Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pen ak ledven

Pen ak ledven

Chapit 58

Pen ak ledven

GEN gwo foul moun ki vide sou Jezi nan Dekapòl la. Anpil nan yo sot byen lwen pou yo vin nan zòn sa a ki gen anpil moun ki pa Juif, dekwa pou yo koute Jezi e pou l geri maladi yo genyen. Yo vin ak gwo pànye yo konn itilize pou yo pot pwovizyon lè y ap vwayaje nan zòn ki gen moun ki pa Juif.

Men, rive yon lè, Jezi rele disip li yo, li di yo: “Mwen gen pitye pou foul la, paske sa deja fè twa jou depi yo ansanm avè m e yo pa gen anyen pou yo manje. Si mwen voye yo al lakay yo tou grangou, y ap tonbe feblès nan wout la. Paske, gen kèk ladan yo ki soti byen lwen.”

Disip yo mande: “Nan zòn izole sa a, ki kote yon moun ap jwenn pen pou l bay moun sa yo manje vant plen?”

Lè sa a, Jezi mande yo: “Konbyen pen nou gen la a?”

Yo reponn: “Sèt pen ak kèk ti pwason.”

Jezi bay lòd pou fè moun yo chita atè, li pran pen yo ak pwason yo, li priye Bondye, li kase yo, e li lonje yo bay disip li yo. Disip yo sèvi moun yo, e yo tout manje vant plen. Apre sa, lè yo pran rès ki rete yo, yo plen sèt gwo pànye, epoutan te gen anviwon 4 000 gason ki te manje, san konte fi ak timoun piti!

Jezi voye foul moun yo ale, epi li monte nan yon bato ak disip li yo, e li travèse sou kòt lwès lanmè Galile. Se la a Farizyen yo eseye teste Jezi lè yo mande l pou l fè yo wè yon siy ki sot nan syèl la, e fwa sa a yo vin ak moun ki fè pati sèk Sadiseyen yo.

Kòm Jezi konnen se teste y ap chèche teste l, li reponn yo: “Lè aswè rive, nou abitye di: ‘Tan an ap bèl, paske syèl la wouj kou dife.’ E nan maten, nou di: ‘Jodi a l ap fè frèt e l ap fè lapli, paske syèl la wouj kou dife, men li sonm.’ Nou konn ki jan pou nou entèprete fason syèl la ye, men nou pa ka entèprete siy tan yo.”

Apre sa, Jezi di yo yo se yon jenerasyon ki mechan e ki pa fidèl anvè Bondye, e li fè yo konnen, jan l te di Farizyen yo anvan, li pap ba yo okenn siy, eksepte sa k te rive Yona a. Apre sa, li menm ak disip li yo ale, yo monte yon bato e yo pran direksyon Betsayida ki sou kòt nòdès lanmè Galile. Pandan yo nan wout, disip yo rann yo kont yo bliye pote pen. Yo te gen sèlman yon pen.

Kòm Jezi sonje rankont li fèk gen ak Farizyen yo ak Sadiseyen yo ki patizan Ewòd, li avèti disip li yo, li di yo: “Ouvri je nou epi fè atansyon ak ledven Farizyen yo ak ledven Ewòd la.” Sanble, lè Jezi pale de ledven an, sa fè disip yo panse l ap pale de bliye yo bliye pote pen, e yo kòmanse fè diskisyon youn ak lòt sou sa. Jezi rann li kont yo pa byen konprann sa l di a, li di yo: “Poukisa n ap fè diskisyon poutèt nou pa pote pen?”

Sa pa gen twò lontan, Jezi te fè yon mirak pou l bay plizyè milye moun pen pou yo manje, sanble li te fè dènye mirak sa a sèlman youn oubyen de jou anvan sa. Disip li yo ta dwe konprann li pa enkyete l poutèt yo pa gen pen nan yon sans literal. Men sa li raple yo: “Nou pa sonje? Lè m te kase senk pen pou 5 000 gason yo, konbyen pànye nou te plen ak rès ki te rete yo?”

Yo reponn: “Douz.”

Li di: “E lè m te kase sèt pen pou 4 000 gason yo, ki kantite gwo pànye nou te plen ak rès ki te rete yo?”

Yo reponn: “Sèt.”

Li mande yo: “Nou poko konprann toujou?” Epi li di: “Kòman nou fè pa rive konprann se pa de pen mwen t ap pale nou? Mwen di nou sa: Veye kò nou ak ledven Farizyen yo ansanm ak ledven Sadiseyen yo.”

Finalman, disip yo rive konprann sa Jezi te vle di a. Piske ledven se yon bagay ki ka fè pat gonfle e ki ka fè pen leve, se yon mo ki te gen rapò ak koripsyon. Se sa k fè kounye a disip yo konprann se yon senbòl Jezi itilize, li avèti yo pou yo veye kò yo ak “ansèyman Farizyen yo ak Sadiseyen yo”, ansèyman ki ka kòwonp moun. Mak 8:1-21; Matye 15:32–16:12.

▪ Poukisa moun yo vini ak gwo pànye?

▪ Apre Jezi kite Dekapòl la, ki vwayaj li fè nan bato?

▪ Ki sa disip Jezi yo pa rive konprann lè l te pale konsènan ledven?

▪ Selon Jezi, ki sa ekspresyon “ledven Farizyen yo ansanm ak ledven Sadiseyen yo” vle di?