa vyole lwa Moyiz la, poukisa nou fache anpil konsa kont mwen poutèt mwen geri yon moun byen geri yon jou saba? Sispann jije dapre sa nou wè, men jije yon fason ki jis.”

Kèk moun ki abite Jerizalèm konnen gen moun k ap chèche touye Jezi, yo di: “Se pa mesye y ap chèche touye a? Gade l ap pale devan tout moun, yo pa di l anyen. Genlè se toutbon chèf yo vin konnen se li ki Kris la!” Men sa moun sa yo ki abite Jerizalèm di pou esplike rezon ki fè yo pa kwè se Jezi ki Kris la: “Nou konnen ki kote mesye sa a soti. Tandiske lè Kris la vini, pèsonn pap konnen ki kote l soti.”

Jezi reponn: “Nou konnen m e nou konnen kote m soti. Anplis de sa, se pa mwen menm poukont mwen ki te deside vini, men moun ki voye m nan egziste reyèlman, e nou pa konnen l. Mwen konnen l, paske mwen sot bò kote l antanke reprezantan l, e se li ki voye m.” Lè sa a, yo eseye met men sou Jezi, petèt pou yo mete l nan prizon oswa pou yo touye l. Men, yo pa t reyisi paske lè l potko rive pou l mouri.

Sepandan, anpil moun mete lafwa nan Jezi, e yo gen rezon fè sa. Anfèt, li mache sou dlo, li kalme van, li fè lanmè sispann move, li fè mirak ak kèk pen ak pwason pou l bay plizyè milye moun manje, li geri malad, li fè moun ki bwete mache dwat, li ouvè je avèg, li geri moun ki gen lèp, e li menm leve moun mouri. Se poutèt sa yo mande: “Lè Kris la vini, èske l ap reyalize plis siy pase mesye sa a?”

Lè Farizyen yo tande foul la ap pale anba anba sou bagay sa yo, yo menm ak prèt an chèf yo voye gad al arete Jezi. Jan 7:11-32.

▪ Ki lè Jezi rive nan fèt la, e ki sa moun yo ap di sou li?

▪ Kòman fè gen kèk moun ki di Jezi gen yon demon sou li?

▪ Ki jan kèk moun ki abite Jerizalèm konsidere Jezi?

▪ Poukisa anpil moun mete lafwa nan Jezi?