Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pilat voye l bay Ewòd, apre sa Ewòd voye l tounen

Pilat voye l bay Ewòd, apre sa Ewòd voye l tounen

Chapit 122

Pilat voye l bay Ewòd, apre sa Ewòd voye l tounen

BYENKE Jezi pa kache Pilat li se yon wa, li fè l konprann Wayòm li an pa yon menas pou Wòm. Men sa l di: “Wayòm mwen an pa fè pati monn sa a. Si wayòm mwen an te fè pati monn sa a, sèvitè m yo t ap goumen pou yo pa livre m bay Juif yo. Men vwala, se pa la wayòm mwen an soti.” Konsa, an twa fwa, Jezi fè konnen li gen yon Wayòm, byenke se pa yon Wayòm ki sou tè a.

Malgre sa, Pilat ensiste plis toujou. Li di l: “Ebyen, ou se yon wa?” Nan yon sans, li mande l: Èske w se yon wa, byenke Wayòm ou an pa fè pati monn sa a?

Jezi fè Pilat konnen sa l konprann nan se sa. Li di l: “Se ou menm ki di mwen se yon wa. Men poukisa mwen fèt, e men poukisa mwen vini nan monn nan: pou m bay temwayaj sou laverite. Tout moun ki pou laverite koute vwa mwen.”

Wi, vrè rezon ki fè Jezi vin sou tè a se pou l bay temwayaj sou “laverite”, sitou laverite konsènan Wayòm li an. Jezi deside kontinye respekte verite sa a, menmsi sa fè l pèdi lavi l. Byenke Pilat mande l: “Sa k laverite a?”, li pa tann Jezi reponn. Li gen ase enfòmasyon pou l pran yon desizyon.

Pilat soti ankò al jwenn foul moun yo k ap tann deyò palè a. Sanble li soti avèk Jezi bò kote l, li di prèt an chèf yo ak moun ki te ansanm avèk yo: “Mwen pa jwenn anyen mal nan mesye sa a.”

Desizyon l pran an fè foul moun yo vin an kòlè, yo kòmanse ap di: “Li monte tèt pèp la ak ansèyman l simaye nan tout Jide, kòmanse Galile pou rive isit la.”

Juif yo tèlman fanatik, yo pa tande yo pa wè! Pilat sezi wè sa. Se sa k fè, pandan prèt an chèf yo ak ansyen yo kontinye ap rele byen fò, Pilat vire gade Jezi, li di l: “Ou pa tande tout kantite bagay y ap di sou ou?” Men, Jezi pa reponn. Pilat sezi wè jan li rete kalm devan akizasyon yo lage sou do l avèk mechanste.

Lè Pilat aprann Jezi se moun Galile, li wè yon mwayen pou l retire kò l anba chay sa a. Ewòd Antipas (pitit Ewòd Legran), gouvènè Galile a, te vin Jerizalèm pou fèt Pak la, konsa, Pilat voye Jezi ba li. Kèk tan anvan sa, Ewòd Antipas te fè koupe tèt Jan ki te konn batize moun nan, men ansuit, lè Ewòd tande pale de mirak Jezi ap fè yo, li pè pou Jezi se pa Jan ki leve sot nan lanmò.

Kounye a, Ewòd kontan anpil poutèt li pral rankontre ak Jezi. Se pa paske li gen sousi pou Jezi ki fè li ta renmen wè l, oubyen paske li ta renmen konnen si akizasyon yo lage sou do Jezi yo se laverite ou non. Okontrè, li jis ta renmen wè Jezi fè yon mirak devan l.

Sepandan, Jezi refize fè sa Ewòd ta renmen l fè a. Anfèt, toutpandan Ewòd ap poze l kesyon, li pa di yon mo. Kòm Ewòd pa jwenn sa l te vle a, li menm ak gad li yo pase Jezi nan rizib. Yo abiye l ak yon bèl rad pou pase l nan jwèt. Apre sa, li voye l tounen bay Pilat. Se konsa Ewòd ak Pilat, ki te ènmi, vin bon zanmi.

Lè Jezi retounen, Pilat fè rele prèt an chèf yo, chèf Juif yo ak pèp la, li di yo: “Nou mennen mesye sa a ban mwen kòm yon moun k ap pouse pèp la revòlte. Poutan, mwen poze l kesyon devan nou, men, mwen pa jwenn anyen ki pwouve akizasyon nou lage sou do l yo. An reyalite, Ewòd pa jwenn anyen nonplis, paske li voye l tounen ban nou. Tande! misye pa fè anyen ki merite lanmò. Konsa, m ap pini l epi m ap lage l.”

Kidonk, se dezyèm fwa Pilat deklare Jezi inosan. Li anvi lage l, paske li rann li kont se jalouzi ki fè prèt yo livre l ba li. Pandan Pilat kontinye ap chèche lage Jezi, li vin jwenn yon pi gwo rezon pou l fè sa. Detan l chita nan tribinal la, madanm li voye di l: “Pa mele nan zafè mesye sa a, li inosan. Paske, jodi a mwen reve l, e rèv sa a [sandout se Bondye ki fè l fè l] boulvèse m anpil.”

Men, ki jan Pilat ka rive lage inosan sa a, jan l konnen li ta dwe fè sa? Jan 18:36-38; Lik 23:4-16; Matye 27:12-14, 18, 19; 14:1, 2; Mak 15:2-5.

▪ Ki jan Jezi reponn kesyon yo poze l konsènan pozisyon l antanke Wa?

▪ “Laverite” Jezi te pase vi l sou tè a ap bay temwayaj sou li a, ki sa l ye?

▪ Ki desizyon Pilat pran, ki jan pèp la reyaji, e ki sa Pilat fè ak Jezi?

▪ Kiyès Ewòd Antipas ye, poukisa li kontan wè Jezi anpil, e ki sa l fè avè l?

▪ Poukisa Pilat anvi lage Jezi?