Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Premye disip Jezi yo

Premye disip Jezi yo

Chapit 14

Premye disip Jezi yo

APRE Jezi fin pase 40 jou nan dezè a, li retounen vin jwenn Jan, moun ki te batize l la. Pandan l ap pwoche kot Jan, sanble Jan lonje dwèt sou li epi li di moun ki la yo: “Gade, men Timouton Bondye a k ap retire peche monn nan! Se de li m t ap pale lè m te di: Gen yon moun k ap vini apre m ki pran devan m, paske li te egziste anvan m.” Byenke Jan pi gran pase kouzen l, Jezi, li konnen Jezi te egziste anvan l antanke yon espri nan syèl la.

Sepandan, kèk semèn anvan sa, lè Jezi te vin batize, sanble Jan pa t sèten se Jezi ki Mesi a. Jan admèt sa lè li di: “Menm mwen menm mwen pa t konnen l, men, rezon ki fè mwen vin batize moun nan dlo a se pou Izrayèl te ka vin konnen l aklè.”

Annapre, Jan esplike moun k ap koute l yo sa k te pase lè Jezi te batize, li di yo: “Mwen wè lespri a desann sot nan syèl la sou fòm yon pijon, e li rete anlè tèt li. Menm mwen menm mwen pa t konnen l, men Sila a ki voye m batize moun nan dlo a te di m: ‘Sou moun ou wè lespri a desann e li rete anlè tèt li a, se li menm k ap batize moun nan lespri sen an.’ E mwen wè sa, e mwen fè konnen aklè moun sa a se Pitit Bondye.”

Nan demen, Jan kanpe ak de nan disip li yo. E pandan l ap gade Jezi k ap vini, li di: “Men Timouton Bondye a!” Lè sa a, de disip Jan yo suiv Jezi. Youn nan yo se Andre, e sandout lòt la se moun ki rapòte evènman sa yo, li rele Jan tou. Selon enfòmasyon nou jwenn, Jan se kouzen Jezi, sanble se pitit Salome, sè Mari.

Pandan Jezi vire gade, li wè Andre ak Jan k ap suiv li, li mande yo: “Ki sa nou vle?”

Yo di l: “Rabi, kote w rete?”

Li di yo: “Vini, n a wè.”

Li anviwon katrè nan aprèmidi. Andre ak Jan pase rès jounen an ak Jezi. Annapre, Andre tèlman kontan, li kouri al jwenn frè l la ki rele Pyè. Li di l: “Nou jwenn Mesi a.” E li mennen Pyè bay Jezi. Petèt, se nan menm moman sa a, Jan jwenn frè l la Jak e li mennen l bay Jezi. Sepandan, Jan pa bay enfòmasyon pèsonèl sa a nan Evanjil li a, e sanble se konsa Jan ye.

Nan demen, Jezi rankontre Filip, moun Betsayida, vil kote Andre ak Pyè soti a. Jezi fè Filip envitasyon sa a: “Suiv mwen.”

Ansuit, Filip jwenn Natanayèl, ki rele Batèlmi tou. Filip di l: “Nou jwenn moun Moyiz te ekri sou li nan Lalwa a, moun Pwofèt yo te ekri sou li a: se Jezi, pitit Jozèf la, moun Nazarèt.” Natanayèl pa vle kwè, li di l: “Ki bon bagay ki ka soti Nazarèt?”

Filip di l: “Vini w a wè.” Pandan y ap vin jwenn Jezi, Jezi di Natanayèl: “Gade! Men yon vrè Izrayelit ki pa gen riz nan li ditou.”

Natanayèl di l: “Ki jan w fè konnen m?”

Jezi reponn li: “Mwen te wè w depi anvan Filip te rele w, lè w te anba pye fig frans lan.”

Lè Natanayèl tande sa, se pa ti sezi li sezi. Li di: “Rabi [ki vle di Anseyan], ou se Pitit Bondye a, ou se Wa Izrayèl.”

Jezi di l: “Paske m di w mwen te wè w anba pye fig frans lan, poutèt sa ou kwè? Ou gen pou w wè pi gwo bagay pase sa.” Apre sa, li di: “Anverite m ap di nou sa: N ap wè syèl la ouvè e n ap wè zanj Bondye yo k ap monte desann vin kot Pitit lòm nan.”

Yon ti tan apre sa, Jezi ak nouvo disip li yo kite vale Jouden an y al Galile. Jan 1:29-51.

▪ Kiyès premye disip Jezi yo ye?

▪ Ki jan yo prezante Pyè, e petèt Jak, bay Jezi?

▪ Ki sa k konvenk Natanayèl Jezi se Pitit Bondye?